Jan Wobè Plasid afiche mesaj sa, jou 16 Oktòb 2002 a 10:27:35:
Gramè ak òtograf kreyòlÈns Mivil, manm Sosyete Koukouy, nan liv gramè li a ki rele : Précis de Grammaire Créole Comparée, ( 1984 ), te resanse 11 klas mo kreyòl. Lè nou eseye adapte Gramè Mivil la ak tandans gramè modèn nan, nou twouve se te youn bèl travay lengwistik. Sof kèk kote nou wè ki ta merite youn ti ajisteman ak tèminoloji modèn nan. Parekzanp, klas adjektif entèwogatif la ak adjektif esklamatif la t' ap sote. Piske, kounye a, yo klase yo anndan Detèminan yo. Ositou, lè nou revizite Èns Mivil ( 1984 ), nou ta kapab di, nan kreyòl ayisyen an, gen 10 klas mo : Non yo, Detèminan yo , Adjektif yo, Pwonon yo, Prepozisyon yo, Vèb yo, Makè yo, Advèb yo, Konjonksyon yo, Entèjeksyon yo.
Jodi a, ann fè kèk konsiderasyon apwopo detèminan yo, kòm premye eleman ki enterese nou, pou lemoman.
Kategori detèminan yo
Nan kreyòl ayisyen an, gen de gwoup detèminan. Yoùn se detèminan agoch, paske li plase agoch non an. Lòt la, se detèminan adwat, poutèt li plase adwat non an. Egzanp :
- Kreyòl la se oun jèn lang entènasyonal.
- Pou demokrasi a fleri, fòk tout ayisyen pote kole.
- Mannigèt sa yo a pa fè mwen pè.
- Chak samdi maten, toulè twa medam yo ateri lagwòt.Nan kategori detèminan adwat yo, nou jwenn :
- detèminan defini tankou : a, la, an, lan, nan, yo
- detèminan demonstratif : sa, sila,
- detèminan posesif : mwen, ou, li, nou, yoNan kategori detèminan agoch yo, nou jwenn :
- detèminan endefini : on, yon, oun, youn, tout, chak, nenpòt, okenn, lè, toulè
- detèminan kantite : zewo, de, twa, kat, san, ......
- detèminan patitif : enpe, anpil,
- detèminan entèwogatif : ki, konbyen , kiyès ou kilès ( Kilès mounn ki rete nan kay la .( Mivil, 1984 ) )
- detèminan esklamatif : ala, ... ( Ala traka pou lave kay tè .)Lyezon ak anchènman nan lizay detèminan yo
Nan kreyòl ayisyen an, gen lyezon epitou gen anchènman ki fèt, lè n’ ap sèvi ak detèminan yo. Pa bliye, anchènman ak lyezon pa menm.
Anchènman, se lè youn konsòn pwononse nan finisman youn mo al frape sou vwayèl ki kòmanse nan youn lòt mo. Egzanp :
- Tout elèv yo merite chanje klas.
- Uit avoka, douz enbesil, senk anana, se pa menm bagay.
- Okenn azireya san konsyans pa ta dwe pase nan eleksyon.
- Li te in è dimaten, lè bal la fini.( cf. detèminan « in », nan zòn Sid la )Tandiske lyezon, se lè nou ajoute youn fonèm flotan, ( osnon youn segman flotan ), ki pa ekri, men ki pwononse, ant vwayèl ki fini youn mo ak vwayèl ki kòmanse youn lòt mo. Egzanp :
- Manje ( y ) a poko pare, afè ( y ) a poko bon.
- Yegede ( y ) a bohoun, bòkò ( w ) a ile jouk nan ziltik.
- Lide yo ( w ) a pa ranje koze ( y ) a ditou.Kategori lyezon yo
Nou kapab di nou jwenn de kategori lyezon nan kreyòl ayisyen an: lyezon fonetik ( lyezon senp lan ) ak lyezon etimolojik. Nou rele dènye lyezon sa a, lyezon efonik tou.
Kategori 1 : lyezon fonetik
Lyezon fonetik la ( lyezon senp lan ) pèmèt youn fonèm flotan ( osnon, youn segman flotan ) pran plas li nan mitan de vwayèl, epi gen règleman fonetik kreyòl ki aplike. Nan ka sa yo, leplisouvan, se de fonèm flotan, fonèm ( y ) osnon fonèm ( w ) ki parèt, selon trè fonolojik vwayèl ki fini mo ki plase agoch detèminan an. ( Cf. Mivil 1984:20 ) Egzanp :
- Tikòmè ( y ) a limen dife ( y ) a kounye ( y ) a.
- Lakou nou ( w ) an tèt anba poutèt nou derespekte konstitisyon ( w ) an.
- Demen ( y ) an pral rive pou Ayiti ( y ) a bèl kou lasirèn.Lyezon an obligatwa ak detèminan adwat la
Nou kab remake, lyezon an obligatwa ant non an ak detèminan ki adwat li a, selon règleman fonetik lanng nan. Lyezon an obligatwa tou, anndan gwoup detèminan an. Egzanp lyezon obligatwa :
- Wete fatra sa yo ( w ) a nan figi moùn.
- Pitit mwen ( y ) an ak pitit ou ( w ) a, yo renmen.
- Alfabetizasyon (w) an pa ka mache san eskolarizasyon (w) an.Remak sila yo ale alankont lide kèk lengwis , tankou Michèl Degraf , (cf. polemik Vedrin ak Degraf, sou windowsonhaiti) , ki panse pa gen lyezon ditou nan kreyòl la, alewè pou lyezon obligatwa.
Lyezon ak detèminan agoch la pa obligatwa ditou
Nou kab remake tou, nan ka detèminan agoch non yo, pa gen okenn lyezon ditou ant detèminan an ak non ki plase adwat li a. Egzanp :
- Youn avyon pa vole, jodi lendi a.
- Ajoute enpe akasan pou mwen, silvouplè.
- De avoka ap diskite devan Lajistis. ( konpare ak : depi de -z- an )Eksepsyon
Sèl eksepsyon ak detèminan agoch yo nou genyen, se nan sitiyasyon lyezon avèk de inite pou mezire tan : ( è ) ak ( an ). . Nan ka sa yo, gen youn lyezon efonik ant detèminan an ak non ki plase adwat li a. Paregzanp, detèminan ( de ) pa pwodui lyezon. Men, avèk inite tan sa yo, ( è ) ak ( an ), gen youn lyezon ki sanse fèt. Egzanp :
- Depi de (z) an, chak de (z) è aprèmidi, de avoka sa yo toujou ap diskite.
Ositou, nou di gen youn lòt lyezon. Epi, nou rele li lyezon etimolojik efonik.
Kategori 2 : lyezon etimolojik efonik
Lyezon etimolojik efonik la, se lè fonèm flotan yo sòti nan oun reyalizasyon lang franse, ( avèk youn detenn imitasyon laten ), ki pa obeyi okenn lwa ni règleman fonetik kreyòl, pou yo vin chita nan mitan de mo kreyòl. Nou rele li efonik tou, paske se oun lyezon yo fè pou bèl fòm, pou bèl son, men san okenn règ . Se sitou nan ka lyezon etimolojik efonik sa yo nou jwenn youn seri fonèm flotan tankou ( n ), ( z ), ( r ) , ( t ) ... Egzanp :
- Li de ( z ) è dimaten, ki sa timoùn ap fè nan lari, asètsèzè ?
- En ( n ) an, ven ( t ) an, katreven ( z ) an, san ( t ) an, ... n’ap feraye pi rèd.
- De san ( z ) an apre Lendepandans, pa ko gen lekòl pou tout timoùn yo non !Remak
N’ ap jwenn youn lyezon etimolojik efonik ki sanse « obligatwa », espesyalman nan 2 ti ka detèminan agoch non an. Swa nan lizay kèk detèminan kantite ki akonpaye avèk « è » ki se youn fòm pou « lè », ki se youn mezi, youn inite pou mezire tan. Swa avèk menm detèminan sa yo ki akonpaye avèk « an », ki limenm tou, se youn mezi, youn inite pou mezire tan.
Òtograf kreyòl : Règ òtograf lyezon fonetik kreyòl la
Ka detèminan adwat yo :
An jeneral, nan ka detèminan yo, lyezon fonetik kreyòl la pwononse, men li pa janm ekri. Nan lizay pale kreyòl, lè n’ ap fè lyezon, nou konnen natirèlman pou nou ajoute fonèm flotan ( y ) oubyen fonèm flotan ( w ). Men, nan lizay ekri kreyòl, nou pa janm ekri yo. Se konsa règ pwonsyasyon an ak règ òtograf lyezon kreyòl la balanse. Egzanp :
- Kandjanhoun an fèk kòmanse nan lakou a.
- Jodi madi a, pa gen foutbòl sou teren an.
- Pale li pale a, tout bagay rantre nan lòd.Aplikasyon règ òtograf pou lyezon etimolojik efonik la
Ka detèminan agoch yo :
Piske nou deja aplike youn règ òtograf, nan ka lyezon senp yo, pou detèminan adwat yo, èske nou pa ta dwe aplike li nan ka lyezon etimolojik efonik yo, pou detèminan agoch yo tou ? N’ ap gen youn sèl règ òtograf, senp epi regilye, ki kapab aplike pou tout ka ekriti lyezon yo nèt.
Konsa, kit detèminan an adwat oubyen agoch, lò sa a, se konesans nou genyen nan lanng nan ki ap pèmèt nou detèmine kòrèkteman, ki lè pou nou fè lyezon an ak ki lè pou nou pa fè lyezon an.
Nou deja idantifye 3 ou 4 fonèm flotan (n, z, r, t ) ki akonpaye inite pou mezire tan tankou ( è, an ). Sanble se fonèm (z) la ki pi popilè. Annou fè egzèsis aplike règ òtograf pou lyezon kreyòl yo avèk kèk fonèm sa yo.
Pingga nou bliye : lè nou ajoute fonèm flotan an, nou pwononse li , men nou pa janm ekri li. Fòk nou fè avèk fonèm sa yo ( n, z, r, t ), menm jan nou fè ak 2 lòt fonèm flotan yo : fonèm ( y ) ak fonèm ( w). Egzanp :
- De avoka sa yo ap diskite depi de ( z ) an, jouk jodi mèkredi a.
- Manje a fèk fin pare , twa elèv sa yo parèt a twa (z) è tapan.
- Nan san an ( san (t) an oubyen san (z) an ), Ayiti dwe miyò pase jodi a.
- Sis (z) è diswa pa ko fin sonnen, oungan lakou tanmen kwape move zè.
- Èske laj majè Ayiti se toujou venteyen (n) an ? ( ≠ venteyen (y) an ; detèminan agoch )
- Mwen touche chak venteyen. Depi venteyen (y ) an rive, fòk mwen touche.Kòmantè :
Avantay aplikasyon règ lyezon sila, li pa kreye okenn alomòfi ki gen arevwa ak okenn lyezon efonik etimolojik, ni pou detèminan yo, ni pou non yo, ni pou adjektif yo, ni pou prepozisyon yo, ni pou advèb yo, ...Senpman, li mande pou bouske konesans lanng nan epi ou aplike li.
Kontrèman ak youn lòt tandans mòfo-fonolojik avèg ki pral oblije mesyedam lengwis yo kreye youn bann ak youn pakèt alomòfi detèminan tankou ( enn, dez, twaz, vent, sanz, sant, …/ en, de, twa, ven, san, ... ), alomòfi non pou mezire tan tankou ( nè, nan, tè, tan, vè, van, ... / è, an, ... ). Paregzanp :
Dez an, vent an, enn an, ... / de zan, ven tan, en nan, ...
Twaz è, siz è, ... / twa zè, si zè, ...Gen anpil lòt alomòfi yo kreye, sitou akoz lyezon efonik etimolojik yo : tankou alomòfi prepozisyon ( ann, sanz, ... ), alomòfi advèb tankou ( byenn, trèz, ... ), alomòfi adjektif tankou ( bonn, movèz, ... ).
Ago ! mesyedam. Fòk nou fè byen atansyon pou kreyòl pa tonbe anba maladi frankofoli. Alomòfi ka toujou kreye, men fòde li koresponn ak youn reyalite nan lanng kreyòl la.
Men egzanp kèk fraz ki sòti san okenn lyezon etimolojik efonik, ki obeyi règ pwononsyasyon kreyòl enpi ki kapab ede nou pou nou reflechi pi plis sou kesyon an.
- Nou dwe pale kreyòl san efò. / ( san ( z ) efò ).
- Fòde nou trè alèz pou nou ekri kreyòl. / ( trè (z) alèz ).
- Ayiti, anpil jèn ap fè efò pou yo sòti byen abiye. / ( byen (n) abiye )
- Vwayaje nan avyon, tounen nan elikoptè, sitiyasyon an pa janm chanje.Jan Wobè Plasid
pwofesè kreyòl,
manm Sosyete Koukouy Seksyon Kanada.