mesaj dè rèmèwsiman e ankourajman pou editè fowòm la


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: mesaj dè rèmèwsiman e ankourajman pou editè fowòm la padel te ekri a,

Jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 01 Janvye 2003 a 01:48:42:

Onè kanmarad,

Alapapòt m ap di kanmarad Widy ak Padel mèsi daprèzavwa yo gen tan eksprime nannan sa mwen ta gen pou di a. Mwen vle fè ou konnen Padel ke menmsi nou po ko rankontre fas pou fas, granmesi Windowsonhaiti, mwen te gen lonè epi chans kontre ak ou sou entènèt la. E, menmsi mwen pa wè nesesite fè yon lis kanmarad ki te pote anpil bon limyè pou mwen sou fowòm sa a, mwen vle di mèsi tout kanmarad. Depi alepòk kanmarad Vedrine ak Dahoud t ap feraye sou fowòm nan jouk jounen jodi a, se aprann m ap aprann.

Guy, vye frè mèsi. Mèsi anpil !

Ak anpil respè,

Jaf


Repons sou sijè sa: