An repons a: Lèt tou louvri pou Prezidan Aristid Sylvain Morisseau te ekri a,
nanmera afiche mesaj sa, jou 30 Desanm 2002 a 16:03:48:
Lè m ap li komantè ou yo mwen ri anpil. Mwen pa wè yon moun ki gen lespri, k ap reflechi ka pale mòd koze kremòl sa yo. Sa bay lapenn!. Bon gen 2 bagay mwen pa tande sipòte lavalas yo pa di ankò, oubyen ou k ab bliye ajoute l nan komantè ou yo: 30 an Divalyeris la ki mete peyi ya kote li ye ya. Epi 3 zan koudeta nou pa mansyone l ankò.Si m byen konprann pou nou menm patizan se byennèt Lavalas ak Aristide ki konte pou nou, peyi a mèt efondre. PODYAB AYITI!
Avek respè
- Lèt tou louvri pou Prezidan Aristid Sylvain Morisseau 31/12/2002