Edner Saint-amour afiche mesaj sa, jou 13 Fevriye 2001 a 16:44:40:
Ti lide sou ak pou fowòm ayisyen an
Fowòm nan se yon bèl zouti kominikasyon tout moun ki pale kreyòl genyen pou yo diskite, analize, chanje lide sou zafè ki regade konsène yo. Si nou tabli fowòm nan yon direksyon pratik san nou pa rete nan diskite pou diskite, pale pou pale, voye monte nan fè plon gaye sou tout sijè, mezanmi fowòm nan ap vin sa nèt. Se deja yon bagay serye. Si chak pwoblèm yon moun pale, li ofri yon solisyon, fowòm nan ap vin mache pi byen. Si li tounen yon resèvwa bwat sekrè solisyon pou anpil pwoblèm ki regade nou, nap jwenn bèl roulib nan machin fowòm nan kap debake nou nan kalfou rout chimen aksyon eklere chankre nan desizyon vire nan aplikasyon dodomeya nan reyalizasyon; kidonk ri chanjman avni pwogrè boulva pwosperite.
Pou fowòm nan pran direksyon sila a, nou sèlman bezwen genyen kèk atitid pou obsève kèk prensip paske reyalite san prensip san teyori se anachi, se dezòd, se kawo. Si nou reflechi byen, nou kapab reyalize devan nenpòt ki pwoblèm ki nan kalbas lavi, moun kapab genyen twa atitid diferan ki se:
1) Atitid dramatizasyon: mete apse sou klou, gate sa, zafè ravèt si mwen pa ka manje map gate, joure, goumen, difamasyon, sal moun. Atitid sa a pa janm ranje men li toujou gate, li fè mal la, pwoblèm vin pi mal. Sa se pa atitid moun serye konsekan yon moun dwe genyen. Nou dwe bani li, voye li odjab ale jwenn mèt bann lisifè krazebrize parèy li.
2) Atitid endiferans: ni cho ni frèt, ki mele m, sak fèt fèt, jan l pase pase, zafè mouton pa zafè kabrit, mwen pa mele nan koze yo, sa pa regade m. Atitid sa a pa bon nonplis paske li pa pèmèt anyen chanje vin meyè. Dayè depi ou pa aji ou pa fè anyen nan yon pwoblèm, se sèten pwoblèm nan ap vin pi mal.
3) Atitid solisyon: sa se yon atitid pratik tout moun dwe adopte genyen. Depi genyen pwoblèm fè genyen solisyon. Enben atitid solisyon an se chaje rezoud jwenn solisyon nan yon pwoblèm ki prezante devan nou. Se sa atitid sa a ki pèmèt moun vanse devan soti nan pwen A rive nan pwen Z, soti nan pwen pwoblèm rive nan pwen solisyon.
Pwoblèm lavi se yon ekwasyon chak moun sou latè gen pou rezoud. Resèt fòmil operasyon pou rezoud ekwasyon sa a pa konplike. Li genyen etap sa yo ki se:
1) Pwoblèm
2) Solisyon
3) Aplikasyon
4) Reyalisyon
5)satisfaksyon
Etap pwoblèm nan se kalkil, refleksyon, diskisyon, deba, kritik(pozitif), analiz. Kalkil pèmèt nou rantre nan kòtòf lestomak yon pwoblèm, konprann li nan tout fasèt li. Se sa tou kap pèmèt nou panse ou jwenn yon solisyon ki apwopriye ak pwoblèm nan. Depi nou vin jwenn prevwa solisyon, koulyeya sa ki rete se yon kesyon aksyon. Refleksyon kalkil san aksyon se zero bare. Si refleksyon se yon ansanm lide, nou dwe aktyalize lide sa yo. Nou dwe pran desizyon pou aplike solisyon nou pwopoze pou chak pwoblèm. Se sa kap mennen nou nan chimen reyalizasyon. Se reyalizasyon kap fè genyen satisfaksyon tou nan yon sosyete. Men etap aplikasyon pa nan men fowòm. Ladan li nou sèlman kapab pwopoze solisyon.
Si tout ayisyen chante yon sèl kantik chanson:
pwoblèm=solisyon=aplikasyon
kalkil=aksyon=desizyonEnben frè m yo satan lisifè vennvendeng lougarou baka waminwi blende galipòt sanpwèl mèt pa vle, mèt fè sa yo vle, nap fout genyen reyalizasyon ak tout satisfaksyon pou degi ranje dèyè li. Se pa avèk timiyèt non souple, avèk yon gwo manman penmba satisfaksyon. Atitid sa a ap mennen nou tou dwat nan yon lojik pozitif nou ta ka rele lojik konstriksyon ou kreyasyon. Lojik sa a fè prèv li deja atravè lemounn. Si nou eseye li nan lavi nou chak jou, nou pa fouti pa genyen rezilta, nou pa fouti pa pote laviktwa. Se li menm ki pi fyab, ki bay plis garanti.
Genyen yon lòt lojik mwen rele lojik goumen, lojik pou ou kont. Se yon lojik krazebrize ki divize yon sosyete an klan an kan. Kote chak kan ap regle sèl pròp zafè yo, yo bliye si genyen yon sosyete ki ekziste. Se konsa zafè klan vin pi fò pase zafè sosyete, zafè sosyete eklate vole fè senkant miyèt moso. Lojik goumen pou ou kont divize an klan lè fini li vle pou chak moun ap defann pròp kan pa li. Nan lojik goumen an pa genyen analiz ki ranplase pa pwopagann pou yon klan osinon difamasyon(pale mal) sou yon lòt kan. Sa ki pi mal, yon kan chèche wè sèlman feblès yon lòt kan li fè parèt an gwo lèt majiskil alòske li bliye konstri pwòp fòs pa li. Se konsa li vin fèb e pi fèb nan yon pwen li ka rive menm pa vo anyen; kidonk yon gwo nil zero bare. Sa ki fè sa se paske devan li, denonsasyon feblès lòt ak difamasyon vin gen plis valè pou li ke jefò li ta sipoze fè pou konstri fòs pa li ki fè li kapab kanpe, kapab ekziste. Sokrat di connais toi toi même. Se yon koze ki genyen anpil valè paske li envite chak moun panse tèt li chèche wè konnen pròp fòs li. Anpil fwa nou renmen konpare nou ak lòt moun, sa bon tou. Men fòs yon moun pa depann direkteman de Feblès lòt moun. Fòs yon moun depann de moun nan, sou sa li kanpe ak sa li kwè. Kòm tout sosyete chita sou rapò de fòs, fòs yonn genyen pou wè ak feblès lòt, men ogranjamè, feblès yonn pa sous fòs yon lòt. Fòs yon nonm se li ki fè li, se li ki konstri li. Denpi se zafè mal feblès yon lòt ki sèvi fòs yon nonm osinon yon kan, bagay yo ap toujou gaye, ap toujou gate paske sa se fòs dezyèmen rèskiyè parazit restavèk koleboyo. Jan de fòs parazit sa yo ap toujou kondwi mennen nan plon gaye voye monte pale mal difamasyon pwopagann goumen krazebrize. Pi gwo defo lojik goumen pou ou kont la, sèke li toujou bezwen moun sèvo ròròt kap benyen nan basen linyorans pou li konvenk, pou li lave lespri li ak pwopagan manti pou li mete li nan ran. Sa vle di lojik sa a fonksyone sou baz linyorans. Kòm yo di nan lang blan franse: au royaume des aveugles les borgnes sont rois. Alòske lojik kreyasyon konstriksyon fonksyone sou baz limyè konesans konpreyansyon lespri. Plis genyen moun ki wè klè, ki konprann, plis ap genyen pwogrè reyalizasyon. Jan pwovèb kreyòl di ya: SE KONNEN KI FÈ. Lojik goumen se yon lojik boutfè eksklizyon to be or not to be, être ou ne pas être, se sa ou se pa sa, kou pou kou, je pou je, dan pou dan. Alòske lojik sa a se yon lojik fleksib, soup elastik entegrasyon tout fòs yon peyi nan yon ansanm nasyonal pou konstriksyon nasyonal san diferans rich ak pòv, koulè ble ak koulè rouj, depatman ak depatman elatriye. Jan deviz peyi Ayiti di li ya: se linyon ki fè lafòs. Si jodi ya nap neye nan yon lanmè divizyon, se paske nou pèdi nan yon labirent atrapnigo lojik goumen nap suiv jiskobou e ki la depi lontan lontan. Se vre teren enterè peyi a pa byen trase, men lojik goumen tou pa ban nou tan pou trase li yon fason pou fòs politik peyi a pa fè kolizyon frape yonn ak lòt. Lojik sa a mennen nou nan yon redaksyon yon diksyonè ansiklopedi maladi 200 000 volim san nou pa janm pran tan chèche remèd pou nou jwenn gerizon. Si yon pakèt chodyè koule nou pa kapab fè manje, olye yonn ap kondane lòt di se li ki responsab, an nou gade nan moul ki fè chodyè yo pou nou wè si se pa moul la ki genyen defo, yon defektyozite. Konsa na rive analize pwoblèm nan jouk nannan, nan sous li.
Menmsi mwen te fè kèk jou nan karateka, men mwen pa renmen goumen. Se pou sa touye m rache m, men lage lojik kreyasyon konstriksyon an nan konsay mwen nan kòtòf fyèl lestonmak mwen.
Pratik pratik pratik pratik pratik pratik pratik pratik pratik pratik nèèèèèèèèèèèèèèèèt al kole. Chandèl pa di verite, men bay chimen.
Se yon ti refleksyon yon ti apsantegi powèt yo rele Ednè SentamouKonbit linyon
Yonn di map roule l tankou yon balon
Lot di map rache l tankou yon bouton
lôt frape pye di lap depakatcha pakanpak
Nasyon an menm nan mitan mô rèd kadab
Nasyon an menm nan mitan mô rèd kadab
kon gwo boul pik chelenn nan sant ronn mab
Ayiti va yon fanm siro
lè katpwenkadino
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm
Ayiti va fanm banda
lè sid ak nô bay lebwa
fè yon ansam tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm
Ayiti va fanm zidôl
lè lwès ak lès kole zèpôl
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm
Ayiti va yon bel nègès
nan akolad sid ak lès
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm
Ayiti va fanm Nago
lè sid ak lwès an feso
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm
Ayiti va yon fanm lejann
lè nô ak lès nan yon sel nanm
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm
Ayiti va fanm freda
lè nô ak lwès kon marasa
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm
Ayiti va yon mango doudous
lè nou tout bay yon kout pous
nan yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm.
- Ti moso lide pou fowòm nan ak yon ti pwezi ki rele konbit linyon Bouli 13/2/2001