Zafè koulè-sa se "MANNIGANS"!


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Zafè koulè-sa se "MANNIGANS"! Emmanuel Vedrine te ekri a,

Bouli afiche mesaj sa, jou 14 Fevriye 2001 a 10:20:42:

Vedrine,

Rektifikasyon sa yo enpOtan anpil. Ou wE danje sa ka koze lE jenerasyon anaprE-a ap fE rechEch sou dokiman peyi-l? KifEt nou dwe rete vijilan.
Wi Divalye te di bann makout li lage nan mitan popilasyon-an se youn pakEt timoun piti yo ye; sa vle di yo pa responsab zak y'ap poze. Konsatou anpil moun nan sosyete sivil la vin devlope atitid timoun piti sa-a. LE youn moun mouri nan konba kont Divalye, sila yo gen tandans di se youn kElkonk lidE opozisyon (kamoken) ki touye-l. Komsi konbatan-an pa konn sa l'ap fE menm jan ak makout la. Izmeri ak anpil lOt milat te tonbe anba bal asaen Divalye poutEt yo te pran reponsablite granmoun yo. ZafE koulE se te pretEks. Politik se zafE tout moun depi 1986 jouk jounnen jodi-a. ZafE pa fouye bouch nan sa (politik wi) ki pa gade-w la fini.




Repons sou sijè sa: