An repons a: Eksperyans pèsonèl e plas yo sou Fowòm lan Guy S. Antoine te ekri a,
Balendjo afiche mesaj sa, jou 10 Desanm 2002 a 20:54:46:
Onè ak respè pou lakou-a,Editè mwen tande pawòl konsekan ke-w di-yo. Anvan m al pi lwen pèmèt mwen di ke mwen te remake absans-w nan fowòm-nan pandan yon ti bout tan e sa te kòmanse trakase-m. Mwen t ap mande-m si gen kèk bagay ki dwe deranje-w nan fowòm-an e ki ta pouse-w fè yon ti kanpe e menm dekouraje. Mwen pat fin nan lerè nèt pase jan-w pale-a w di klè ke-w pa renmen jan diskisyon-yo ap dewoule. Fòk mwen di ke-m te renmen oryantasyon ke-w te kòmanse bay fowòm-nan nan vini ak sijè tou nèf de tanzantan. Mwen panse ke se te trè enpòtan. Pase si se w ki pran tèt brase lide-yo, li pi fasil pou nou menm patisipan ale nan yon direksyon olye se ta yon lòt patisipan ki tout tan ap vin ak sijè tou nèf.
Antouka, mwen li byen mesaj wa. Jan w defini temwayaj pèsonèl-la li trè enpòtan, mwen espere patisipan fowòm-lan pran mesaj-la. Se pa sèlman temwayaj pèsonèl-yo ki enpòtan men lide pratik-yo enpòtan anpil tou. Sou kesyon pwatik sa-a pa prèske gen anyen ki di nan fowòm sa-a. Si te gen bagay ki te di nan sans sa-a w pata pale konsa : " E nou menm Ayisyen ki sa nou kapab fè pou peyi nou? ATIKILE KI SA NOU VLE ". Se sou pwen sa-yo, pandan m ap fin konplete temwayaj-la w mande-m nan, m ap vini pita an longè e an lajè.
Dosye : Devlopman Kominotè. Lè mwen fè yon lòt koudèy sou dosye sa-a, mwen remake ke patisipasyon-an te prèske a zewo. Li te a zewo menm, pase de grenn patisipan-yo pat chita nan sijè-a. Dosye sa-a bay yon ekzanp klè de move mantalite ki genyen lakay nou. Mwen gen lenpresyon ke anpil nan konpatriyòt nou-yo poko konprann kisa ki rele òganizasyon e ki enpòtans-li.
Se nan sans sa-a anpil nèg poko fin konprann mwen lè m ap pale de "òganizasyon", "òganizasyon", ankò "òganizsyon". Gen zanmi-k panse m ap pale de lit ame. Pou rezon pèsonèl, mwen chanje sedonim plizyè fwa nan fowòm-nan. Sa vin koz ke kèk kamarad pa rive konprann pozisyon-m a 100%. Nan dènye mesaj mwen-an ki gen tit "Yo leve dwapo blan", anpil zanmi panse ke se lit ame m ap ankouraje. Poutan, mesaj mwen bay-la se ekzanp "Detèminasyon", "kouray" ak "Volonte".
Dosye : Mouvman Popilè, òganizasyon de baz yo. Se youn nan yon bann sijè ki te pi enteresan nan fowòm-nan. Nan sijè : "Eleman kritik nan diskisyon sou mouvman popilè-a", lè mwen fè yon lòt lekti sou sa ke Lwijan Boje (Balendjo) te ekri nan dat 12 Out 2002, mwen panse gen kèk bèl lide pratik ki te soti. Nan mesaj sa-a, mwen te di tou ke zafè gè sivil-la se pa nan kan òganizasyon popilè-a l ap soti, men bò kote reyaksyonè-yo e ke nan ka sa-a fòs pwogresis-yo pap gen chwa ke defann tèt nou.
Gen yon lòt sijè ke mwen twouve ki te enpòtan anpil e ke nou te ka revini ak li sou fowòm-nan :
"Konbyen tan AYISYEN ki nan peyi etranje kapab souteni ekonomi peyi DAYITI". Lè-m al fè yon lòt koudè sou sijè sa-a, mwen wè ke pat gen okenn gwo brase lide ki te fèt sou yon sijè enpòtan konsa. Mwen wè kèk bèl lide ki te parèt, men yo te manke devlopman ki te ka fè yo tounnen de veritab plan devlopman ak pwogwam ekonomik. Pakèt kesyon mwen wè Guy te poze nan sijè sa-a, mwen pa wè repons pou-yo.Sa pou-n pa bliye kamarad-yo, peyi-a gen pwoblèm politik, men sa paka anpeche ekonomi-a fonksyone pou sa. Si nou pran Meksik ak Kolonbi ki nan lagè kounye-a, sa pa anpeche ekonomi peyi sa-yo mache kanmenm. Menmsi peyi-a gen pwoblèm politik, koze solisyon pratik sa-a rete yon eleman ki ekstrèmman enpòtan nan devlpoman peyi-a. Menmsi li vre ke direksyon politik peyi-a jwe yon gwo wòl nan devlopman peyi-a, sa pa dwe anpeche nou panse seryezman sou enpòtans Devlopman Kominotè, Koutmen Dyaspora-a, sa NOU menm ka fè elatriye.
Kenbe fè-m zanmi-m yo.
Balendjo
- Temwayaj sou zafè Alfa ann Ayiti Balendjo 14/12/2002