An repons a: Ayiti ak anvironman li: yon katastròf ekolojik total kapital François-Marie Michel te ekri a,
Veronique Casimir afiche mesaj sa, jou 30 Out 2002 a 21:55:41:
Mwenn kontan sije sa yo nou trete yo e nou bay yon moun chans pou'l di yon ti mo tou. Mwen ta swete tout ayisyen gin akse ak yo. Petet nan radio anpil lot moun ka di de mo tou.
Mwen panse li ka pa fasil pou tout moun nan peyi ya sitou sa ki nan zo'n andeyo yo pou yo adopte lavi recho gaz. Bip ti cheri te fi'n pran pie. Min tout moun pat ka kinbe ak pri li, gaz, pies(part) pou ranplase...
Tout bagay mande tet ansanm. Leta bezwen plis pase rebwazman. Mwen regret sa pou moun ki pa konpran ekwasyon lavi ya. Jodi ya, se pa ayisyen selman ki pou ta kraponin de sitiyasyon sa'a, min se tout peyi sou la te.
Min ekwasyon'an: "OU ANPECHE'M PIPI, VLE PA VLE MA'P ANPECHE'OU POUPOU". Se pa vajans min se dapre lwa natirel ke kreate'a, te mete: "TOUT SA OU PA TAP VLE MOUN FE'OU, PA FE MOUN LI". Pou sa ki pa kwe nan Bondye, yo ta dwe jete yon je nan sajes filozofik la, yap jwen'n men'm lwa sa'a repete."Ka Ayiti Cheri se troket la - Ka lemon'n antye se chay la".
Ekzanp: Teknoloji ap avanse, ou pap ede'm gin ti kal edikasyon, le inbesilite fe'm malad anvan'l touye'm tout kote krache'm seche, van ap pote'l ba ou. Monte mi kay ou pa koupe kontak avek mwen. Se mwen ki restavek ou, mwen se kiltivate ou, mwen se mekanisyen ou... ou depan'n de mwen. Le ou bezwen "relax" ou ka pa we'm, men mwen deye ou. Pitit mwen yo naje al pare tan'n ou lot bo dlo men'm le yo paka jwen visa. Se yo kap netwaye chan'm otel yo, se yo kap lave veso nan restoran yo, yo nan jaden, yo nan ti mache(flea market)... Ou pa ka viv conpletman san mwen.
Le iyorans fe'm detwi tet mwen, wap viktim tou. Jodi'a, men'm jan yo di pie bwa instriksyon pote anpil fwi se konsa bwa iyorans bay anpil tou. Yon'n nan yo se la mize, ki koz pie bwa ap koupe san rete.YON'N NAN SOLISYON YO:
Li le pou ayisyen kite egois, pou kole zepol ansanm pou ede peyi ya. Repete chak jou proverb sa'a: "Se le boutey plin bouchon jwen'n" pou yo sispan'n fe plan sou dola vet zot. Mwen panse Ayiti gin ase pitit instwi po okipe'l. Koripsyon dwe netwaye nan tout biro leta ki anpeche bank leta gin yon goud pou ede peyizan yo. Gwo kout klewon nan deye edikasyon national ki pa ka we ke se yo ki bourik kap pote peyi ya. Pwoble'm Ayiti jodi'a se resilta jan de moun ke edikasyon nasyonal prepare ba li:
- De matenel a la filozofi twaka ti ayisyen pa gin yon kat libreri.- Etidie pa ke, pou bliye demin, lekol an ayiti pa jwen sipo pies kote pou ankouraje yo al visite ak elev yo, kote sik, fari'n, siman, alimet, gode aliminium, lwil etc. ap fet pou elev yo konpran'n sa peyi ya ka pwodui e ki sa ki ka koz li pa ka fe yo anko.
- Ti Ayisyen grandi li pa jan'm konen kisa li ta renmen fe demen. Pa gen yon ouvraj a disposisyon li pou li konen si li pa fini klas segonde ki sa lap fe, osinon si li fini ki fakilte li prale.
Pwofesyon lakay mwen se pa don Bondye (gifted). Men se kiyes fakilte ma pral pase ladan. Dezod jeneral! Min resilta:a) Gason ki pa rive yo gin de gwo pwofesyon, chofe ak mekanisyen. Ki genyen kapital peyi ya nan kondisyon ront entenasyonal sa'a.
b) Fi yo enpe al fe machan'n, pi fo femen andan kay ak yon krey pitit ap manje abi anba men vagabon jalou. Ki genyen Ayiti o ran peyi kote abi ap fe ravaj. Sa koz men'm nan peyi etranje kote pou fan'm ayisyen'n benefisye opotinite pou'l fe pou tet li e pou'l voye ede sal kite deye, yo trouve yo prizonye on seri de neg diktate ke Ayiti prepare ki pote defo yo avek yo.
c) Sa yo ki edike yo, ou jwen moun ki ta dwe fe dokte se agronom yo ye, sa ki ta dwe injenye se yo ki dokte. Pa gin vokasyon, e kiyes ki pral ede abitan andeyo yo. Plis, leta pa gin kob pou peye yo. Se nan Potoprens pou yo gonfle tou ap mache van'n ti le, nan kolej yo, kom pi gwo pwofese segonde. Ka Ayiti pi grav pase aksan.
Mwen ta swete pou tout ayisyen enstwi ki nan diaspora yo ak tou sa ki an Ayiti kanpe fe'm deye edikasyon nasyonal ak tout sa ke yo ka ofri. Pou pwofese ki gin vokasyon jwen bon preparasyon epi tou pou politisyen sispan'n mele lekol ak politik.
Nou ban'm yon ti kiye, mwen pran yon bol. Eskizem koze sou lakay mwen anpil. Sa fe'm lapen'n. Mwen sonje "Guayamunco, Inquite, Samana nan Hinche. Mango kanel, dof, loran, fransik, ti miska, doudous, fil, blan, lanmidon, jeremi, falfan'n,... m'pa ka di anko, se ke'm kap rache jou'm tande se rev pie bwa sa yo ye.
Rout nan peyi Dayiti se yon lot pwoblem. Te'm kite pati sa'a pou yon lot moun fe yon kout kiye.
Mwen pa kwe nan konplet chanjman, men mwen kwe lavi ka miyo pou Ayisyen ni deyo ni lakay. "Le ou konen maladi'ou li pi fasil pou trete o pou soulaje".
N.B. Mwen pat jan'm apran'n ekri kreyol min'm panse mwen kle ase. Sa'a se yon lot pwoblem anko. Li pale yon lang li ekri yon lot. Sa paralize peyi ya. E se yon wont pou yon Ayisyen fe filozofi, li pa ka eksprime'l an franse tout kote'l pase si li pa jwen'n li lakay li, se nan institi franse pou sak kapab al kouvri wont la.
Nan peyi etranje, yo konsidere nou kom pi pov, pi sot, pi salop. Ti moun nou yo ap grandi san prestij. Yo wont di yo se Ayisyen. Yo wont lang kreyol. Yo manje tankou blan, yo chante tankou blan, yo abiye tankou blan. Jenerasyon sa yo Ayiti pedi yo ak tout yon dola nan bous yo. Li le pou Ayisyen leve kanpe, sonnen twompet la pou enpe bagay chanje. San sa peyi ya a pral nan bwat fatra, e la rivye ap potel jete nan lanme.
Podiab Ayiti cheri "La Perle des Antilles".
Mesi Anpil.
- Ayiti ak anvironman li: yon katastròf ekolojik total kapital François-Marie Michel 15/9/2002
- Ayiti ak anvironman li: yon katastròf ekolojik total kapital Guy S. Antoine 31/8/2002
- Ayiti ak anvironman li: yon katastròf ekolojik total kapital François-Marie Michel 15/9/2002