Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 26 Septanm 2002 a 15:50:23:
Pi ba mwen ekri yon mesaj sou "Dolarizasyon echanj komèsyal nan peyi a". Byen ke mwen te fè plizyè referans sou "lavi chè" ak "enflasyon pri konsomatè" ki toujou konsène ni moun ki razè ni moun ki pa razè (men ki blije travay DI pou lajan yo... mwen pap pale de atoufè ak dwòg dilè), mesaj mwen an te rete santre sou fenomèn PALE AK CHANJE LAJAN an Ayiti, kote moun sèvi ak twa espès monetè: 1) goud la, inite ofisyèl la; 2) dola ayisyen, yon inite vityèl ki pa egziste nan okenn rejis e nan okenn lejis; 3) grinbak la, sètadi dola meriken, ki se yon inite monetè etranje men ki pran peyi a pa fòs tankou yon siklòn. Dayè nan echanj komèsyal yo, jounen jodi a, gen plis konkirans ant dola ayisyen (inite vityèl la) ak dola meriken an (inite etranje a) pase "goud ayisyen" an (sèl inite ofisyèl la) ke sanble yon bon pati moun ta prefere iyore nètalkole. Men ki gagòt sa!
Se gagòt sa mwen te adrese nan mesaj pi ba a. Kounyè a, annou pale sou devalorizasyon goud la, epi nou va fini sou pi gwo pwoblèm lan: LAVI CHÈ. Se dènye pwoblèm sa ki pi grav, paske se li ojis ki detèmine si yon moun ou yon timoun ap twouve manje pou li mete nan bouch li ou pa. Literalman, sa kapab yon konsiderasyon de VI ou de MÒ. Li pa toujou ekstrèm konsa: pou sèten, sa kab vle di tou, eske mwen kapab al danse Sweet Mickey ou èske m ap oblije poze dèyè mwen lakay, chache yon lòt ti amizman ki mwen chè, tankou jwe domino pa egzanp. Enplikasyon "lavi chè" varye anpil, suivan mezi resous moun li afekte yo, men fòk nou toujou sonje ke "lavi chè" touye moun tankou nenpòt ki maladi. Dayè gen yon rapò DIRÈK ant "lavi chè" ak SANTE, ak IJYÈN, ak SWEN ou an mezi resevwa lò w tonbe malad, elatriye.
Pou kounyè a, te m jis louvri diskisyon ak yon parantèz ki pa osi VITAL, men ki kapab esplike chòk kiltirèl Ayisyen nan diaspora a sibi achakfwa yo tounen lakay yo. Chòk kiltirèl sa soti nan devalorizasyon goud la ak enflasyon jeneral la ki fè pri konsomatè yo toujou parèt tankou se mòn y ap grenpe san pran souf.
Granmoun ki nan laj 45 an e plis sonje byen lò yon boutèy kola te konn vann pou 50 kòb (demi-goud). Jan mwen te di deja moun Okap sonje byen lò te konn ale sinema Jet Cine pou 30 kòb, ou al wè 2 film pou de gouden nan Eden Cine ou nan LA GAITÉ. Nou sonje tou lò yon tablèt nwa te koute 10 kòb (epi li te chaje ak nwa ladan). Yon sik mant te koute 5 kòb, yon dous lèt te koute 5 kòb amwens ou achte yon "gwo dous lèt" pou 10 kòb. Lekòl PRIVE te konn koute 10 dola pa trimès. Ou te kab achte yon poul pou mwens ke 2 goud. Ak menm lajan sa ou te kab achte yon panye zoranj ou yon sak mango si ou te viv an pwovens. ELATRIYE.
Kounyè a, si tout bagay pote PI GWO PRI sou yo, sa pa ta vle di nesesèman ke se "lavi chè" ki responsab. Nan nenpòt ki peyi kote ekonomi an ap vanse yon jan ki solid e ki konpetitif, pri ap toujou monte men ansanm tou ak pouvwa dacha konsomatè yo. Pa egzanp, AN VALÈ REYÈL, se fò posib ke yon Volskwagen ki te koute nan $2,000-$3,000 dola nan debi ane 60 yo te kapab ojis PI CHÈ pase yon ti machin ki ta koute $12,000-$13,000 dola JODI A. Pri machin yo monte, men an menm tan tou konsomatè a vin gen plis grinbak nan pòch li pou li efektye acha a. Pwoblèm lan natirèlman se lò pri yo ap monte epi kantite lajan ou an mezi depanse rete lan menm nivo ou se diminye l ap diminye. Tankou lò pa gen travay. Anpil moun kab gade yon bwat sereyal nan yon magazen, e moun sa gen dwa santi li pi pre pou l mete yon wòch nan bouch li pou l souse ke l ta an mezi mete sereyal sa nan bouch li. Lò sa, machin menm, se nan rèv sèlman ou wè sa, si ou reve toujou. Machin lan ki pase jete labou oswa pousyè sou ou, ou gen dwa pa menm wè l menm.
Tantasyon pou m kouri pale sou "lavi chè" a toujou ap fè m bliye pale sou lòt ti fenomèn lan, ki poutan jwe yon wòl enpòtan nan envestisman ou nan depans yon Ayisyen ki deyò lontan e ki kontinye panse nan "kalite pri lontan yo" dispoze pou l fè nan peyi a sou fòm dacha pwodui alimantè, konstriksyon kay oswa edifis, kontribisyon pou fanmi yo ou pou devlòpman kominotè, elatriye. Pafwa li difisil pou sèten moun ki gen lontan yo pa ale nan peyi a pou yo konsevwa kouman tout pri vin chanje TÈT KALE. Se lò moun sa rive an Ayiti epi yo mande l 20 goud pou yon boutèy kola li te abitye peye 2 gouden ke moun sa vin santi li depeyize tout bon. Se lò moun sa peye 300 goud pou yon poul peyi li te konn peye 2 goud pou li, ke li blije mande tèt li si se sou menm tè li te viv la li retounen. Men pi bèl kesyon moun sa toujou poze tèt li, men li:
SI PRI SA YO CHOKE MWEN KONSA, MWENMENM KI GEN RESOUS, KOUMAN MALERE AN AYITI RESI VIV MENM?
Ayisyen toujou viv, men konprann kouman yo resi viv la se gwo mistè.
Mezanmi, mwen rete la. Te m fon poze pou mwen wè si gen moun ka pran larelèv sou dosye sa mwen soulve a.
Mèsi anpil pou atansyon nou.
Repons sou sijè sa: