Re: Aktivite NY Jodi a + "Mèsi, Papa Desalin", Moriso Lewa


[ KESYON MOUN MANDE ANPIL ]

An repons a: Aktivite NY Jodi a + "Mèsi, Papa Desalin", Moriso Lewa Dahoud Andre te ekri jou 17 Oktòb 1999 a 07:32:41,

Mikèlanj Ipolit ( Kaptenn Koukourouj ) afiche mesaj sa, jou 20 Oktòb 1999 a 09:13:01:

Mwen kontan li nòt Guy Antoine lan. Se sa ki ankouraj mwen pataje ak nou ti travay toupiti mwen te fè nan emisyon" bouyon racine" lan.Mwen nan youn emisyon radyo youn fwa chak mwa. Dosye mwen bay tèt mwen se edikasyon. Nan kad sa a editoryal nou te fèt sou youn konparezon ant reyalizasyon Desalin epi fason nou dwe aji nan dyaspora a jounen jodi a.
Jansenvil limenm( li pa ban mwen pèmisyon non, men mwen pa kwè li ap fache si mwen pataje travay pozitif li ap fè bò isit la) te frape nan youn lòt radyo kominotè, kote nan kad kou istwadayiti li fè nan radyo a chak de dimanch lan, li te palede Desalin.
Mwen pa pe gen tan ekri editoral mwen an kounye a, men mwen va voye li pou nou anvan semenn lan fini.
Kenbe rèd!! Kondi fanm solid ki konpay mwen nan emisyon mwen an ta di li: "Edikasyon se koze tout mounn".Mwen ap rapousuiv pou mwen di nou : "Edikasyon se richès".
Mikèlanj Ipolit ( Kaptenn Koukourouj ),Otawa.


Repons: