Pou Madan Mason sèlman


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Who Owns Haiti's National Treasures? [ /windowsonhaiti/fora/talk/posts/20.html ] Men sa Marilyn Mason te ekri sou sijè sa te ekri a,

Editè konbitayisyen.com afiche mesaj sa, jou 29 Mas 2002 a 10:27:55:

Pou Madan Mason sèlman

Onè Madan Mason,

Mwen li avèk anpil enterè esplikasyon ou bay yo sou kesyon konsènan ki moun ki gen dwa ou pa gen dwa pwopriyete entèlektyèl sou 5 Dokiman enpòtan Mit2 kopye san pèmisyon sou konbitayisyen.com yo.

Anpatan, mwen pa te janm pretann mwen se pwopriyetè dokiman ofisyèl Leta ayisyen sila yo yon pa epi yon lòt pa, mwen gen anpil rezèv ak preyokipasyon sou pwopriyete entèlektyèl Mezon Henri Deschamps ta genyen sou Dokiman ofisyèl Repiblik d Ayiti sa yo.

Men vrè pwoblèm k ap chikote lespri mwen, pwoblèm ki mennen gwo litij ant Mit2 e konbitayisyen.com se jan bagay yo te fèt la. Poukisa menm jan ou te pale ak Henri Deschamps an ou pa te janm mande mwen pèmisyon kòm reprezantan Konbit se premye otè vèsyon entènèt 5 dokiman enpòtan sila yo anvan ou te antre pran yo sou Sit konbitayisyen.com?

Kisa ou pwopoze kòm solisyon pou rezoud konfli sa a ant Mit2 ak Konbitayisyen.com?

Prophète Joseph, editè konbitayisyen.com


Repons sou sijè sa: