Kesyon Moun Mande Anpil

  1. Èske kreyòl ayisyen an se youn lang?
  2. Ki kote lang kreyòl ayisyen an sòti?
  3. Èske kreyòl gen youn alfabè epi youn òtograf ofisyèl?
  4. Konbyen gramè kreyòl ki genyen?
  5. Ki peyi ki pale Kreyòl?
  6. Eske li posib pou nou ranplase mo "kreyòl" la ak youn lòt mo ki ta montre lang lan inik?
  7. Jiska ki pwen gouvènman, endistri ak lekòl Ayiti fonksyone an Kreyòl?
  8. Eske gen liv lekòl an Kreyòl?
  9. Eske gen youn "Akademi Kreyòl"?
  10. Ki pousantaj Ayisyen ki analfabèt nan Kreyol?
  11. Èske gen metòd espesyal pou ekri aksan fòs kreyòl ak tout òdinatè?

Èske kreyòl ayisyen an se youn lang?

Repons: Wi, KREYÒL AYISYEN se youn lang tankou tout lang.

KREYÒL AYISYEN se youn lang pou rezon sa yo:

1. Se youn sistèm kominikasyon ki fè pati karakteristik youn antite sosyal (Pèp ayisyen) nasyonal (AYITI) endepandan ki byen distenk (Diksyonè Larousse Compact, 1997 page 908). Sosyolojikman!

2. Se youn sistèm kominikasyon ki ranpli kat kondisyon syans lengwistik tabli kòm esansyèl pou defini youn lang kòmsadwa. Kondisyon sa yo se: fonoloji, mòfoloji, sentaks ak leksikoloji. Dapre prensip syans lengwistik la tou, ou jwenn tout karakteristik sa yo nan kreyòl la (Yves Déjean, Thèse de Doctorat en Linguistiques; La Linguistique: Que Sais-je, page 114). Lengwistikman!

3. Li gen youn estrikti, li gen youn gramè, li gen youn literati epi li gen youn gwoup sosyal ki sèvi ak li chak jou san pran souf (Que sais-je: La Linguistique, page 21). Syantifikman!

4. Nan pami prèske lòt 140 varyete kreyòl ki ekziste nan divès lòt peyi sou tè a, se sèl kreyòl AYITI a ki gen kat didantite kòm lang ofisyèl nan ONI (UN). Otorite nan lemond antye rekonèt kreyòl ayisyen kòm lang tankou nou kapab konfime sa nan Biwo Nasyonzini ki te asepte rapò UNESCO te soumèt li sou rechèch ki fèt vizavi kreyòl ayisyen an pou te klase lang nan kòm 35yèm lang entènasyonal ki pale nan lemond (Gade rapò UNESCO sou Ayiti pou àne 1981-82). Mondyalman!

5. Gramè kreyòl ayisyen pa menm jan ak okenn lòt lang ni lòt varyete kreyòl ki ekziste. Inivèsèlman!

6. KREYÒL se youn lang, paske se sa Konsititsyon peyi Repiblik AYITI tabli nan atik 5 la. Nasyonalman!

Tounen sou kesyon yo

Ki kote lang kreyòl ayisyen an sòti?

Repons: Nou poko konnen. Gen twa teyori ekspè yo pwopoze.

Teyori Plantasyon:
Gen lenguis ki di lang kreyòl la fèt nan plantasyon kolonyal akozde fason divès gwoup esklav yo ki pa te pale menm lang te oblije viv ant yomenm ansanm ak endyen yo. (Alfred Métreaux: 1958).

Teyori Maren Franse:
Sèten chèchè di kreyòl nou an kreye sou lanmè pandan vwayaj maren franse yo ki pa te pale franse " île de France" lan men ki te pale pika, pwatven,nòman elatriye... Etandone bato negriye angle, pòtigè, olandè te konn fè komès ak bato franse yo, lang mesye franse yo te konn pale a melanje ak lang maren lòt bato negriye yo. Se lang sa a, daprè lenguis ki apiye teyori sa a, pirat franse yo vin aprann blan esklav, ki te rele angaje yo,lè yo vin ap viv sou tè fèm. Se menm lang sa a tou kolon yo te vin pale ak esklav yo nan plantasyon yo. ( L-F. Hoffmann: 1995).

Teyori Lang Afriken Abiye ak Vokabilè Franse:
Youn kategori lenguis (Suzanne Sylvain - 1936, Charles Fernand Pressoir - 1947) deklare kreyòl ayisyen se youn lang afriken ki abiye ak vokabilè franse. Nan konpare lang kreyòl nou an ak lang ewe (Afrik), etnolenguis, tankou Serge Fuertes remake anpil similarite ant sentaks kreyòl nou an ak sentaks lang ewe yo. (Bilten Koukouy: 1992).

Tounen sou kesyon yo

Èske kreyòl gen youn alfabè epi youn òtograf ofisyèl?

Repons: Wi, depi ane 1979

Ak youn lwa ki pase 28 septanm 1979 leta ayisyen louvri pasaj pou itilizasyon lang kreyòl nan lekòl Ayiti. Atik 3 lwa sa-a lage responsablite fikse epi amande òtograf ofisyèl lang kreyòl la nan men espesyalis Ministè Edikasyon Nasyonal. Premye epi dènye piblikasyon òtograf ofisyèl lang kreyòl ayisyen parèt 31 janvye 1980 sou siyati Sekretè Deta Edikasyon Nasyonal Jozèf C. Bèna.

Men alfabè ofisyèl kreyòl la : a, an, b, ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s, t, ui, v, w, y, z.

Depi piblikasyon lwa sa-a ki tabli alfabè-a ansanm ak òtograf kreyòl la, gen plizyè travay lengwistik ki fèt. Konsa, vin gen ti diskisyon nan mitan ekspè yo sou 4 ti pwen: itilizasyon vwayèl bouch-nen "oun", konsòn "ng", siy espesyal "ti tirè" epi "apostwòf" .

Tankou nou ka remake sa nan dokiman Sekreteri Deta Alfabetizasyon pibliye nan ane 1991 sou tit "Ekri Kreyòl Fasil", son ak siy espesyal sa yo pa itilize. Mèzalò, daprèzavwa, poko gen youn amandman ofisyèl ki fèt òtograf ki parèt nan ane 1980 an valab jiskaprezan.

Konsa ou gen dwa ekri: "Pingga youn mounn fè-m sa k'pa sa" epi "Younn, de, twa mazounbèl." onson "Pinga yon moun fè m sa k pa sa" epi "Youn, de, twa mazonbèl."

Tounen sou kesyon yo

Konbyen gramè kreyòl ki genyen?

Repons: Gen plizyè liv ki ekri nan lòt lang epi ki bay eksplikasyon sou sentaks kreyòl. Men kòm liv gramè kreyòl ki ekri nan lang kreyòl pou eksplike prensip fondamantal lang kreyòl ayisyen si gen senk, nou pa kwè gen plis.

Pami sa nou konnen yo, gen:

* Gramè Kreyol Kaye Elèv Katriyèm ak Senkyèm Ane,1982: Enstiti Pedagoji Nasyonal (Depatman Edikasyon Nasyonal Ayiti) 112 P.
* Ann Etidye Lang Nou an, Iv Dejan, 1986 Edisyon Demen Miyò.
* Gramè Kreyòl Vedrine, Emmanuel Vedrine, 1996, E. W.Vedrine Creole Project, Boston, Mass. 354 P.
* Lekti ak Gramè; 4èm Ane, Komite Edikasyon Karitas Ench, 198?

Tounen sou kesyon yo

Ki peyi ki pale Kreyòl?

Anvan nou reponn kesyon sa-a, fòk nou fè youn ti entwodiksyon sou itilizasyon mo kreyòl la:

Tout fwa lang kolonizatè yo konbine ak lang endijèn pou kreye youn lòt lang ki vin sèvi kòm lang matènèl youn pèp yo rele lang tou nèf la: kreyòl. Konsa, si ou louvri youn liv lenguistik ou va sèzi wè ki kantite kreyòl ki ekziste sou latè. Kidonk, nou reponn kesyon an sèlman pou kreyòl ki gen enfliyans franse.

Repons: Men youn lis teritwa kote yo pale kreyòl (ki gen enfliyans franse):

  1. Ayiti epi dyaspora ayisyen toupatou sou latè
  2. Matinik ak Gwadloup (Teritwa Lafrans nan Karayib)
  3. Ladominik (Karayib)
  4. Sentlisi (Karayib)
  5. Grenad (Karayib)
  6. Zile Tik ak Kayikòs (Karayib)
  7. Laluizyàn (Teritwa Etazini)
  8. Giyàn Franse (Amerikdisid)
  9. Lareyinyon (Afrik)
  10. Rodrig (Afrik)
  11. Sechèl (Afrik)
  12. Zile Moris (Afrik)
Nan lis sa-a, gen 2 peyi ki rekonèt kreyòl kòm lang ofisyèl pèp yo:
Ayiti (1987)
Sechèl (1977)

Tounen sou kesyon yo

Eske li posib pou nou ranplase "kreyòl" ak youn lòt mo?

Repons: Gen moun ki pwopoze pou yo rele lang nou pale a "Ayisyen", youn mannyè pou kwape pèsepsyon aryere ki vle fè kwè kreyòl la se youn dyalèk, youn sistèm kominikasyon ki poko jwenn matirite youn lang tout bon. Men, li klè pèp ayisyen se kreyòl li rele lang li pale-a. Konsa, pou evite konfizyon ak chire pit, gen moun ki chwazi itilize tèm spesifik tankou "kreyòl ayisyen" olye yo senpman di "kreyòl" osnon "ayisyen".

Tounen sou kesyon yo

Jiska ki pwen gouvènman, endistri ak lekòl Ayiti fonksyone an Kreyòl?

Repons:Gen youn rezonman ki senp pou repons sa a . Tout sa ki ap fèt nan endistri fèt an kreyòl. Ekzanp: Enjenyè a fè plan li an franse, men bòs ki ap sèvi ak plan an pou li bati kay la pa pale franse pou li ekzekite plan an. Mekanisyen yo pa pale franse nan ranje machin. Kèlkeswa domèn teknik lan depi travay la rive nan men ti anplwaye osnon atizan se an kreyòl li ekzekite.

Youn save tankou Jacques S. Alexis ekri li aklè "si yo di ayisyen sispann pale kreyòl tout peyi a ap kanpe. Pa genyen anyen ki ap fonksyone ladan." (referans: Jacques-Stephen Alexis nan Prolégomènes à un manifeste du réalisme merveilleux des Haïtiens, Présence Africaine, no 8-9-10, juin-novembre 1956, pp. 245-271.)

Tounen sou kesyon yo

Eske gen liv lekòl an Kreyòl?

Repons: Wi.

Men, jiskaprezan, se sitou liv kreyòl pou klas primè ki itilize Ayiti tankou: liv lekti, istwa, jewografi. Gen kèk grenn liv ki pibliye nan domèn teknik epi syantifik (biyoloji, medsin, teknik òdinatè, anviwonman) men, jiskaprezan yo poko rantre nan curriculum lekòl Ayiti.

Tounen sou kesyon yo

Eske gen youn "Akademi Kreyòl"?

Repons: Non, sa poko ekziste.

Gen moun ki di li ta bon pou Ayiti mete sou pye youn akademi kreyòl pou asire disiplin nan evolisyon lang lan; Sepandan, gen lenguis ki kont lide sa-a, paske daprè yo akademisyen yo pral kokobe evolisyon lang lan.

Tounen sou kesyon yo

Ki pousantaj Ayisyen ki analfabèt nan Kreyol?

Repons: Nou poko gen enfòmasyon fyab sou sa. Men, nou li nan estatistik sit Anbasad Ayiti nan Wachintonn gen apeprè 49% moun (ki gen plis pase 15 zandaj) nan peyi a ki konn li epi ekri. Ki pousantaj moun sa yo ki kapab li ak ekri Kreyòl? Epi, nan dyaspora Ayiti ki kantite moun ki kapab li epi ekri kreyòl? Nou poko konnen. N'ap sètoblije bouske plis enfòmasyon pou ou sou sa.Si ou jwenn repons la anvan nou tou, pa neglije voye li pou nou nan rekayisyen@hotmail.com.

Tounen sou kesyon yo

Èske gen metòd espesyal pou ekri aksan fòs kreyòl ak tout òdinatè?

Repons: Wi! ou kapab fè aksan fòs lè ou ap ekri kreyòl ak nenpòt odinatè.

Men youn premye metòd:

  1. Mete makè sourit òdinatè a sou ikòn ki make "START" la. Ikòn sa a nan kwen anba agoch ekran tout òdinatè ki alamòd toujou. Klike, epi glise sou opsyon "SETTINGS". Klike tou sou opsyon "CONTROL PANEL" la.
  2. Nan bwat ikòn ki louvri devan je-w la, chèche ti ikòn ki make "KEYBOARD" la. Klike sou li. L ap ouvri youn bwat ikòn ki make "PRINTER PROPERTIES". Bwat sa a gen 3 katab. Klike sou dezyèm nan, li make "LANGUAGES".
  3. Nan bwat sa a, klike anba fenèt blan an, sou ikòn ki make "PROPERTIES" la. Ap vin gen youn lòt ti bwat dyalòg ki parèt voup sou ou.
  4. Klike sou tiflèch tèt anba ou wè adwat la. Chwazi lang ki make "UNITED STATES INTERNATIONAL" la. Apre sa di OK pou tout bagay yo epi fèmen tout bwat ikòn ak bwat dyalòg ki pa nesesè ankò yo.
  5. KOUNYE A, pou reyalize aksan fòs yo, n ap annik peze bouton ki sou kote agoch chif ki gen foto aksan fòs la (dezyèm ranje bouton sou klavye a), anvan nou peze lèt korespondan an. Si nou gade byen, bouton sa egzakteman anba lòt bouton ki make "ESC" la.

AVANTAJ teknik sa a:

1. Ou bezwen fè sa youn sèl fwa sèlman nan òdinatè a.
2. Li mete aksan fòs ni sou lèt majiskil, ni sou lèt miniskil yo san diskriminasyon.


Men youn dezyèm metòd pou nou ekri aksan fòs:

1. Sou klavye ki devan nou an, peze bouton 'NUM LOCK' la. Bouton sa a adwat klavye a, anwo lòt touch anplis ki gen nimewo yo (anglè a di NUMBER KEY PAD). Nou deja pare pou ekri lèt ak aksan fòs yo.

2. Pou tape lèt ak aksan fòs yo, n ap peze bouton 'ALT' la. Gen de ladan yo: younn adwat, younn agoch. Nou gen dwa peze nenpòt. Men, pito nou pran abitid pou TOUJOU peze sa ki agoch la. Men sa k enpòtan, peze bouton 'ALT' la san ou pa lage li epi tape nimewo korespondan sa yo pou jwenn lèt ak aksan fòs yo:

Alt 138 = è
Alt 133 = à
Alt 149 = ò

Gen 254 antotal pou jwenn aksan fòs ak senbòl tipografik konsa. Nou bay 3 sa yo senpman paske se yo nou bezwen kounye a pou kreyòl la.

Pa bliye: kou nou fin tape nimewo korespondan an, se pou nou leve dwèt nou sou bouton 'ALT' la. Lèt la ap parèt ak tout aksan fòs li.

Tounen sou kesyon yo

Nou remèsye Roody Barthelmy, Féquière Vilsaint ak Michel-Ange Hyppolite pou dokiman ak enfòmasyon yo te founi nou pou dokiman sa.