Bannzil Kreyol Kiba: yon eskeryans san parèy


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Serge afiche mesaj sa, jou 22 Oktòb 2002 a 00:38:17:

Kanmarad sou fowòm lan,

Map voye gwo salitasyon bay nou tout. Mwen te yon ti jan okipe, se sa ki fè mwen gen de twa jou mwen pa patisipe. Mwen tap li kèk echanj sou fowòm lan, men mwen panse de moun tankou Editè a ak Kanmarad François kouvri tout bagay. Olye mal pèdi tan repete sak di deja, mwen pito fè yon ti rale sou yon pil ak yon pakèt eksperyans mwen sot viv la nan dat 12-14 oktòb 2002. Jiskoulye a, se flote map flote. Map pale gwo Festival Kiba Kreyol ki sot fèt nan peyi Kiba lòt jou a ki te rele: Bannzil Kreyòl Kiba.

Pou koumanse, sa sa vle di : Bannzil Kreyòl Kiba?. Map dekonpoze mo yo pou nou: Bannzil= bann zile yo (ki pale kreyòl yo); kididonk Bannzil Kreyòl kap reyini nan Kiba nan yon gwo konbit. Se Hilario Batista Felix ki se Prezidan ak Pwomotè gwo mouvman sa nan Kiba. Manman objektif Festival se "ankouraje etid ak konsèvasyon lang kreyòl la nan Kiba e nan zon Karayib la, epi rive jwen mwayen pou gen yon echanj eksperyans nan pami tout moun ki enterese pou konsève idantite ayisyen an epi pou bal bon jan jarèt."

Mwen pa kache di nou, nou youn pa ta regrèt viv eksperyans sa, kote ou wè ti moun tankou gran moun, Ayisyen dezyèm ak twazyèm jenerasyon, Kiben 100 pou 100, ti moun ant 8 ak 14 lane, ap pale kreyòl, ap danse folklò peyi gran papa ak gran manman, yo kom si se la yo te fèt.

Hilario Batista Felix, Prezidan mouvman sa nan Kiba, se yon Kiben-Ayisyen ki pale kreyòl kon rat. Asistan li, se yon Kiben-Ayisyen ki gen papa li ki te rive nan Kiba ak madanm li lè li te gen 17 lane. Jean (Juan), se konsa Asistan Hilario a rele, tap esplike nou li panko janm rive Ayiti, epoutan, tout konpòtman li, jan li pale, mo li anplwaye yo, tout kò li respire Ayisyen. Se pa de ri li fè nou ri.

Festival la te inogire nan Teyat Bertold Brecht nan Kapital La Havan lan. Se Anbasadris ayisyen nan Kiba, Madan Marie-Andrine Constant ki te louvri konferans la apre yo te fin jwe Tèm nasyonal Kiba ak Ayiti. Apre sa, Hilario Batista te pran mikro a pou li swete byenvini bay tout patisipan yo. Apre sa, se te yon kanaval reprezantasyon kiltirèl!.

Se wè pou nou ta wè sa. Yon gwoup 12 a 15 jen ti fi Kiben ak Kiben-Ayisyen kap danse ak kostim yo, bè koregrafi, ak yon disiplin!. Men nan tou seri sa , gen yon reprezantasyon espesyalman ki fè plim monte sou do tou moun nan teyat la. Gen yon jen ti fi Kiben ki danse yon koregrafi sou drapo ayisyen, sou mizik Carole "Maroule" Demesmin. Map di nou sa la, men se la pou nou ta la pou santi emosyon ak elektrisite nan teyat la. Non sèlman ti jen fi a danse byen, men li mete tout nanm li nan nan mouvman yo; se te yon melanj emosyon ak elegans, santiman patriyotik sou lestrad la, aloske ke jen fi a tap evolye ak asirans nan tout grasyèzte li. Mwen pat janm wè bagay konsa e map di nou, lè li fini, gen anpil moun ki te gen dlo nan je yo.

Yon pati nan Festival la te fèt nan sant kiltirèl Kreyòl Kiba nan yon ti vil yo rele Cotorro. Anvan sa, yo te menen nou vizite yon legliz katolik istoryk nan zon nan e nou te apresye richès legliz sa. Pou nou menm Ayisyen nan gwoup la, se te ak anpil emosyon nou te rankontre mari Martha Jean-Claude ki rele Victor Miraval, yon gwo pent nan Kiba. Li tap di nou kouman li pase 35 lane marye ak Martha e ou te ka santi li manke li. Ak chemiz Pepe Baya li sou li, malgre misye gran moun, li nan mitan tout bagay ayisyen.

Nou kase tèt tounen nan sant la kote te gen yon seri konferans ki fèt sou kreyòl la. Fòk mwen di nou ke anplis Kiben, Kiben-Ayisyen, ak Ayisyen ki te prezan, te gen reprezantan Gwadloup ak Matinik tou. Nan sant la, apre yon seri konferans, tab won, ak diskisyon ki fèt, kote te gen anpil patisipasyon nan asistans, nou pase nan yon gran sal nan lantre batiman an, kote te gen yon koken chen manifestasyon kiltirèl ankò. Yon gwoup dans ki gen ti moun 8 lane rive sou 14 lane te bay yon gwo prezantasyon ki kenbe tout moun sou konpa yo. Ti moun yo danse yanvalou, rara, yo fè dans koulèv la , yo danse bale, yo danse cha cha cha elatrye.

Yon moman kle nan pati sa, se lè yon kouzinn Jean (Asistan Hilario) chante mizik Farah Juste la: Allelu ia pou Ayiti.

Dènye pati a, se te kanaval rasin nan nèt. Yon gwoup rasin Kiben-Ayisyen ki gen 3 chantè ladan ak twa kiben tonbe vide tanbou sou moun. Anvan ou bat je w, tout moun andedan sal la tap danse rara. Moun ki tap pase nan lari a tande kalite tanbou sa, yo antre. Se jis vè 6.p.m. fèt la fini.

Malerezman, nou te blije kite Kiba nan lendi maten, ki fè nou pa asiste aktivite nan jounen lendi a, men, pou sa nou patisipe nan de jou sa, nou gen tan pran kont sewòm nou. Kilti Ayisyen an nan Kiba byen vivan. Desandan Ayisyen yo gen yon travay yap fè lòt bò, se yon bagay ki san presedan. Yo travay nan tout libète; yo gen sipò otorite yo nan zon e sitou, yo kenbe kilti ayisyen an byen byen wo. Se pi gwo bagay koulye a pou yon kiben fè konen li gen yon ti tak san ayisyen andedan li. Se pi gwo lonè pou kon pale kreyòl, pou kapab di gran papa w oubyen gran manman w, se te Ayisyen li te ye. Vreman, nou menm Ayisyen ki te la, nou pa janm santi nou osi wo, osi fyè, osi onore, lè nou wè ki jan Kiben yo trete nou.

Map eskize mwen ke mwen pale lontan konsa, men, mwen kwè ke mwen ta malonèt si mwen pat pataje eksperyans sa avèk nou sou fowòm lan. Se te yon bagay fòmidab, se te yon manman eksperyans. Konferans sa ap fèt chak lane nan menm epòk la. Ane sa, se te dezyèm fwa sèlman li fèt. Map ankouraje nou pou nou fè plan pou lane pwochen. An nou fè yon gwo gwoup pou nou voye bon jan reprezantasyon nan pwochen konferans lan. Fè m konfyans, nou pap regrèt.

Map fè yon kanpe la. Mwen deja pale twòp e map eskize mwen bò kote Edite pou gwo rale sa, men plis mwen tap ekri, se plis bagay yo tap vini. Se gwo jefò mwen fè pou mwen kanpe la.

Serge


Repons sou sijè sa: