An repons a: Aristid voye Tousen Louvèti yon dezyème fwa o Fò-de-Jou Jaf te ekri a,
Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 17 Jwen 2002 a 18:08:46:
Jaf, ou di: "Wi, Jan de Latibolière gen rezon daprè mwenmenm, politik gouvènman aktyèl la tèt koupe ak politik Toussaint t ap mennen lè yo te pase kòd nan kou li trennen al lage l nan fredite peyi moun kè frèt yo."Tou dabò, te mwen kosyone ke mwen toujou enterese tande nan bouch Jean deLatibollière" kisa ki te nan tèt li egzakteman lò li di "POLITIK KE GOUVÈNMAN LAVALAS AP MENNEN AN, SE SOU LIY TOUSEN AN TANDE". Mwen pa ka kouri di mwen dakò ou mwen pa dakò avèk Jean anvan li devlope panse li sou tèm sa.
Mwen twouve anpil severite nan jijman ou, Jaf, sou politik Tousen an (ou gen tout dwa w pou w fè li), sitou lò w di li tèt koupe ak politik Lavalas la. Eske konparezon sa jis??? Kilès nan de nèg sa yo ki plis merite kritik sa, Tousen ou Aristide... oubyen se senk kòb ak de gouden? Ofèt, menm jan mwen ta renmen wè Jean de Labotillière fon ti rale sou sa li te di a, mwen ta renmen wè ou fè sa tou, Jaf. Konparezon istorik sa yo danjere anpil si nou fè yo "à la volette" sitou lò nou pran 2 nèg ki te gen pouvwa nan men yo ak 2 syèk antye separe yo (1802 - 2002), ak sikonstans jeyopolitik pa menm tou. Mwen kwè yon jijman parèy merite devlope, paske si ou pa fè sa, ou kapab ajoute prejidis sou lakesyon san se pa sa ki te nan tèt ou.
Ayisyen pa konnen listwa yo ase pou yo pa fè atansyon a nenpòt ki jiman istorik moun fè non sèlman sou yon pèsonalite men sou 2 pèsonalite alafwa, oswa POLITIK yo te reprezante ayè ou reprezante jodiya.
Kidonk, Jean ak Jean, jwèt la pou nou!