Migran Ayisyen bezwen papye menmjan ak tout Ayisyen nan peyi a


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Detwa kòzman GARR sou migran ayisyen yo Editè Fowòm lan te ekri a,

G.A.R.R. afiche mesaj sa, jou 09 Oktòb 2002 a 20:53:36:

MIGRAN AYISYEN BEZWEN PAPYE MENMJAN AK TOUT AYISYEN NAN PEYI A

Se youn nan gwo pwen ki te debat nan yon rankont GARR te òganize nan Pòtoprens, 23 mai 2002. GARR te pwofite de mouvman bay batistè ak paspò gouvènman ayisyen an ap mennen nan jou sa yo nan Santo Domingo, pou poze pwoblèm batistè pou tout pitit peyi a. Anmenm tan, li te vle pataje enkyetid li genyen nan zafè bay papye an Repiblik Dominikèn nan.

Reprezantan divès enstitisyon, òganizasyon dwa moun, biwo Leta, Anbasad Ayiti nan Santo Domingo, te patisipe nan deba yo ki te rich anpil. Doktè Esteban Sanchez, yon avoka dominiken k ap kolabore ak Platfòm Vida, òganizasyon moun nan batey Sid yo, te deplase espesyalman pou rankont la.

Apre 200 lane endepandans, tout ayisyen dwe gen papye

Patisipan yo te dakò pou di li lè li tan pou tout pitit peyi a gen papye ki idantifye yo. Li pa posib pou an 2004, nou fete 200 lane endepandans nou ak yon mas moun ki pa gen okenn papye nan men yo ki di yo se sitwayen, sitwayèn peyi d Ayiti.

Leta ayisyen pa ka deside bay yon ti pòsyon moun an Repiblik Dominikèn papye alòske li pa pran bon jan dispozisyon pou bay tout 8 milyon ayisyen ki rete nan peyi a papye, dapre sa kòdonatris GARR la, Colette Lespinasse, deklare. Se pou sitwayen yo gen papye depi Ayiti.

Bò kote pa l, Doktè Esteban Sanchez deklare " Olye Anbasad Ayiti ta koumanse bay A-yisyen yo papye nan zòn Lès Repiblik Dominikèn jan l ap fè li a, pito li ta koumanse nan Sid paske se la pi fò Ayisyen yo janbe fwontyè a ".

Pwoblèm moun san papye yo an Repiblik Dominikèn

Gen 2 kalite papye moun yo bezwen. Premye papye a se batistè oswa kat didantite pou pèmèt yo konnen ki moun yo ye, nan ki peyi yo soti. Dezyèm nan se papye rezidans oswa pèmi travay ki ba yo dwa rete sou tèritwa a. Lè Ayisyen yo janbe fwontyè a san okenn nan papye sa yo, yo gen gwo pwoblèm. Lè yo viktim zak abitrè, avoka mal pou defann yo, paske yo pa gen yon pyès ki idantifye yo. Lè yo fè pitit yo, yo pa ka deklare yo. Timoun yo pa ka rantre lekòl ni fonksyone nan sosyete a.

Kontrèman a lòt peyi ki tanzantan pran desizyon pou pèmèt moun ki san papye konsa , gen rezidans, Repiblik Dominikèn pa janm bay ayisyen chans sa a. Konsa, nou gen yon dividal konpatriyòt ki nan peyi sa a depi plis pase 10, 20, 30 lane san okenn papye. San konte pitit yo ak pitit pitit yo ki pa ka jwi dwa nasyonalite yo.

Pwoblèm papye a se 2 fas yon menm meday

Pwoblèm ayisyen san papye an Repiblik Dominikèn soti depi Ayiti kote pi fò moun yo pa gen batistè ni kat didantite ak fason moun yo te janbe fwontyè a. Si Leta ayisyen kontante l bay yon pòsyon moun an Repiblik Dominikèn papye, li poko janm manyen rasin pwoblèm nan. Gen gwo mezi ki dwe pran pou fasilite tout ayisyen gen papye depi Ayiti. Pou kounye la a, se yon masuife moun ap monte pou biwo Leta livre w yon batistè ak yon kat didantite. Anmenm tan, fòk yo pa kite anbochay kontinye fèt sou fwontyè a lan menm kondisyon an.

Òganizasyon sitwayen yo gen mo pa yo pou di

Sitwayen ak sitwayèn yo pa dwe bay legen nan yon gwo dosye konsa. Nan sans sa a, patisipan ki te nan rankont GARR te òganize a, bay plizyè lide sou fason yo wè pou pwoblèm papye sa a ta rezoud an Ayiti. Youn nan gwo rekòmandasyon yo fè, se pou òganizasyon k ap reflechi sou pwoblèm nan, fè yon tèt ansanm pou fòse Leta pran desizyon, mete mwayen pou bay ni ayisyen isit ni sila yo ki aletranje papye pou idantifye yo.


Repons sou sijè sa: