Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 06 Janvye 2001 a 16:02:28:
Mwen travay san "remunération" pou dyalòg nasyonal la mache atravè Windows on Haiti avèk Fowòm Ayisyen an tou. Mwen kwè mwen gen dwa mande nou yon ti konkou ki pa mande nou fè okenn sakrifis lajan. Eske nou dakò?Men sa mwen mande nou: Fè Fowòm lan mache mezanmi. Envite lòt moun vini ladann epi patisipe tou. Non sèlman sa, ede mwen lanse fowòm franse ak angle yo tou, paske yo pa gen okenn patisipasyon andedan yo. Dyalog nasyonal la fèt pou li fèt prensipalman an Kreyòl se vre, paske se lang nasyonal nou, men fòk li fèt nan tout lang Ayisyen pale tou, paske se avansmam ide yo ki prime. Chak fwa, mwen parèt avèk lòt fowòm yo, apre kèk tan, mwen oblije retire yo pou plizyè mwa anvan mwen chache relanse yo ankò. Se pa travay bouki mwen renmen fè non! Sèlman, mwen panse li enpòtan pou tout konpatriyòt nou yo trouve yon fason ki pi fasil pou yo pou yo eksprime tèt yo. Pou nou tout ki fè sa an Kreyòl, mwen rele Ayibobo! Men mwen konnen anpil Ayisyen nan Kanada ou nan lòt peyi frankofòn ta renmen patisipe nan dyalòg la, men to timid, paske dyalog la pa janm ka derape tout bon nan fowòm franse a. Demèm pou anpil Ayisyen ozetazini ou nan lòt peyi anglofòn ki pafwa pa menm konn pale Kreyòl la menm, ou byen yo pa kapab ekri li, e se pa enteresant y ap fè. Nou sou plizyè jenerasyon deja nan peyi sa yo, depi pi gran vag ekzile yo te kòmanse nan fen ane 50 yo, ak koumansman ane 60 yo. Gen anpil etidyan, papa yo ak manman yo se Ayisyen, men se isit yo te fèt, e yo ta renmen patisipe nou, e mwen panse li enpòtan pou nou ta ankouraje yo, paske yo menm tou, se Desalin ki papa yo. Petèt yon jou, se yomenm ki va sove Ayiti. Si se nan franse oubyen an angle yo pi kapab eksprime tèt yo, envite yo vini nan fowòm nan mezanmi. Laplipa nan nou bileng osnon trileng. An nou pran avantaj kapasite Granmèt la te ban nou, ansanm avèk edikasyon nou te resevwa. Nou tout ap travay pou nou fè Kreyòl la nimewo 1 nan peyi a, men nou pa fèt pou nou neglije oken fason pou nou fè dyalog nasyonal (entènasyonal la tou) mache kòmsadwa.
Mwen gen preske twazan m ap bourike pou fè dyalòg sa mache. Tout satisfaksyon mwen resevwa se wè patisipasyon nou nan medium sa mwen mete aladispozisyon nou. Se pa okenn lajan m ap fè nan sa. Eske nou ta ka ede mwen tou piti?
Menm Fowòm Ayisyen an ta merite pi plis patisipasyon. Pi gwo tèt nan mouvman Kreyolis la pa janm patisipe ladann. Pi gwo lengwis yo pa patisipe ladann. Lò nou poze kesyon sou fowòm nan yon ekspè ta kapab ban nou limyè sou li, kesyon rete la pi souvan san repons. Sa ae yon wont mezanmi. Mwen gen 8,000 jiska 12,000 vizit chak jou, moun ki vin gade Windows on Haiti, ki vin gade fowòm yo tou. Epi nou pa kapab twouve patisipasyon? Men ki koze sa?
Se yon sèl sèvis mwen ta mande ou jodi a. Gade si ou gen bòn fwa pou ta reponn apèl sa mwen sot fè la. Patisipe nan fowòm nan. Envite moun nou konnen ki renmen diskite pwoblèm Ayiti, moun ki genyen fyète peyi yo, moun ki gen nolstaji Ayiti Toma, moun ki konnen ekri kreyòl, moun ki pa konnen ekri kreyòl, jennjan nou yo, granmoun nou yo, envite yo vin patisipe nan lang yo vle chwazi a.
Frè mwen, eske sa se yon twò gwo sèvis pou mwen ta mande ou?
Mèsi.
- Editè WOH a ap mande nou yon sèvis Pwofèt Jozèf 07/1/2001
- Editè WOH a ap mande nou yon sèvis Guy S. Antoine 07/1/2001
- Editè WOH a ap mande nou yon sèvis Gifrants 06/1/2001
- Editè WOH a ap mande nou yon sèvis Mozart SaintVil 08/1/2001
- Editè WOH a ap mande nou yon sèvis Michel-Ange Hyppolite 07/1/2001
- Editè WOH a ap mande nou yon sèvis Gifrants 06/1/2001