An repons a: mesaj dè rèmèwsiman e ankourajman pou editè fowòm la Widy te ekri a,
padel afiche mesaj sa, jou 31 Desanm 2002 a 11:56:26:
Mwen apresye b`el no`t ke kanmarad Widy mete sou fow`om lan pou edit`e sit lan. Mwen pataje tout sa ke l di yo. Travay sa ke edit`e a mete sou pye depi kat lane pat yon travay ki fasil vre. K`om Widy di, se gras a entelijans e saj`es Edit`e ki f`e li te ka kenbe. Paske se pa ni youn ni de ni twa kal`ot ke l te pran sitou ak pwobl`em teknik.Yon nan bagay mwen pat f`e e ke w pwal f`e se voye sip`o finansye pa Edit`e a. Li merite sa. Mwen espere anpil lot kanmarad a ide l nan gwo konbit sa l`e fow`om lan a repar`et ank`o.
Genyen yon lot bagay Widy di ke m pataje, e m mete vwa m d`ey`e pa l lan pou m di Edit`e a : eskize m deske pafwa mwen te konn move e bay replik ki te di a de moun ke m toujou konsidere k`om malon`et sitou l`e n ap pale de politik lakay nou ann Ayiti. Mwen espere ke Edit`e a a resevwa eskiz sa menmjan mwen voye yon eskiz bay tout lot kanmarad ki te konn feraye sou fow`om lan ak nou.
Anvan m ale, mwen mete chapo m byen ba pou m salye kanmarad ke m konsidere k`om fr`e ou s`e menmsi genyen ladan yo ke pa janm rankontre ni f`e konesans: Serge, Jaf, Bouli, Jonas, Pitit Ginen, Manz`e Zili etc. Genyen anpil l`ot kanmarad ke m pa site paske mwen pa fin sonje non yo. Mwen di yo ke m te apresye anpil b`el echanj ke yo te konn blayi sou fow`om lan.
Yon gwo m`esi ank`o a Edite fowom Ayisyen an e m swete ke ane 2003 kenbe n e blayi anpil sante e bon`e pou nou ak peyi n.
padel
- mesaj dè rèmèwsiman e ankourajman pou editè fowòm la Jafrikayiti 01/1/2003