Lèt tou louvri pou Prezidan Aristid


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Lèt tou louvri pou Prezidan Aristid nanmera te ekri a,

Sylvain Morisseau afiche mesaj sa, jou 31 Desanm 2002 a 00:39:52:

Se byen malere ke mwen pa gen lespri pou reflechi sou peyi jan'w ta vle fe kwe-a. Mwen pa menm gen chans patisipe nan alfabetizasyon an pou ta o mwen aprann li ak ekri. Antouka, si janm map gade nou an se sa ki vle di lespri, mwen prefere mouri sot! Petet se sotiz mwen yo ki anpeche mwen jalou de sikse prezidan an. mwen se pep, nou anpeche lavi'm chanje nan konplote pou detwi tout ti lespwa mwen yo. Mwen pat janm plis pase sa nan zye nou. Nou sevi ave'm lo nou vle pou defann zafe pa nou. Mwen sispann swiv wout pyeje nap trase yo pou idantifyem ak klas mwen ki se mas pep la. Antouka, menm si m'pa gen lespri, mwen konprann kanmem ke se jalouzi nap fe!
Yon tip ayisyen nouvo pou yon ayiti nouvel!


Repons sou sijè sa: