An repons a: Avètisman (Tizo di veye OEA ak CARICOM) - Iregilarite politik toupatou! Guy S. Antoine te ekri a,
ti zo afiche mesaj sa, jou 04 Jwen 2002 a 20:05:25:
Direktè eleksyon nan peyi Dayiti fini depi 2 zan, se byen kapab gen dezakò ant 2 pati ki gen dwa tonbe nan òganis rejyonal pou ede yon peyi kote enstitisyon poko djanm pou rezoud pwoblèm yo. Men se depi 2 zan ti metis ake ti neg nwa ap fè laviwondede nan peyi a koz de yon prezidan betizè e yon opozisyon magouyè, se kom si pa gen moun nan peyi sa pou mande tout moun sayo pran vakans. 2 Pati nan koz la ap jwe ake OEA ki pa janm regle oken dosye nan diferan politik.Caricom
foure tèt li pou apiye gran frè li OEA pou separe gato bidgè enstitisyon sayo mete a dispozisyon yo, se ale vini pou regle kisa, nou pa konnen.Mwe mande poukisa pa kapab gen yon fen nan lese frape sa, ki moun ki gen plis enterè pou sa kontinye kote AYISYEN. Eske se yon teritwa kote gason ake fanm pa gen sayo rele moral politik. Nou pa nan papa Dok, ni nan Cedras. Eske se ARISTIDE, GERARD PIERRE CHARLES, BENOIT, dirijan politik ki emèje apre 86 ki toujou gen yon diskou de charite, respè, sansibilite pou peyi yo, kap mennen yon lit sanginè, fratrisid pou kontrole yon pouvwa. Poukisa se tout ou anyen, pou Aristide, poukisa se vòlò tout wap pèdi tout tou pou Pierre-Charles ak zanmi li yo. Kominote entènasyonal la ki ajanda li tou pou ti nasyon ki pa kanpe sou anyen voye diplomat, emisè neg ki pa gen travay nan peyi yo pou fè lajan sou do pep ayisyen, e pi propoze solisyon pou rann peyi Dayiti plis domestik gwo gouvenman ake bayè de fon yo pou fè dapiyan sou direksyon ekonomik peyi dAYITI. Se pa pou anyen yon gwo finansye Ameriken-Dominiken soti jis nan TEXAS pou pran yon bay de 100 zan nan men gouvenman pou tè nan Maribahou. Eske nan peryod mwen troublan leta ayisyen ap aji konsa. Mezanmi zòn franch ap fèmen nan Puerto Plata se Ayiti, se kote pa gen rout ni enfrastrikti, yo vle tabli yon gwo projè konsa. Sayo bezwen an, Balaguer fè anpil dyolè sou li. Kòman fè nan politik depandans sa lidè politik yo, pa kapab konpran mizè , degradasyon peyi dayiti profite tout ti peyi ki nan konpetisyon ake AYITI nan ròm,kafe,sik, danre alimantè, bon jan men travayè nan fabrikasyon elektronik, manifakti kouti, tout bagay sayo se nan ti peyi tankou Jamayik, Matinik yo chape yo, pa gen kouran ou byen sekirite politik. Memn nan touris nan pwen oken ti peyi ki bezwen Ayiti nan janmb yo, Citadelle se destinasyon de la Dominikani. Tout moun sayo profite move politik dirijan e lidè peyi dAyiti ki pa pi prese, ni enterese nou jwenn lapè. Sityasyon peyi dAyiti rann moun kominote entènasyonal kap chache solisyon pou nou nan konfli denterè. Se ayisyen ki an kriz,se li ki konnen maladi li soufri, se li ankò ak yon ti jefò pou twouve solisyon maladi li.