Ki sa ki te manke nan politik Desalin lan?


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Ki sa ki te manke nan politik Desalin lan? Guy S. Antoine te ekri a,

Jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 18 Jwen 2002 a 10:05:07:

«Ki sa ojis ou ta fè si se oumenm ki te Desalin?»

Onè Guy,

Monchè mwen wè ou sòti pou ou antrave mwen papa!

Men ou gen rezon poze kesyon sa a, e mwen kontan ou ofri mwen opòtinite pou mwen klarifye sa mwen vle di a. Paske se vre yon moun ka entèprete lide mwen mal akòz mwen te mal eksprime li.

Ki sa ojis ou ta fè si se oumenm ki te Desalin?

Sa Guy, mwen pap menm pran chans reponn kesyon an konsa paske mwen pa ka menm imajine mete m nan pwent soulye Dessalines. Kòmantè mwen an pa gen rapò ak kanpay ekzekisyon an kòm tèl. Se prekosyon Dessalines te pran pou li bay «pè» pwoteksyon espesyal pandan peryòd sa a ki deranje mwen. Sa vle di mwen kwè se yon erè misye te fè lè mwen ap gade sa ki pase annapre. Remake mwen presize «lè mwen gade sa ki pase annapre». Sa vle di pètèt nenpòt lòt Ayisyen ta ka fè menm erè imèn sa a puiske pèsonn pa kapab li nan lavni.

Daprè sa mwen konprann, Dessalines te bay lòd pou yo pwoteje lòt blan ki pa Franse (Ameriken, Angle elatriye...) epi resaponsab relijyon menmsi se blan Franse yo te ye. Sa vle di daprè mwenmenm Dessalines pat konsidere pè Franse yo kòm lennmi pèp Afriken an. Poutan, daprè sa nou li nan «Les marrons de la liberté» de Jean Fouchard, mesye sa yo sete pi gwo malfèktè ki te sou zile a. Paske yomenm, yo te itilize privilèj wòb long ki sou yo a pou yo ka jwe wòl espyon epi bouwo alafwa.

Desizyon sa a Dessalines te pran an, montre kijan sistèm esklavajis la te gen tan fè anpil dega nan mitan sèvèl kolektif pèp Afriken an ki te vin aksepte moralite ewosantrik la kòm yon moralite siperyè. Se sa ki esplike tou ke apre lendepandans, se Te Deum ki chante chak fwa gen selebrasyon ofisyèl. Sa esplike tou pou kisa de twa grenn entèlektyèl peyi a te aksepte lage sèvèl pitit yo nan men ansyen bouwo yo. Sa eksplike tou poukisa, menm apre nou fin pran endepandans nou tout aspè kiltirèl Afrosantrik yo vin tounen bagay k ap fèt an kachèt (paregzanp: Vodou).

Se yon analiz ki pa jis paske mwenmenm mwen chita byen konfòtab 200 zan annapre m ap di sa m ap di la a. Men, se pa nan optik pou mwen akize Papa Nanchon an ke mwen ekri sa, se konprann m ap chèche konprann nan ki chimen nou pase pou nou vin tonbe kote nou ye la a.

Mwen pa ka di aklè ki altènativ ki t ap «pi bon» pou nou te chwazi. Men, mwen kwè te gen plis dezavantaj nan pwoteksyon espesyal Dessalines te bay pè yo ke avantaj. Poutan, mwen dakò tèt kale avèk lefèt ke li te mande pwoteksyon espesyal pou blan Polonè yo. Fòk mwen di tou ke enpresyon mwen genyen ke se tout pè, nenpòt ki pè ke Dessalines te bay pwoteksyon an, se pa yon bagay ki sèten. Pa gen anpil dokiman istorik ki retrase sa. Men, lè nou fè analiz sa ki pase apati Konstitisyon 1806 la ki rekonèt relijyon Katolik kòm sèl relijyon Ofisyèl nan peyi d Ayiti, nou ka wè te gen yon move tradisyon paspouki anfavè tradisyon ewosantrik yo nan peyi nou, depi odepa.

Jaf


Repons sou sijè sa: