Seremoni Bwa Kayima: Lejann ou reyalite? (ti korèksyon)


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

joven afiche mesaj sa, jou 17 Out 2002 a 20:33:34:


Mezanmi nan yon rale istoryen Pwofesè SOUKAR te fè sou plizyè radyo nan dyaspora a, li mete an kesyon eske Seremoni Bwa Kayiman se yon lejann ou byen yon reyalite? Daprè rechèch istoryen sa premye moun ki pale de Seremoni sa, se yon Otè Fransè yo rele Antoine Dalma an 1814 a pati de rimè, san bon jan prèv, an plis franse sa se yon rasis ki pale de yon seremoni kote nèg yo bwè san yon kochon, e pran pwèl kochon pou fe maji, li kontinye pou di se kanibal, baba, sovaj se pou la Frans pran mwayen pou reprann Sen Domeng nan men yo. Dapre istoryen an nan menm epok sa, gen yon ràpo ofisyèl sou [DEBAT DANS LES AFFAIRES DES COLONIES] ki pa janm mansyone fenomèn sa.

Nan yon dezyème tan se ankò , yon fransè yo rele Antoine Metral ki chita an Frans an 1818 ki pral pote lòt eleman, kote li di gen yon prètès nan Seremoni sa. Yon twazyèm Fransè, pòko gen ayisyien sou istwa sa, yo rele Philippe Gastin pale de plizyè kout loray nan Seremoni sa e gen yon patisipan ki fè yon sèman, dapre listwa, se SÈMAN Boukman lan kote okenn otè poko janm pwononse non li.

Se jis an 1824 yon premye ayisien pale de Bwa Kayiman se istoryen Herard Dumesle ki repran menm tèz Gastin yo a propo sèman yon patisipan te pwononse pou angajman pou delivre Ayiti e renonse a la Frans.

Apre gen ouvraj sou Bwa Kayiman, ki parèt sou plim yon Anglè ki pote non John West, e an 1890 Philippe Obin, presize prezans rit vodou avèk manbo, suivi de Pauleus Sanon ki abonde nan men sans lan san prèv syantifik menm si listwa se pa yon syans egzat.

Finalman se yon angle ki gen non pou Victor Fisher ki premye pale de Boukman,suivi de Louis Blan nan yon liv sou REVOLISYON FRANSÈZ ki fè yon rale sou Boukman,
menm JEAN PRICE MARS evite sijè sa, pa fot de prèv syantifif nan dokimantasyon historik li.

Men otè tankou Beaubrun Ardouin, Celigny Ardouin, Wilson Bellegarde,Thimoleon Brutus pale de Seremoni Bwa Kayiman e de Boukman.

Malgre tou Seremoni Bwa Kayiman selon istoryen an enkontounab, syantifikman yo pa kapab twouve te gen yon Seremoni relijye, pa gen prèv pou sa, e rete yon lejann byen ayisyen. Tout fwa nan pwen anyen ki konfime te gen Seremoni sou yon habitasyon ki gen non CHWAZEY, NI YON KOTE KI TE RELE BWA KAYIMAN. Daprè menm rimè sayo se lakay yon moun yo rele Iman, yon non ki sonnen byen milziman. LEJANN TA VLE TOU SEREMONI KI TE FÈT SE YON PRYÈ MILZIMAN, PASKE BOUKMAN SE TE YON MIZILMAN.

Selon istoryen tout eleman ou kèsyon san repons sayo pa chanje anyen nan Bwa Kayiman kote nèg nwa te fè premye veritab rasanbleman nan listwa menm de LIMANITE pou rann jistis a ansyen esklav sayo.






Repons sou sijè sa: