Lèt tou Dekachte yon Pitit Ayiti Voye pou Prezidan Aristide


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Lèt tou Dekachte yon Pitit Ayiti Voye pou Prezidan Aristide Hum! te ekri a,

padel afiche mesaj sa, jou 24 Desanm 2002 a 19:26:42:

Se malere ane a ap fini e l ap kite anpil kanmarad nan menm eta li te jwen yo premye janvye 2002.
Se lapenn tou, ane a ap fini l ap kite frè ak anpil sè nou yo nan yon chirepit san fen kote tout zòrey bouche pou youn pa tande lòt.
Se tris pou ane a ap fini pou l ap kite opozan tankou gouvenman san direksyon ni entelijans pou gade peyi a anvan mouvman gwo ponyèt, manifestasyon, kontmanifestasyon ak negosyasyon malatyong.
Se pi tris toujou lè n kite tidifeboule antre nan mitan n e mete lakonfizyon ak batay.
Si n eseye dekante e analize rezilta rayisman, tèt di, dezòd, ipokrizi,move lang/koutlang elatrye.. Kisa n realize si se pa plis rayisman, plis joure, plis radòt pale anpil, plis anmèdman, plis bloke tout yon peyi.
Tankou mwen wè sa make nan tout lari potoprens mwen di menmjan an: Ipokrit Sispann Bloke Peyi a.
Nou espere ane sa k pa vini an a pote plis sajès nan tèt tout moun. Nou espere larezon a fè limyè nan tèt nou poun sispann rayi frè ayisyen parey nou, pou chase tout MoUnPa kap mete tidifeboule nan mitan nou, poun leve tèt nou e elimine koudeta nan san n, poun sispann volè leta, poun aprann respekte dwa tout moun, poun sispann pale peyi n mal e ankouraje kraze zo pèp lan. Poun aprann kreye travay. Poun sispan fè vye politik kraze brize.
Pou infwa nan listwa n, ann eseye respekte manman lwa peyi a.
Wi se sa n ta swete pou ane 2003 an. Ann fouye ton gwo twou e ann entere rayisman. infwapoutout.



Repons sou sijè sa: