Dolarizasyon echanj komèsyal nan peyi a


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]



Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 24 Septanm 2002 a 03:27:21:

Sa nou panse sou bagay sa ki fè echanj komèsyal nan peyi a fèt nan 3 inite monetè diferan, byen ke youn nan inite sa yo pa reyèl (se yon inite vityèl li ye, men ki gen FÒS LAPRATIK). M ap pale de: 1) goud; 2) Dola meriken; 3) Dola ayisyen (inite monetè vityèl la).

Pou vizitè an Ayiti, bagay sa se yon tèt chaje. Toutan se: de ki dola w ap pale, dola meriken ou dola ayisyen? Touris souvan lonje dola meriken, lò yo mande yo dola ayisyen, yon bagay ou ta panse ki bon pou ekonomi an. Men sepandan, touris lan ap sètoblije achte mwens bagay, sa vle di gen mwens moun ki pwofite, byenke yon grenn machan kab pwofite plis sou tèt lòt yo. Epi tou, byen souvan, lò touris la reyalize tout bon diferans ant dola ayisyen (vityèl la) ak dola meriken, li santi ke yo triche li, ki lakòz li tonbe pale Ayisyen mal ou li pa tounen nan peyi a ankò. Lò mwen di touris, mwen pap nesesèman pale de touris etranje sèlman, men de tout vizitè peyi a.

Epi Ayisyen vin pi fò nan kalkil mantal pase tout pèp: konvèsyon ant goud, dola ayisyen ak dola meriken, yo fè sa tèt kale menm lò yo pa pase sètifika. Sa ki pi remankab la, sè lè goud la ap tonbe (e raman monte) pa rapò a dola a. Mwen kwè Ayisyen gen pou fini pa genyen koup mondyal la nan zafè kalkil mantal la.

Men eske bagay sa bon pou peyi a? Apa redui lavi chè a (ki yon responsabilite ki pi fondamantal ankò gouvènman an genyen), ki sa gouvènman an ta dwe fè pou li nòmalize echanj monetè yo ki kreye konfizyon tèt kale pami moun ki ta renmen fè plis echanj komèsyal avèk Ayiti (menm si se kòm senp touris). Si inite monetè an Ayiti a se goud la, kouman fè deplizanpli Ayisyen pa pale an goud ankò, se an dola sèlman yo pale?

Epi mwen pa menm konnen si zafè "kòb" la egziste ankò.

Nan tan lontan moun te konn pale de "kòb" ou de "santim òr". "Santim òr" te jis vle di "santim meriken" ke ou te miltipliye lavalè pa 5 pou twouve valè li an "kòb". Hum... m ap pale koze lontan, wi!

Lò mwen te piti mwen te konn achte yon bwòs-adan nan episri katye mwen pou senkant kòb (ONE DIME). Konsa tou, mwen te konn ale gade 2 film Eden-Cine chak vandredi pou senkant kòb (ONE DIME) e chak samdi nan "Cine La Gaité" pou senkant kòb (ONE DIME). Mwen te konn achte yon tablèt nwa ki CHAJE ak nwa ladan pou 10 kòb (TWO PENNIES). Bon, pa panse mwen chanje sijè non. Se pa sou lavi chè mwen vle pale, men suiv mwen pou w ka wè pwoblèm mwen te vin konfwonte ak echanj monetè yo, e se depi 1975.

Lò mwen rantre nan peyi a, mwen reyalize mwen te bliye rantre ak bwòs-adan mwen. Ki fè menm jou a mwen soti mwen pase nan yon ti boutik Kanape Vè (se te boutik yon tonton makout), e mwen mande pou yon bwòs-adan. M'sye mande m pou m ba li "90 santim". Etandone ke lò mwen kite pwovens, mwen te konn peye senkant kòb (ONE DIME) pou yon bwòs-adan, mwen twouve sa nòmal ke kounyè a, apre 4 an, pri yo monte e mwen lonje 1 goud bay pwopriyetè boutik la. [Eskize m wi, mwen te panse nèg la te mande m 90 kòb, etandone li pa te janm di anyen an "òr" ou an "kuiv" ou an "platinòm"]. M'sye gade mwen, li di: "Gade koze, KI KALITE GWO SOULYE RANTRE NAN MAGAZEN M LAN LA??? Mwen pa kab fout di ou 90 santim, pou ou lonje yon goud ban mwen! Se si m te di w 90 kòb! Men mwen byen di ou 90 santim, alò se konprann ou pa fout konprann?"

Mwen wè revolvè m'sye sou kote li. Mwen mande l pou l eskize mwen, epi m al fè wout mwen. Se chans nèg la pa te fiziye mwen, paske mwen te konpòte mwen kòm "gwo soulye" alòske mwen te jis sòti aletranje e se te tout plezi mwen pou mwen te kapab fè yon ti komès ak moun lakay mwen.

Mwen pa te konprann diferans ant kòb e santim.

Bon, apre kek semenn, mwen te deside al achte de twa ti chemiz espòtif ak souvètman nan yon ti magazen nan riyèl "C." ki te byen koni alepòk, men li te gen repitasyon ke li te ase chè kòm sa. Men mwen di fòk moun yo fè komès kanmenm, yo pa kapab derezonab nan yon pwen ke m pa kapab pwoche. Epi se pa plis bezwen mwen te bezwen vètman yo, ke mwen te anvi achte kèk bagay nan peyi mwen. Lò mwen gade pri chemiz ak souvètman yo an efè, mwen te twouve yo rezonab. M ap pale de 1975, pa bliye sa!! Mwen wè bèl ti chemiz pou "45", mwen wè chosèt pou "9", mwen wè souvètman pou "22", elatriye. Mwen panse "sa pa pi mal pase sa, paske se menm bagay la mwen ta va peye nan Etazini tou: yon chemiz espòtif "45", sa ki vle di pou mwen $9. Nèf dola ameriken ki te menm ak nèf dola ayisyen, tout dola se te dola, kidonk moun pa te pale de "nasyonalite" dola a. Kidonk, mwen pa pantan, mwen kapab depanse $9 pou yon ti chemiz espòtif. Lò mwen pase nan kès la, mwen lonje lajan mwen, madmwazèl la gade mwen, li di m ak yon bèl souri: "Monsieur, je regrette. Tous nos prix sont en dollars." Se a se moman, mwen reyalize ke bèl ti chemiz espòtif (san reklam) mwen te vle achte a, li pa te $9 non, se te $45 dola li te ye. Mwen di: "Escusez moi, Madame. Je ne savais pas, parce que vous n'avez nulle part indiqué le signe du dollar. Je pensais donc que les prix étaient en gourdes." (monnen ofisyèl peyi a). "Mais, monsieur, cela va de soi." "Merci, madame, et au revoir."

Sa fè mwen pran nan pèlen de fwa. Premye fwa a, mwen pa te konnen ke santim PA TE VLE DI kòb ankò. Dezyèm fwa a, mwen pa te konnen ke si yo pa endike inite monetè a, "cela allait de soi" ke mwen te dwe panse nan inite monetè yon lòt peyi!!

Sa se te an 1975.

Mwen pa kite erè sa yo rive m ankò. Men depi lè a, kalkil mantal fè mikalaw. Lò ou fin pase 2 semèn an Ayiti, ou te mèt prezante nan nenpòt ki gran chanpyona aritmetik.

Petèt ou va genyen yon tablèt nwa, ki pa koute 10 kòb ankò, men ki koute 5 goud ou pi presizeman 1 dola, epi ki gwo tankou yon losti ak mwatye yon nwa nan mitan l. Bòn dijesyon!

Guy S. Antoine




Repons sou sijè sa: