Kijan alfabetizasyon an ap mache?


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]



An repons a: Kijan alfabetizasyon an ap mache? milou te ekri a,

Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 01 Avril 2002 a 12:42:19:

Milou,

Sanble, malgre mank lajan ak enfrastrikti ki egziste nan peyi a, pèp ayisyen an mobilize pou fè travay alfabetizasyon an mache tout bon. Se pa mwen ki wè, e ni mwen pa kapab diw ki wòl ojis gouvènman an jwe nan pakèt mobilizasyon ak konsyantizasyon sa. Men semèn dènye, mwen gen yon korespondan ki soti Ayiti e ki vizite zòn Milo a, epi li fè kèk jou nan Kapital la. Msye di m li tounen ak batri li chaje!! Li vizite anpil òganizasyon dwa fanm, anpil sant sante, anpil sant alfabetizasyon. Msye d mwen ke nan zòn Petyonvil SÈLMAN, san ou pa rive nan Pòtoprens, ou kapab konte 204 ti sant alfa, kote youn ap aprann lòt li epi ekri.

Mwen pa konn ojis wòl gouvènman an nan bagay sa. Mwen pap fè reklan pou gouvènman Ayiti nonplis. Si gouvènman Ayiti a merite kredi, fòk menm opozan li yo ba li kredi, si yo gen yon ti brenn bòn fwa. Men tout sa mwen di w la, se rapòte kanmarad la rapòte l ban mwen avanyè swa. Mwen konnen msye kòm yon nèg onèt e onorab, ki pap janm ba mwen manti. Men si gen moun nan peyi a ki kapab konfime oubyen denye sa li di yo, mwen envite pou yo fè sa. Sèlman, pa vin joure gouvènman an la. Jis fè nou konnen ki sa nou menm nou opsève, ki sa noumenm nou konnen nan bon mamit. Bay verite a. Nou pa envite manti, nou pa envite kalonmni, nou pa envite vye espekilasyon san fondman, nou envite moun ki konnen vin pataje lakonesans avèk nou, e sis sa posib idantifye tèt yo tou. Li twò fasil pou di nenpòt ki sa ou vle lò ou kache dèyè yon "pseudonime" pou swadizan rezon sekirite.

Korespondan mwen an di m tou ke gen ANPIL MIZÈ ann Ayiti. Bagay yo di tout bon vre. Men paradoksalman, se kounyè a Ayisyen parèt plis mobilize pou yo non sèlman siviv men pou yo avanse tou.

Mwenmenm pèsonèlman, mwen te remake fenomèn sa, lò mwen te vizite peyi a ane pase epi mwen t ale nan plizyè rakwen moun lakapital pa oze ale ladan yo (siman pou zafè sekirite a tou). Yo fèmen nan twou yo, epi y ap pale mal, y ap babye, y ap lonje dwèt. Mwen te vizite yon òfelina kote tout timoun ki pi gran ap pran swen timoun ki pi piti pase yo, epi sa pèmèt 2 sè pran swen anviwon 50 òfelen. Mwen vizite jaden modèl. Mwen vizite e mwen aprann plizyè fòm kowoperativ. E mwen vizite tou 2 inivèsite popilè ki ale pi lwen lontan pase b+a=ba.

Nan youn nan inivèsite popilè yo, mwen wè kote yon agwonòm Kiben ap anseye peyizan ki fason ki pi efikas pou yo prepare konpòs pou ede pye bwa grandi. Msye te pale an Kreyòl, ak yon aksan Kiben natirèlman, ki diferans ki genyen nan asidite ant kaka kochon ak kaka bèf, ak lòt konpozan konpòs la toujou. Li te esplike ki bagay ki pou ale nan yon konpòs twa mwa, ki sa ki pou ale nan yon konpòs 6 mwa, ki sa pou rantre nan yon konpòs 1 an. Pwopriyete chimik te diskite ak moun ki nan zòn lan pou yo byen konprann avantaj nan plante suivan yon mannyè ki syantifik. Epi tou mwen wè kote yo esplike peyizan yo ki kalite semans yo kapab plante ansanm nan menm tou tè a, ki fè yon plant pa fin souse resous lòt plant lan, defason pou rezilta a pa de rekòlt rachetik, men de ou twa rekòlt ki byen djanm. Bagay sa yo se pwogram yo ajoute sou tèt yon pwogram alfabetizasyon nan zòn lan. Bon sa mwen sot rakonte l la, se pa travay gouvènman an non, se yon travay kongreganis kominotè li ye. Mwen pa kapab di w kijan Leta fasilite travay yo ou non. Men mwen sipoze Leta fasilite li yon jan, etandone ke se Leta ki te siyen kontra ak Kiben yo.

Nan dezyèm inivèsite popilè a (Inivèsite Popilè Jean Dominique), ki limenm sou tèt yon pwogram alfa tou, peyizan yo pran 4 kou
- Yon kou DWA (sitou sou sa ki gen avwa ak dwa pwopriyetè teren, imèb, bèt elvaj)
- Yon kou Ekonomi (kote yo aprann jere modèl ti antrepriz yo kapab rantre lada l epi kouman aktivite ekonomik you makonnen ak aktivite ekonomik vwazen yo)
- Yon kou Agronomi (kote yo aprann presip ki alabaz yon randman pwodiktif nan kilti legim ak faktè anviwonman ki afekte pwodiksyon sa tou)
- Yon kou lang etranjè (chak peyizan chwazi ki lang li vle pou tèt pa l: franse, panyòl, ou angle)

Ankò in fwa, se pa mwenmenm ki kapab di w ki apò gouvènman ayisyen an pote nan jefò kongreganis kominotè sa, men mwen aprann ke jefò sa te rantre nan kad refòm agrè a, menm si se pa Leta ki te jere li.

Milou, jan mwen di, genyen anpil envestigasyon ki ta pou fèt pou reponn kesyon ou poze la sou pwogram alfa a. Men pa mete nan tèt ou ke se dòmi tout moun ap dòmi ann Ayiti. Gen travay k ap fèt, e menm moun k ap viv nan peyi a byen souvan pa konnen ki sa k ap fèt, pou rezon sa yo:

- Yo pa mache nan peyi a; se moun lavil yo ye.
- Yo pa mele ak Peyizan.
- Yo pap jan vle bay gouvènman kredi pou anyen!
- Yo pi alèz lò y ap pale mal peyi a, pandanstan ke yomenm yo pap fè anyen.
- Pou yo opoze yon Prezidan, yo met nan tèt yo fòk yo opoze Leta.
- Li pi fasil pou w wè sak pa bon ke ou wè sa ki bon.

Milou, sa ta bèl nèt si nou ta twouve nèg ki ta vle rapòte sa k ap pase nan peyi a, san prejidis. Pou yo ta kite "la petite politique" sou kote. Ki ta ban nou bon jan enfòmasyon ki fyab, san yo pa kache dèyè laperèz pou yo di yo pa kapab pale.

Ankouraje!




Repons sou sijè sa: