An repons a: Lèt tou Dekachte yon Pitit Ayiti Voye pou Prezidan Aristide padel te ekri a,
nanmera afiche mesaj sa, jou 25 Desanm 2002 a 14:26:18:
Mwen wè ekrito sa a sou plizye miray nan kapital la " Ipokrit sispan bloke peyi a". Sa a se ti toya Lavas ap voye bay opozisyon an. Mwenmenm sa mwen paka konprann: kouman fè pou Lavalas gen pouvwa nan menm l epi pou yon lòt gwoup moun anpeche l aplike plan developman(si ligen yon plan) li gen pou pèp la. Si granmoun nou (kominote entènasyonal la)pa bay Lavalas lajan se paske lavalas paka pliye l ak kondisyon yo: Mete lòd nan systèm adminystratif ou sispann gaspiye lajan, mete kòd nan kou kriminèl(sispann enpinite), mete sekirite nan peyi a, fòme yon konsey elektoral kredib pou oganize eleksyon nan peyi a. Men sa selman yo mande dirijan yo pou yo fè pou yo ka jwen lajan. Men, jiska prezan ki efò nou wè k ap fèt bò kote gouvenman.Sou sèl sa lavalas kanpe se eleksyon. Tanpri eksplike m, kouman potansyèl kandida yo pral fè pou reyini patizan,pou yo k fè kanpay lè chimè, OP ak Lame kanibal enpoze opozan Lavalas yo manifeste. Nan kondisyon sa a kouman eleksyon sa a pral dewoule! Lavalas bezwen fè yon lòt bouyivide menm jan ak 21 me. Yon lòt keksyon k ap pale: se respekte konstitisyon nan kite prezidan an fè manda li. Yon bagay pou nou pa bliye menm konstitisyon sa tou bay pèp la dwa tou pou ranplase tout gouvenman enkopetant, ki pap fè travay pèp la te vote l pou fè a. M ap mande eske nou menm ayisyen n ap kite pasyon non, mantalite patisan nou kite peyi ale nan direksyon li ye la pou yon lòt 3 zan.