Seri repons sou Vodou pou tout moun


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Plizyè kesyon sou Vodou pou Manzè Zili Guy S. Antoine te ekri a,

Manzè Zili afiche mesaj sa, jou 30 Jwen 2002 a 20:25:28:


Relasyon sèks nan vodou : Kesyon mouche Cyrano, Guy, Nonk Mo…poze Manzè Zili yo.

Mezanmi padone manzè Zili. Nou soufri anpil pou seri kesyon sa yo. M te tèlman okipe m pat ka fè yon gwo kout bèk nan mayi a. Demen premye jiyè, m di m sove. Travay mwen preske fini. Men pandan mwen ap ekri nou la a, vè minwi lakay pam, gen yon move kout telefòn ki pati , demen maten se pirèd pou jous m pa konn ankò. Kidonk m pwofite lespri mwen enpe libere pou mwen ekri vit vit ti seri tèks sa yo. M avèti nou, nou ka soufri toujou pou presizyon nou ta vle m pote. Mwen va fè sa mwen kapab pou ban nou satisfaksyon.

M fè yon ranmase kesyon tout moun poze mwen yo. M pa konnen si m’a fin gen tan reponn tout. M mande konkou. Pou abreje travay editè a, e pou fasilite m reponn nou pi rapid tou, m pral òdone yo nan yon ti seri ribrik kote nou ka reponn dirèk sou yon pwen byen presi.

1) Kilès ki fè chwa marye : eske se lwa a ou byen chal la ?
2) Poukisa lwa chazi marye ak chwal al . Poukisa chwal la cwazi marye ak lwa a ?
3) Diferans ki gen ant fanm ak gason lè yo marye ak lwa fanm tankou gason.
4) Lwa yo mande pou chwal la toujou rete fidèl. Eske yo menm yo rete fidèl ?
5) Pouki sa gen mistè ki antoure kesyon sa yo ?
6) Maryaj mistik nan vaudou pi mistik pase mistè krisyanis yo ou byen yo nan menm nivo ?
7) Kontak yo nan maryaj mistik eske se kontak fizik ou byen metafizik ?
8) Eksperyans seksyèl yon gason ak yon lwa eske se menm eksperyans seksyèl yon fanm gen ak yon lwa ?
9) Eske lwa a ka miltipliye tèt li e kouche ak plizyè sèvitè yon menm nwit ? Eske nan poligami sa a lwa a pap pran sida ?
10) Kesyon sou pinisyon pou enfidelite anvè lwa yo. Si se vre eske se pa yon atent a libète endividyèl yon moun ?
11) Kouman yon moun lachè ak zo fè gen relasyon sèks ak yon lwa ? Fantezi seksyèl ou byen reyalite ?
12) Eske chwal la jwenn satisfaksyon seksyèl vre ak lwa a ?

...



Repons sou sijè sa: