Èske migran ayisyen nan Dominikani pa fè pati dyaspora a tou?


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Èske migran ayisyen nan Dominikani pa fè pati dyaspora a tou? G.A.R.R. te ekri a,

Jean-Marie Beaudouin afiche mesaj sa, jou 10 Oktòb 2002 a 11:29:38:


G.A.R.R.,

Nou voye you gwo koutchapo pou Kanmarad GARR-la ki ekri bèl tèks sa-a. Pou nou se you tèks ki ganyen you karaktè hotman objektif, ki retrase lan bonjan timamit estime move kondisyon lavi ke otorite sendomeng-yo enpoze bay sè ak frè nou-yo laba-a. Men tou pwofondè atik-la mete anrelyèf kapasite ak potansyalite ke travayèz ak travayè nou-yo reprezante lan ekonomi ladominikani.

Konsa, lan sans sa-a, Kanmarad-la tou soulve you gwo entèrogasyon ki adrese-l bay konsyans nasyonal-la e sitou bay LETA Ayisyen-an. Kidonk, malgre mizè-rere ak tribilasyon ke konpatryòt nou-yo ap sibi anba men dominiken; anben yo pwofite kanmenm aprann tou bon ladrès ak konesans nan plizyè domèn laba-a. Sètadi ke reskonsab pa bò isit ta ka itilize-yo lan diferan pòl datraksyon pou devlopman peyi-a.

Byen-antandi si LETA-a ta ganyen you pwogram daksyon nasyonal, e kòm defèt, tout LETA ki ta ganyen you kèlkonk pwojè devlopman; anben li ta dwe posede lan men-l bonjan estatistik ki montwe tout resous imèn ak materyèl-yo ki disponib, ki pou pèmèt-li tabli you bonjan lopinion ki gan pou wè ak egzekisyon pwojè-l la.

Tout LETA, se you LETA klas!
============================

Nou pa ganyen lentansyon pwodwi you refleksyon sou tèz sa-a, byen-antandi pou koulye-a. Men tout sitwayèn ak sitwayen ki ka reyalize e kwè lan tèz piwo-a, anben li ka fasilman wè ak kisa li an afè.

Metisaj ak blanchisaj ki fèt kay vwazen-an e ki te deside anba lotorite LETA dominiken-an menm, anben reprezante you pwazon pou tout peyi-a
===============================================

Sa-a se you lòt koze tou ke nou pap ka devlope pou lemoman, men nou ka toujou retounen sou li lan you lòt okazyon. Sepandan, nou ka di briyèvman ke nou pat dwe janm ganyen tout kantite ak pakèt pitit peyi-a kap sèvi esklav kay vwazen. Evidamman si nou te ganyen you LETA ki rasyonèl ak tèt-li e ki konnen enpòtans ak valè ke listwa nasyon pa nou-an reprezante pou pitit fi ak gason DESSALINES-yo.

Pou Zafè patipri ki ganyen sou konotasyon dyaspora-a, se ankò ireskonsablite lan domèn lakilti ak lapanse Ayisyèn-nan. Pou kisa nou di sa, anben w konnen ke keksyon distenksyon lan dyaspora-a; se you bagay ki vinn kiltirèl, malerèzman. Se konsa konpatryòt nou-yo kap viv lan zile GrannTòk, Bahamas, Trinidad elatrye; anben Ayisyen bò isit pa pale de yo, amwenske lò ganyen katastwòf ak refoulman entanpestif-yo. Alòske konvèsasyon pa janm fini sou sila-yo ki lan gwo dlo-yo, bagay sa-a sanble you gwo defòmasyon lan sikoloji Ayisyèn-nan.

Nou konplimante-w pou jèfò ke wap fè lan kad òganizasyon-w lan, nou remèsye ankò.

Mèsi bokou.

Jean-Marie Beaudouin


Repons sou sijè sa: