An repons a: Nap tounen pwatann ak pwomes transparans lan padel te ekri a,
Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 18 Jwen 2002 a 09:50:20:
[Lafrans toupizi men pep ayisyen e fe n peye 150 milyon ansyen Fran. Yo fe n peye yon swadizan det endepandans ke zanset nou yo goumen e pran ak san pou li.]Padel, yon ti rektifikasyon sou sa ou di la (nan detay, pa nan esans). Nou pa peye Lafrans 150 milyon fran. Se sa yo te egzije, se sa Prezidan Bwaye te aksepte pou l peye tou, men palasuit nou te fè negosyasyon pou revize sòm sa (mwen pa sonje sou ki prezidan). Mwen kwè yo te redui sòm sa apeprè pa yon tyè. Moun ki gen plis presizyon sou zafè dèt lendepandans lan kapab founi nou presizyon sa yo, paske li bon pou nou konnen tout detay istorik.
Men nan pwen dout zafè peye dèt endepandans lan se youn nan pi gwo ensilt pou ero nasyonal nou yo e pou tout Ayisyen tou. Mwen mete sa nan menm nivo ak Lafè Luders ki te pwovoke yon navi alman vin mande gouvènman ayisyen an ranson e prezante eskiz li dèske nou te oze arete yon sitwayen alman sou teritwa nou (alòske nou te gen jistifikasyon pou nou te fè sa!) Navi alman sa te mande ranson e yo te mande nou prezante eskiz tou. Nou satisfè yo. Anvan yo pati, plizyè maren alman te louvri drapo ayisyen sou rad lad, epi yo desann pantalon yo epi yo kaka sou li.
Istwa diplomatik nou CHAJE ak imilyasyon nou resevwa konsa nan men Etazini, nan men Langletè, nan men Lespay, nan men Lalmay, san konte Lafrans, pi gwo maspinè nou an devan Listwa. Se sa ki fè emosyon nou aflèdepo jounen jodi a. Men tout imilyasyon nou resevwa nan istwa peyi nou, nou poko janm resevwa okenn revandikasyon paske chak fwa nou resevwa imilyasyon sa yo nou rele ANMWE! ANMWE! ANMWE! epi apre sa, PA GEN YON SÈL EGZANP MWEN KONNEN NAN LISTWA NOU kote nou ale odela de rele anmwe pou nou twouve reparasyon pou imilyasyon sa yo. Wi, nou piti. Wi, se nou ki viktim. Wi, se nou kap viktim demensidyeve ankò. Mwen poko wè anyen ki pral chanje.
Se lò vòlò fin pase, nou toujou rele "bare vòlò". Men jodiya, jan Jaf repete nou souvan, nou chita nan fouk OEA ak nan fouk Kominote Entènasyonal la pou yo rezoud pwoblèm politik nou yo. Ann rele "anmwe" toujou...
Demen, se nou kap viktim ankò, paske nou pèdi tout enèji nou nan rele anmwe epi nou pa pyès pèdi enèji pou relve kòz imilyasyon sa yo.
Al pale ak anpil ayisyen nan batey sou "imilyasyon" nou sibi jodi a, lò prezidan peyi nou fè Lafrans kado bis "Tousen Louvèti". Gen anpil chans pou yo di nou: "Kilès ki Tousen Louvèti a?" Poukisa peyi a pa JANM leve kanpe, poukisa dyaspora a pa JANM leve kanpe yon sèl jou, pou nou tout ta leve kanpe pou mande YON FEN a egzekisyon abitrè konpatriyòt nou yo nan peyi vwazen nou? Mwen li nan yon atik sa gen kèk semèn ke yon gwo reprezantan gouvènman ayisyen an deklare an Dominikani, ke travayè ayisyen yo pa sibi diskriminasyon paske se ayisyen yo ye. Li di travayè dominiken ki travay sou batey yo travay nan menm kondisyon yo tou. Lò mwen li bagay sa, mwen di tèt mwen "se fini... nan pwen moun ki rete ankò". M oblije al chache gwo sewòm pou m fa fin dekouraje nèt.
Jodi a, apre nou pase 200 an ap selebre viktwa nou te ranpòte sou Franse yo, ki jan nou kab fè sipase tèt nou pou nou selebre viktwa sa plis toujou pandanstan Ayisyen ap travèse fwontyè pou al chache lavi lan Dominikani kote yo pa janm sispann imilye yo, maspinen yo? Pandanstan Ayisyen ap pran kanntè epi y ap maspinen yo tou nan Bahamas, Ozetazini, elatriye? Jou 1 Janvye 2004 la, konbyen ayisyen pral pwofite pou yo kite peyi a, pou yo pran kanntè, pou yo travèse fwontyè, pandan n ap chante "Vive les Héros de l'Indépendance!"? Konbyen TiMari ap gen pou leve anvan senkè pou yo boule chabon pou mèt yo bwè kafe, pou yo ranmase kaka chen, pou yo espere yon zo poul nan soup joumou sa nou pral prepare a? Ki nivo patisipasyon pèp ayisyen pral gen nan selebrasyon 2004 la? Eske nivo patisipasyon sa ap rete nan rara, nan kanaval, nan yon ti djo kleren?
Sou zafè dèt lendepandans lan, mwen dakò avèk ou. Fòk Lafrans remèt nou tout lajan yo te fòse nou peye ak gwoponyèt. Reparasyon pou lesklavaj ak trèt Afriken yo ki te rann lesklavaj posib pa menm kòmanse la. Repeyaj lajan sa pa fèt pou l rantre nan kad okenn gran reparasyon istorik. Retounen lajan yo te fè nou peye pou endepandans nou fèt li plase nan kad relasyon nòmal moun ki gen desans, moun ki aspire pou yo soti nan barbari pou yo rive nan kad moun sivilize tout bon vre.
- Nap tounen pwatann ak pwomes transparans lan Michelet Louis 02/10/2002
- Nap tounen pwatann ak pwomes transparans lan Manzè Zili 18/6/2002
- Nap tounen pwatann ak pwomes transparans lan Manzè Zili 18/6/2002
- Nap tounen pwatann ak pwomes transparans lan Guy S. Antoine 18/6/2002
- Nap tounen pwatann ak pwomes transparans lan Guy S. Antoine 18/6/2002
- 60 Milyon Fran osnon 90 Milyon osnon 150 milyon Jaf 18/6/2002
- Konbyen ALMAN te pran nan men AYITI? Manzè Zili 24/6/2002
- Konbyen lajan ALMAN te pran nan men AYITI? Manzè Zili 24/6/2002
- Kouman pou nou kalkile montan dèt endepandans la. Manzè Zili 23/6/2002
- 60 Milyon Fran osnon 90 Milyon osnon 150 milyon Matheanpiray 18/6/2002
- AYITI te peye AMERIKEN yon dèt tou!!! Manzè Zili 23/6/2002
- AYITI te peye AMERIKEN yon dèt tou!!! Guy S. Antoine 23/6/2002
- AYITI te peye AMERIKEN yon dèt tou!!! Manzè Zili 23/6/2002
- 60 Milyon Fran osnon 90 Milyon osnon 150 milyon Guy S. Antoine 18/6/2002
- annou vide kesyon TRANPARANS ak desizyon iniIateral a PREZIDAN an ti zo 18/6/2002
- annou vide kesyon TRANPARANS ak desizyon iniIateral a PREZIDAN an padel 18/6/2002
- annou vide kesyon TRANPARANS ak desizyon iniIateral a PREZIDAN an - Pa gen jwè joven 19/6/2002
- annou vide kesyon TRANPARANS ak desizyon iniIateral a PREZIDAN an - Pa gen jwè padel 19/6/2002
- Pou Joven ak tout konbatan maske sou fowòm lan Ivmari Pwendijou 19/6/2002
- Pou Joven ak tout konbatan maske sou fowòm lan joven 20/6/2002
- Pou Joven ak tout konbatan maske sou fowòm lan Ivmari Pwendijou 20/6/2002
- Pou Joven ak tout konbatan maske sou fowòm lan joven 20/6/2002
- Pou Joven ak tout konbatan maske sou fowòm lan Guy S. Antoine 20/6/2002