Men pwezi a Guy


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Michel-Ange Hyppolire afiche mesaj sa, jou 10 Fevriye 2001 a 02:17:18:

Alo Guy, mwen te reponn wi. Men youn ekzanp pwezi mwen renmen ak tout youn kòmantè pa mwen sou li.


Pou youn souri ( Pwezi )


Ou sène lespri-m
Nan sous zetwal
Ou se rèv jeklè-m
Ou nan rèv mwen
Plenmennuit
Dènye lide-m
Anvan somèy sere-m
Premye lide
Pou nanm mwen kenbe solèy

Ou sele-m
Nan souri-w
Mwen sèvi-w

Mwen te tè deseche
Ou boule-m
ak flanm pasyon
Sakle-m
Ak lam konviksyon
Gani-m
Ak sezon karès
Wouze-m
Ak kouran tandrès

Ou sele-m
Ak souri-w
Mwen sonde-w

Marasa twa a
Se branch nou,
Kavalye pòlka.
Semans wongòl
Degrennen
Lalin depaman
Sou fòs nou
Frany ilan-ilan
Kouwonnen tray memwa-n

Ou sele-m
Lasouri
Mwen sele-w

Tèks Mirenny,ki te parèt nan Jounal Ayiti An Mach jou mèkredi 17 novanm 1999 la nan paj 19 ( Ti gout paa ti gout)
Pou youn souri,
Se youn tèks mwen keyi pou madanm kè-m, ki pa bezwen ni alyans ni kout klòch.Pwezi se nan fon noumenm li donnen ak tout mounn nou renmen epi ki renmen nou , paske pwezi se lavi. Rezon ki fè mwen renmen tèks Mirenny an se chwa mo li yo, kadans tèks la epi esans imajis ki koule ladan an. Mo imajis la se youn tèm mwen itilize pou mwen batize oryantasyon pwezi kreyòl nan epòk pòsmodèn nou ap viv jounen jodi a. Kidonk,se imaj ki sèvi pou pase mesaj otè a.
Si nou remake byen son "S" la parèt tout anndan pwezi a. Sa demontre gen youn mesaj ki pase anndan powèm lan ki dous , nou jwenn dousè a nan mo kou: sous, sène, souri,sele, sonde eksetera. Nan nivo senbòl menm, ki se boulpik teknik lekriti imajis la, Mirenny pa mennaje nou: solèy, sezon karès, semans wongòl, fòs eksetera. Se nan fason lektè a rive dekode mesaj ki nan kalite mo sa yo li pral jwenn fondasyon tèks la epi li kab rive kreye pwòp reyalite pa li ak pwòp eksperyans pa li pandan li ap li tèks la. Alaverite, nan li pwezi gen youn travay refleksyon ki ap deplòtonnen ant mounn ki ap li tèks la, mesaj ki nan tèks la epi mounn ki ekri tèks la. Amezi mounn ki ap li tèks la pran kesyone mo yo, lide yo, mesaj santral tèks la, li ap aprann dekouvri mèt tèks la nan fason pa li, menmsi li pa janm kontre ak li. Li ap kab li nan ki eta lespri mounn lan te ye pandan li ap ekri tèks la. Sepandan, youn tèks ki ale tou drèt san youn efò kreyasyon atistik pa ankouraje lektè a souse li. Se tankou kout tanbou a ki di: "Sa ou gen pou di-m lan di-m li la a, vini-m pale ou". Sepandan, si menm tanbou sa a ap siye, woule, kata,rale petwo,rada, kongo eksetera, mounn ki ap tande a ap oblije prete plis atansyon pandan li ap suiv kout tanbou yo, paske tanbou ki ap frape ak tout kalite varyasyon sa yo envite ou tande li.Se menmjan an tou youn tèks ki gen bon jan pwofondè envite ou li-l reli-l epi li li jouk je ou di ou li pakapab ankò.
Kanta dezyèm estwòf la se sa nèt. Se imaj jaden an ak tout akseswa li ki koule nan mesaj Mirenny an.Gen youn efè sipriz tou nan refren tèks la . Ofiramezi lektè a ap desann li ka remake youn ti diplis nan refren tèks la ki parèt ak mo ki gen de silab sèlman: Souri ak sèvi, souri ak sonde, souri ak sele .Konsistans sa a ki nan chwa mo ak de silab sa yo demontre nou otè a pran san li pou li chèche mo yo pandan li kontinye ap pase mesaj ki enterese li a. Li pa chwazi nenpòt mo ki pase nan tèt li. Se sa a tou mwen konsidere tankou youn travay atistik. Youn atis pent pa mete nenpòt koulè nenpòt ki kote nan tablo li. Se menmjan an tou youn powèt pa dwe lage grenn mo nan nenpòt kondisyon anndan tèks li.
Nan chwa mo kou:sèvi, sele, sonde, nou kab dekouvri youn mesaj kiltirèl natifnatal. Mwen pa pe rantre nan detay mo sa yo. Mwen prefere kite nou dekouvri mesaj ki ladan yo a poukont nou. Se ekzèsis pèsonèl nou nan chan imajis la.
Chak fwa mwen chwazi youn pwezi pou mwen pataje ak nou, mwen va toujou di nou poukisa mwen chwazi li. Rezon an, se pou mwen bay lektè ki enterese nan pwezi kreyòl la modèl travay suivan jan mwenmenm mwen remake evolisyon pwezi kreyòl Ayiti a depi alantou ane katreven yo . Atansyon!! Se pa tèks pwezi imajis ase ki bèl, men preferans mwen ale nan sans imajis la.

P.B.(pa bliye) Tèks sa a te nan achiv la, sepandan pandan mwen ap reli jodi a mwen korije kèk pawòl epi mwen ajoute kèk lide anplis nan kad analiz la.
Nou kab jwenn tèks pwezi sa a nan dènye liv mwen an: Listwa pwezi kreyòl Ayiti ki parèt nan ane (2000)lan.
Ak Onè respè
"Michel-Ange Hyppolite", nan "Ottawa"




Repons sou sijè sa: