Chacha ye cha?


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Chacha ye cha? Editè fowòm nan te ekri a,

Gifrants afiche mesaj sa, jou 18 Fevriye 2001 a 07:13:17:

M-ap kòmanse voye èkskiz-mwen ba editè Fowòm lan konsènan ti pwoblèm teknik mwen rankontre nan voye mesaj de fwa.

Mwen vle di tout moun tou ki reponn sou "Chacha ye Cha?" ke mwen pran tout san fwa-wen pou mwen li tout repons, e pafwa mwen menm "prent" repons sa yo pou mwen reponn tou.

Remak Serge Bellegarde la, si M'sye vle padonen wen, mwen pa fè anpil sans. Mwen se nèg Okap. Okap nou pa di "okontrè", nou di "okontrèr" sitou si yon nèg pase lekòl. Dèfen Richard Brisson, lè yo te entwodi wen ba li, pat manke pran plezi sou we sou lakesyon-- Dis kòb "ber". Moun Pòtoprens di "Dis kòb bè". Trete de "paresse lenguistique" lefè ke m-ap ekri kreyòl jan m-ap ekri li-a, kouwonnen pwoblèm mwen gen nan mizik tou. Mwen bouke tande moun di wen "Ayisyen pa pare pou sa." Pwogrè ak tradisyon pa finn mache men nan men. Mwen pap janm gonfle pèktò-wen pou-m di ke mwen pi devan pase tout moun. Men mwen toujou twouve sa "funny" lè mwen wè anpil Ayisyen ap pale de pwogrè, epi se yo menm tou, ki malerezman nan yon pozisyon, pou bloke pwogrè. Mwen pap janm di fè kreyòl la elastik, men richès kreyòl chita nan "jeografi", nan kote Ayisyen ap viv, lontan se te Ayiti; Dominikani ak Kiba--se lavi yo t-al "bouske". Men konnyèa, nou epapiye. Gen anpil mo, ki bongremalgre, kreyòl a gen pou absòbe sitou peyi Dayiti, sou presyon. Si-m di "konmpitè", oubyen "computer", rele sa "paresse linguistique", si-w menm ou vle di "òdinatè".

Mwen kwè tou ke se nou menm ki pase lekòl ki gen rèsponsabilite pou fè kreyòl la devlope. E sa malerezman, se odetriman de peyizan Ayisyen ki pa ankontak avèk lemond èksteryè, jeneralman palan. Fenomenn akiltirasyon pa frape peyizan di jan li frape nèg lavil, byenke peyizan tou sibi ti presyon tou.

Pou yon entèvansyon ke mwen swadizan pa bay enpòtans, mwen kwè ke mwen montre klèman ke zafè kreyòl pa kontwolab paske "dèzerudi" vle ke lang kreyòl ka sipoze yon lang orijinal, oubyen yon lang pouki ka gen yon "flevè" inikman Ayisyen, nasyonalnasyono. Mwen pa konnen si y-a va mete mizo nan bouch Ayisyen k-ap viv lavil pou yo sispan di yo "sòri". Men anatadan, kreyòl mwen ekri reflete pase wen, prezan we, e yon pati tou de fiti lang kreyòl la, byenke mwen Gifrants, mwen pa kwè li saj ke kreyòl la, sipoze lang de devlopman peyi Dayiti.

Konsènan enpresyon Milou, Marcel elatrye, m-ap senpleman di ke mwen konprann pozisyon wen. Pozisyon sa, menm lè gen anpil bagay mwen di ki fè sans, lakòz ke se jisteman paske sa mwen di an fè sans, li kreye okazyon pou moun ban-m pwoblèm.

Mwen pa janm di "Aba Makout", men mwen te di "Aba Divalye". E se toutafè nòmal pou Divalye se denye moun pou-m te kite tande sa. Jodya mwen di "Aba Jean-Bertrand Aristide" e se toutafè nòmal pou Jean-Bertrand Aristide konnen gen yon nonm ki rele Marcien Guy-Frantz Toussaint ki di "Aba Jean-Bertrand Aristide". E poutan mwen kwè osivre ke mwen kwè nan Bondje Papa wen ki nan syèl la, ke Jean-Bertrand Aristide pi mechan lontan, lontan, lontan anpil pase François Duvalier. Se pa pi brav mwen vinn pi brav. E se pa manti m-ap bay tèt mwen nan moun mwen kwè Jean-Bertrand Aristide ye. Letènèl granmoun e li granmoun tout bon. Moun nan pou ki rapòte, oubyen k-ap rapòte Aristide sou wen--pa di-m mwen kwè mwen tèlman enpòtan--di li pou wen Gifrants di tou "Letènèl granmoun", Ginen rèspèkte sa. Lè pou yo te trayi pase deja.

Konsènan kritik ke mwen awogan, m-ap derèspèkte moun. Sa se tchans. Zafè emosyon sa innde Aristide anpil. Sa ki ekri-la pap fè "jepete" plezi. Sa-k pa konn pale daki, zafè yo. Se yon langaj ki mache avèk rèsponsabilite ak vizyon. Aristide bouki di parabòl nan foli pou li pale daki. Zafè pè sa, pa finn innde sou lakesyon, e se saki chite li.

Padone wen pou longè ti rale sa. Se pa sanfwa (sang froid) sèlman sa k-ap pase an Ayiti nan jounen jodiya mande. Tèt mwen cho, zòt di. Yo pa vle di mwen fou. Tèt zòt pa cho. Mwen pa ka di yo fou. Se pa pou anyen. Se toutafè nòmal nan diskisyon, pou gen diferan opinyon. Li pa deranje mwen ditou ke yon moun pa dakò ak mwen. Mwen pa enfayib, men patryotism mwen pa ka trayi wen, e li pap janm trayi wen.





Repons sou sijè sa: