Edner Saint-Amour afiche mesaj sa, jou 09 Fevriye 2001 a 17:11:40:
Mwen ta di yoSi bouch mwen te kapab pale
pou tout zòrèy te ka tande
pou mwen fè yo konnen konnen
tout sa ki nan fon lespri mwenMwen ta di yo se fòs ki konstri
kalfou desten rout chimen lavi
se fòs ki fè jodi tounen demen
kote pye pwogrè ap boujonnenMwen ta di yo se fòs ki bay kouray
ki fè yon moun kenbe di nan travay
ki fè tout moun vini sèl mèt desten
genyen renn lavi nan de plat menMwen ta di yo se fòs ki sèl sous jèfò
ki fè moun chak jou vin pi fò e pi fò
chita arebò bèl tab chanjman pwogrè
kouvri ak bèl napon bwode ak siksèMwen ta di yo fòs se sèl gaz motè
ki fè machin roule sou boulva pwogrè
Mwen ta di yo fè bon kout volan
sèlman sou rout chimen chanjmanMwen ta di yo machin gen bon motè
sèlman yo bezwen genyen bon chofè
pou peze pouse gaz tout volim san rete
kouri tout boulin sou rout lapwosperite7 février 2001