Makonnay ki genyen ant vyolans nan lekòl ak vyolans nan lakou-a.


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Chatiman kòporèl pou elèv lekòl nan peyi a Pitit Ginen te ekri a,

Pitit Ginen afiche mesaj sa, jou 03 Oktòb 2002 a 20:53:00:


Onè tout grenadye,

Guy, kite-m di-w pou kisa mwen panse ke vyolans nan lekòl ak nan kay makonnen. Anpil, anpil fwa se poutèt koze lekòl menm (resitasyon, dikte, oubyen lè paran-l soti, timoun-nan pwofite sove al jwe kite leson-l) ke timoun pran plis pataswèl lakay nou.

Si nap brase lide sou kijan vyolans nan lekòl koule nan ravin sosyete-a, nou paka kite vyolans anndan kay sou kote. Yo tou lè 2 se kòkòt ak figawo, se pase pranm map pase chache-w, se senkant kòb ak degouden.

2 vyolans sa-yo parèt pi makonnen lè-w sonje ke pwofesè-a se yon twazyèm manm nan fanmi-a. S'il bare-w nan sa yo rele fè dezòd lakay nou-an, li gen dwa pliche dèyè-w byen pliche e se priye pou-l pa al di sa lakay-w apre....

Twa manm yon fanmi lakay nou, w konn bagay sa-a pa kè, se moun ki nan fanmi-an, vwazinay-yo ak pwofesè lekòl-la. Mwen dwe ajoute yon katriyèm ki se zanmi fanmi-an, yon senkyèm menm ki se tout sosyete-a.

Men Guy, lè nap pale de vyolans ke vyolans sa-yo mennen nan sosyete-a, de ki vyolans nap pale? Éske nap pale de moun kap touye tèt-yo? Moun kap touye lòt moun ak zam?(2 bagay ki pa prèske ekzizte lakay nou). Manifestasyon ki toujou genyen pou ti krik ti krak? Boulvari dechoukay ki te pase kote pèp-la te blije boule kèk move grenn? (mwen pa kwè nou ka pale de 2 bagay sa-yo tankou de fenomèn vyolans ki chita nan sosyete-a. Lè gen manif. lakay nou jwenn 2 zou 3 vit magazen ak machin ki kraze. Éske nou rele sa vyolans ki pou ta fè nou pran kouri nan la ri?). Éske nap pale de kèk vil pwovens kote kèk vye fanmi nou-yo konn rale manchèt pou zafè tè? Éske se de bagay sa-yo nap pale? Si se ta de bagay sa-yo nap pale, alòs koze vyolans-lan se pa nan sosyete lakay nou sa chita. Pote atansyon sou mo "chita-a".

Plis vyolans ke nou sibi lakay nou se gagòt politik-la ki toujou kreye-l. Lè diktatè ap mache touye moun oubyen yo manipile moun pou al touye moun (tonton makout ak kèk patizan avèg Lavalas ak Konvèjans). Timoun lakay nou pa janm konn sa yo rele fè vyolans. Yo dezòd, wi, menmjan ak tout lòt timoun. Dayè si-w byen swiv, yo rele timoun lakay nou ti vagabon, pou ti fi, yo konn pale de bouzen, men nou pa janm konn timoun lakay nou kòm timoun ki vyolan.

Bon, si pa de vyolans konsa nap pale, nap pale pito de yon vyolans ki fenk fè va sou nan peyi-a, yon vyolans ke move je-yo pimpe bannou lakay. Zafè zenglendo-a, kout van vyolans dròg-la tap simaye nan Pòtoprens pa gen lontan de sa. Nou pa menm bezwen di anyen sou koze sa-a, pase nou konnen ke bagay sa-a pa gen anyen arevwa ak kilti lakay. Jan-m wè bagay-yo gen dwa pa fin sa, men mwen pa wè kouman vyolans nan lekòl bay le bra ak ti vyolans ki gen nan sosyete nou-an oubyen gwo vyolans ki fenk debake sou nou-an ki sot New York ak Montreal sitou ak movèz fwa yon dal politichen (pa gen fot nan dènye mo-a).

Vyolans nan lekòl bay lebra pito ak jan anpil timoun lè yo vin paran, yo kontinye leve timoun pa-yo menm jan yo te konn fè ak yo nan lekòl ak nan kay, sa vle di gwo kout rigwaz.

W te di piga nou melanje 2 vyolans-yo, gen yon bagay ki fè-m wè epi konprann pou kisa. Lè nap pale de vyolans ke mouche konn fè sou madanm-yo anndan kay ki ka detenn sou kèk timoun ki, lè yo vin gran, gendwa kopye konpòtman sa-a(mwen pap di plis sou bagay sa-a, lè-w vin avèl sou tab-la, ma louvri bouch mwen).

Konsèy pou paran ak pwofesè, nap vin ak kèk lide sou pati sa-a pita.

Gen yon bagay pou-n ta fè yon bon brase lide sou li tou asavwa: pou kisa tout vyolans ki genyen nan lekòl, nan kay ak nan politik, yo pa aji sou sosyete-a?

Mwen jete-m.

Pitit Ginen.




Repons sou sijè sa: