Èske migran ayisyen nan Dominikani pa fè pati dyaspora a tou?


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Detwa kòzman GARR sou migran ayisyen yo Editè Fowòm lan te ekri a,

G.A.R.R. afiche mesaj sa, jou 09 Oktòb 2002 a 20:57:58:

ÈSKE MIGRAN AYISYEN NAN REPIBLIK DOMINIKÈN PA FÈ PATI DYASPORA A TOU ?

Se kesyon yon moun ka poze lè w gade kijan yo mete konpatriyòt sa yo sou kote nan gwo chita pale, konferans, oswa aktivite Leta ayisyen oubyen sektè biznis la abitye òganize sou koze dyaspora, jan sa fèt nan mwa jen 2002 a, nan Pòtoprens

Ki sa mo dyaspora a vle di ?

Nan tan lontan, yo te sèvi ak mo sa a pou pale de juif ki te kite peyi Palestin epi ki t ap viv an gwoup aletranje. Pi devan, yo vin sèvi ak tèm dyaspora a pou gwoup natifnatal yon nasyon k ap viv lòtbòdlo. Se konsa yo pale de dyaspora ayisyen kidonk, se gwoup ayisyen, ayisyèn ki tabli aletranje.

Kilès ayisyen ki fè pati dyaspora a toutbon vre ?

Nan dat 20 jen 2002, yon gwoup bizismann ki gwoupe tèt yo nan yon òganizasyon ki rele CLED (Sant pou biznis lib ak demokrasi) òganize yon gwo konferans nan Pòtoprens sou dyaspora. Sijè konferans la se “ DYASPORA AYISYEN, YON PATNÈ ENDISPANSAB POU DEVLÒPMAN EKONOMIK PEYI D AYITI “

Plizyè pèsonalite ki soti lòtbòdlo, sitou nan peyi Etazini, bizismann ak minis ayisyen k ap viv aletranje, te patisipe nan chita pale sa a. Konferansye yo fè sonje se apeprè 800 milyon dola ameriken pitit tè a k ap viv aletranje, voye bay fanmi yo ki rete pa bò isit. Sa depase èd peyi etranje konn bay Ayiti chak ane. Kidonk, premye bourad peyi a jwenn se nan men pitit li k ap travay nan lòt peyi. Yo tout merite konsiderasyon. Men, malerezman, nan pi fò diskou ki fèt nan sikonstans la, nan tou sa jounal te rapòte, koze sou dyaspora ayisyen ki an Repiblik Dominikèn la, prèske pa pale. Menm lè y ap site 10 peyi kote Ayisyen ap viv, yo mete sila yo ki an Repiblik Dominikèn, an dènye. Ziltik kote yo di gen 20 mil ayisyen, plase anvan Repiblik Dominikèn kote gen 800 mil ayisyen k ap viv. ( Le Nouvelliste, 20 jen 2002).

Bò kote pa l, minis ayisyen k ap viv aletranje a, Leslie Voltaire, te deklare youn nan pwen pwogram Ministè li a, se mete kou angle pou anplwaye yo, yon fason pou yo ka alèz ak moun nan dyaspora a ki pale angle. Li di ankò « Dyaspora ayisyèn nan ki fòme pou 89 pou san ak ouvriye, reprezante ak tout pitit li yo yon klas mwayèn kote timoun yo ale nan bon lekòl, pran bon fòmasyon epi fè anpil pwogrè parapò ak paran yo ; Gen plis pase yon milyon edmi timoun ayisyen ki lekòl, e k ap bay bon rezilta; nan sans sa a, jouranjou, ministè ayisyen k ap viv aletranje, se yon ministè klas mwayèn (kidonk klas ki ant boujwazi ak mas pèp la) » .

Dapre sa konstitisyon peyi a di nan atik 18, tout ayisyen egalego devan lalwa, e Leta pa la pou yon gwoup moun. Nan sans sa a, li pa ka mete pati nan dyaspora ayisyen ki an Repiblik Dominikèn lan sou kote. Dyaspora ki ap viv lakay vwazen se gwoup dyaspora ki merite plis atansyon pou plizyè rezon.

Se youn nan gwoup dyaspora ki pi ansyen, apre ayisyen ak ayisyèn ki nan peyi Kiba. Li vanse gen syèk.

Se gwoup dyaspora ki pi pre peyi d Ayiti. Ayisyen ak desandan ayisyen an Dominikani pa bezwen avyon pou antre Ayiti. Se yon senp liy fwontyè pou yo travèse.

Se youn nan gwoup dyaspora ki pi plis. Yo evalye migran ayisyen ak desandan yo an Repiblik Dominikèn reprezante plis pase yon milyon moun.

Se youn nan gwoup dyaspora ki merite plis reparasyon. Depi lontan, dirijan ayisyen pran abitid fè kòb sou tèt gwoup dyaspora sa a e yo merite reparasyon. Soti lane 50 yo pou rive 1986, prezidan ak lòt zotobre siyen gwo kontra anbochaj sou tèt plizyè milye koupèdkann epi klase milyon nan pòch yo. Pi lwen toujou, epòk masak lame diktatè Trujillo, an 1937, gwo chèf nan peyi d Ayiti, resevwa pri kadav chak konpatriyòt ki te peri nan masak la epi pataje lajan sa a antre yo pou bati chato, monte biznis, voye pitit yo nan gwo lekòl aletranje...

Se youn nan gwoup dyaspora ki plis bezwen yo leve diyite l. Mepri ak eksplwatasyon gwoup dyaspora ayisyen an Repiblik Dominikèn ap sibi, sitèlman grav, anpil òganizasyon sou latè sètoblije mete bouch lan sa, depi apeprè 40 lane. Pami òganizasyon sa yo, nou ka site SOSYETE KONT LESKLAVAJ ki baze nan peyi Angletè ak OGANIZASYON ENTÈNASYONAL TRAVAY (OIT). Jis jounen jodi a, lòt òganizasyon entènasyonal e menm òganizasyon frè ak sè dominiken tankou ONÈ RESPÈ, SÈVIS JEZUIT POU REFIJYE, kontinye ap denonse move sitiya-syon gwoup dyaspora sa a ap viv. Kidonk, Leta ayisyen limenm pa dwe kite gwoup dyaspora sa a nan ban dèyè.

Se gwoup dyaspora ki travay nan pi move kondisyon pou l soutni fanmi l. Menm lè gwoup dyaspora sa a repre-zante kolòn vètebral sektè enpòtan nan ekonomi dominikèn lan tankou sektè kann, kafe ak konstriksyon, se yo ki pi mal touche e ki gen plis difikilte pou leve pitit yo. Anpil gwo kay, batiman Leta, wout, pote mak men yon dividal mason ayisyen ki ranmase anpil konesans tou nan konstriksyon. Peyi d Ayiti ta ka pwofite de eksperyans yo si Leta vle sonje moun sa yo egziste.

Se yon gwoup nan dyaspora ayisyen an ki sibi plis prejije. Yo sibi 2 kalite prejije : prejije anti-ayisyen ak prejije koulè. Prejije sa yo kont gwoup dyaspora sa a sitèlman fò, otorite yo konn depòte pwòp sitwayen ak sitwayèn dominiken sou koulè po yo. Yo pran yo pou ayisyen. Menm etidyan ayisyen ki gen bon papye k ap etidye nan inivèsite konn sibi mezi abitrè sa yo. Pran desizyon kont yon moun sou koulè po li, se yon gwo zak vyolasyon dwa moun tout gwo akò entènasyonal tankou Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun kondane. E Leta ayisyen gen devwa pou denonse mòd zak sa yo devan enstans entènasyonal ki konsène. Li dwe bay gwoup dyaspora sa a tout sipò li bezwen epi mete l devan nan tout aktivite l ap fè onon dyaspora a.

Se youn nan gwoup dyaspora ayisyen ki plis bezwen yo ede l defann avni pitit li. Nan peyi Etazini, Kanada, Matinik, Gwadloup, Giyàn, Lafrans, pitit yon bann ayisyen ki pa konn li, pa konn ekri, rive jwenn opòtinite pou yo ale lekòl, aprann metye epi devlope tèt yo nan sosyete a. Pi fò nan gwoup dyaspora ayisyen ki an Repiblik Dominikèn pa gen chans sa a. Anpil pitit yo ki fèt lòtbò a pa rekonèt kòm sitwayen dominiken jan konstitisyon peyi a di sa. Se youn nan pi gwo abi desandan ayisyen sa yo ap sibi. Lavi yo sanble tèt koupe tou ak lavi mizerab papa ak manman yo malgre yo sou plizyè jenerasyon. Anyen pa chanje pou yon makòn fanmi, sa ki fè li difisil pou yo vin fòme yon gwo ' klas mwayèn ' jan minis Voltaire ap vante sa pou pati nan dyaspora a ki lòt kote yo.

Se yon devwa moral pou Leta kore pati dyaspora ayisyen an ki an Repiblik Dominikèn

Leta ayisyen, atravè Ministè ayisyen k ap viv aletranje, gen nan pwogram li pou li fè aktivite ak dyaspora ayisyèn lan an 2004. Ki sans selebrasyon sa a ap genyen si yon lòt fwa ankò, leta bliye gen anpil plantasyon sik an Repiblik Dominikèn kote ayisyen ap jemi tankou nan tan lesklavaj : travay san pran souf, menm ledimanch, pou yon pousyè lajan, anba kout baton, move tretman ak imilyasyon. Li lè li tan pou pratik diskriminasyon kont mas konpatriyòt ayisyen ki an Repiblik Dominikèn lan fini. Pati nan dyaspora a k ap viv lòt kote dwe fè plis solidarite ak ayisyen ki an Repiblik Dominikèn yo. Yon fason pou drapo ble e wouj la pa fete an 2004 ak yon moso chire.




Repons sou sijè sa: