An repons a: Mwen mande pou nou sispann fè asosyasyon ak moun ki pa sou fowòm lan ankò Editè Fowòm lan / Guy S. Antoine te ekri a,
ti zo afiche mesaj sa, jou 27 Me 2002 a 01:12:16:
Direktè mwen pa gen powblèm pou manda 5 lane Prezidan menm si eleksyon tèt chaje sayo ak Dok Mirville yon ansien modèl mwen tonbe nan pièj pou fè tenten. Tonbe sou lòt Prezidan elektoral la PHARAON ki se gwo 'PHARISIEN' ipokrit ki envante yon metòd de kalkil pou eleksyon yo. Tout konsey elektoral fezè eleksyon sayo lakoz lejitimite Palman sa ake Prezidans la nan yon zòn flou, ki rann ekip sou pouvwa a nan pozisyon trè diskitab sou konstitisyonalite l. Menm si ou rekonèt ekip opouvwa tout tan pa gen anyen ki soti klè, genyen yon dout rezonab pou anpil sitwayen kap suiv laviwondede OEA nan peyi
Dayiti pou mèt lòd nan yon gouvèneman ak leta
ki ankò fè delegasyon pouvwa li suit a tout sa mwen di yo deja.Mwen poko konprann poukisa yo wè nan mwen yon ansien moun sou fowòm sa. Ake tout respè Direktè deba sou fowòm sa te dwe byen plat si se jan japrouv, jan netakole, se byen kanmarad, se san pou san sa ,se reprann menm agiman selman pou di se yon vrè fowom ak bon deba kontradiktwa.
Direktè se lavèy fèt pou wè si fèt sa bel, apre 2 lane Direktè mwen se pwoprietè yon antrepriz klas mwayen ki santi soubreso ekonomi peyi Dayiti, 3 lane ki rete ekip sou pouvwa pral twouve li nan pagay.Si lajan entanasyonal antre sitou kominote EWOP LA nan strikti tèt chaje ki pa kapab jere kwakeswa, ake baz lavalas la ki gen gwo zam fan fwa nan men yo, kap mache nan tout ministè yo ak direksyon pou chache travay, ake revandikasyon kote popilasyon kap mande pou yo ranje wout, pou bay elektrisite,lopital ki bezwen ekipman, san blye fonksyonè yo ki patouche depi plizyè mwa. Direktè si gen sektè ou POPILAS ki fòse ekip opouvwa ale nan mwa kap vini yo se gwo sèvis yo rann moun sayo,ki pral di se lopozisyon,fos fè nwa ki kouri dèyè yo. DIREKTÈ SE ANALIZ NOU, NAN KONJONKTI POLITIK PEYI dAYITI KE MWEN FÈ SAN EMOSYON.
KENBE FRÈ
- Sou konfòmite ak diferans nan deba sou fowòm lan Guy S. Antoine 27/5/2002
- Sitiyasyon politik la Guy S. Antoine 27/5/2002