Sou konparezon ki fèt ant politik Lavalas ak politik Louvètiryèn


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Sou konparezon ki fèt ant politik Lavalas ak politik Louvètiryèn Guy S. Antoine te ekri a,

Jaf afiche mesaj sa, jou 18 Jwen 2002 a 12:17:31:

Onè-respè pou tout zanmi-fanmi yo:

Kanmarad Guy, li klè ane 1802 ak ane 2002 pa chita nan menm reyalite jeopolitik. Mèzalò, gen anpil pwen komen ant relasyon pèp Ayisyen k ap viv Ayiti nan ane 2002 a ak gang mwen rele Sipremasi Blan Entènasyonal la, epi relasyon pèp Afriken ki t ap viv Ayiti nan ane 1802 a ak menm gang sa a.

Daprè mwen sistèm k ap fè e defè nan lemonn kounye a, se limenm k ap feraye depi 1492. Se pa ni demokrasi kretyen, ni sosyalis, ni kominis, ni lòt «is». Nan ane 1802 relasyon pèp Afriken ki t ap viv Ayiti yo ak peyi tankou Etazini, Angletè, Lespay, Lafrans te klè kon dlo kòk. Pèp sa a, se yon pèp ki te leve kanpe epi defye Sipremasi Blan ki t ap dirije tout Nasyon sa yo ak lòt tè ke yo te vòlò. Se poutèt sa tèm apwopriye pou defini modèl sosyete yo te itilize a se «Sipremasi Blan Entè-Nasyonal». E ki atitid Toussaint te adopte alepòk? Toussaint te rantre anndan sistèm SBE a, li analize li byen analize epi li eseye jwenn maksimòm benefis pou pèp Afriken an, anndan sistèm sa a. E onivo strateji, mwen pa wè pèsonn moun ki te gen yon lòt strateji ki te ka pi efikas ke sila a Toussaint te itilize a. Antouka, pa pou peryòd (1791-1802) a. Paske, se entegrasyon Afriken yo anndan lame Lafrans, lame Lespay ki pèmèt nou vin gen anpil sòlda ki byen fòme nan teknik lagè kont blan ak zam blan. La a se wete chapo devan vizyon nèg ekstraòdinè sa a yo rele Toussaint Louverture la. Si nou fè yon konparezon ak politik prezidan Jean-Bertrand Aristide (1991-2002) nou kapab wè resanblans kote Aristide te itilize fòs lame Ameriken pou demantibile menm Lame ke Ameriken te toujou itilize pou monte-desann prezidan popetwèl lè yo pi pito nan peyi a. Toulede egzanp sa yo montre kapasite 2 pèsonaj sa yo pou yo jwe jwèt sikolojik la nan avantaj peyi yo. Mèzalò, toulede nèg sa yo, daprè lekti pa mwen, fè menm kalite erè fondamantal la nan politik yo vizavi Sipremasi Blan Entènasyonal la.

Toussaint te deside satisfè preyokipasyon ekonomik kolon Franse yo. Li menm rele sa ki te ale kache Ozetazini yo p retounen vin jwi privilèj sou tè yo te vòlò yo. Li fè tout sa ki posib e imajinab pou li rasire kolon yo. Menm lè sa sanble ale alankont enterè fondamantal li nan liberasyon total kapital pou pèp Afriken an. Menm sistèm ekonomik li adopte a te sanble anpil ak esklavaj degize Sonthonax te vin pwoklame a. Toussaint kontinye itilize sikoloji pou li metrize blan yo epi ogmante libète pèp Afriken an yon ti kras pi plis detanzantan. Se konsa, nan Konstitisyon 1801 an li bay tèt li tit Gouvènè Jeneral pou li ka pran yon endepandans makiye pou pèp Afriken an. Men, an menm tan, li ekri nan Konstitisyon sa a, ke «Tout moun fèt sou zile sa a: egal-ego, epi FRANSE». Sa vle di li pa gen entansyon kase kòd separe ak Lafrans. E Prezidan Aristide limenm, kisa li fè depi li fin kraze lame a. M ap reprann menm mo mwen te itilize pou Toussaint yo epi ou va dim si mwen mantò: « Li fè tout sa ki posib e imajinab pou li rasire MoUnPa yo. Menm lè sa sanble ale alankont enterè fondamantal li nan liberasyon total kapital pou pèp Ayisyen an. Menm sistèm ekonomik li adopte a te sanble anpil ak esklavaj degize Marc Bazin t ap fè reklam pou li nan ane 1990 la»

Oligachi tradisyonèl la ap rantre sòti nan Palè Nasyonal tout lasent jounen. Gouvènman Cherestal la te chaje ak makout ki te toujou gen bon relasyon ak anbasad etwale a. Marc Bazin reyabilite 2 fwa suivi suivi kòm minis, Ayiti kontinye ap depanse milyon ven pou li patisipe nan «Jeux de la Francophonie» tandiske gouvènman Lafrans yo kontinye ap make nou di nan tout fowòm entènasyonal yo, lavèy komemorasyon 2003-04 yo li aksepte pèdi Guy Paul, ansyen minis Kominikasyon ak Lakilti a, ki te toujou ap mete lèpwensoulèzi chak fwa neyo-kolon yo te depase ladesans elemantè, li aksepte siyen akò tèt chaje sou zòn franch yo ak Hyppolito Mejia. Li aksepte bay blan yo dwa defèt chwa elektoral pèp Ayisyen te fè 21 me 2000 yo….paske l ap chèche yon ti espas pou li ka sove sa ki sovab daprè limenm. Men, nou sonje kisa ki te rive Toussaint apre li te fin fè tout kalite jimnastik pou li satisfè ekzijans kolon franse yo ?

Mwen kwè li bonè pou nou di ki lès nan tout desizyon sa yo ki te evitab men, pou mwenmen pa gen dout ke Prezidan Aristide mete enterè fondamantal li te toujou ap defann yo an danje lè li aksepte fè tout konsesyon dwòl sa yo devan SBE la.

Ki altènativ Prezidan Aristide genyen aladispozisyon li?

Mete plis enèji nan ranfòse baz popilè a. Pa ak distibisyon zam. Men ak bon jan efò òganizasyonèl pou ede remanbre sektè pwogresis la nan peyi nou ak nan dyaspora a. Chita pale k ap fèt ak mesyedam lopozisyon yo te kapab yo eleman pozitif ki rantre nan kad remanbray sa a. Men, toutotan se nan fouk OEA chita pale sa yo ap fèt pa gen anyen pozitif k ap kapab sòti de yo. ANYEN ! ANYEN ANYEN ! Paske dyòb OEA se pa remanbre yon mouvman popilè li gen manda pou li ede kraze. Dyòb OEA se ede SBE la pwoteje dezekilib politiko-ekonomik ak sosyal la tennfas nan peyi d Ayiti. «Minority rule!!». Kit prezidan an rele Titid, Kplim, Bazin, Boulos…sa pa enterese yo. Lesansyèl sèke gen mendèv bon mache ki disponib pou Zòn Franch. Se pou «lapopilas» rete nan wòl li epi sispann enplike nan zafè ki regade li. Se pou sistèm neyo-kolonyal la kontinye woule luil. Vwala, se menm rezon ki fè pitit blan 1802 yo di yo renmen Toussaint Louverture (apre yo fin touye li), ki fè pitit blan 1963 yo di yo renmen Martin Luther King (apre yo fin touye li), ki fè blan 2006 yo ap gen je chèch pou yo di yo te renmen Aristide (apre y ap fin elimine li osnon detounen li – by all means necessary !).

Guy, ou mete men nan gòjèt mwen ou fè mwen pale jouk mwen depale. Men, anverite mwen pa regrèt paske sa gen lontan tout koze sa yo ap kofre mwen.

Ojis, se remèsye mwen remèsye ou vye frèm.

Respè,

Jafrikayiti
«How long shall we stand and watch while they kill our prophets ?» The Most Honourable Robert Nesta Marley



Repons sou sijè sa: