An repons a: Chacha ye cha? Girrants te ekri a,
Editè fowòm nan afiche mesaj sa, jou 17 Fevriye 2001 a 08:56:17:
Gifrants, mwenmenm Guy Antoine, m ap graje pou mwen ta rantre nan diskisyon sa, e mwen pral fè sa pi ba, an repons pou oumenm e pou Marcel Innocent tou, men kòm editè fowòm nan, mwen ta renmen ou fè m yon ti plezi: byen souvan, mesaj ou yo parèt de fwa suivi. Sa ban mwen anpil ti pwoblèm, paske 1) sa mete konfizyon: anpil moun a panse se de mesaj diferan; 2) nan travay kategorizasyon achiv yo, tout mesaj yo sanse inik; 3) sa fòse mwen chak fwa pou mwen pran tan al edite fowòm nan pou mwen retire mesaj doub yo. Franchman, mwen pa gen tan pou sa, men mwen chache fè sa kanmenm paske mwen vle fè zafè fowòm nan mache korèk... se opsesyon pa m. Kidonk, vye frè, eske ou kapab fè atansyon pou w ta soumèt mesaj ou yo yon sèl fwa?Mèsi davans.
- Chacha ye cha? Gifrants 18/2/2001