An repons a: Eske Ayiti gen pwoblèm mistik vre? Manno te ekri a,
Gifrants afiche mesaj sa, jou 21 Fevriye 2001 a 18:08:04:
Mon chè Manno,Mwen pa la pou wen mete konfizyon pou pèsonn. W-ap èkskize wen tou si m-ap di-w tou mwen pa konsidere tèt wen tankou ni yon granmèt, ni yon moun ki plase pou pale moun de mistik.
Lefè ke peyi-wen, peyi Dayiti, ap pase yon kriz ke anpil moun pa reyalize, paske petèt, m-abò, e yo abò tou, kriz sa ap frape nou, oubyen touche nou a diferan nivo de sansibilite, apati de fòmasyon nou, e sans de rèsponsabilite sivik nou. Pwoblèm peyi Dayiti tèlman dire lontan ke gen anpil bagay ki san sans, ki pa fè yon oken sans, ki chita nan mitan sosyete-a, paske sosyete Ayisyen pa janm genyen yon chans pou pèmèt Ayisyen avanse. Se pwogrè sa ki te ka pèmèt nou gade dèyè e rekonsidere anpil bagay ki te pase. E zafè mistik, e zafè politik, e zafè sosyal, tout antre nan la kesyon.
Jezikri se non Pèkreyatè nou sou latè bèni kote li te vinn fè setyèm reyenkanasyon li. Lòt 6 reyenkanasyon yo te fèt lòt kote nan inivè lokal ke limenn li te kreye avèk pèmisyon papa li, Dye lepè. E m-ap reyafime-w ankò ke Jezikiri pa Dyelefis, e bon non li se Mikayèl de Nebadon. Se tout dwa-w e privilèj-w pou-w pa kwè koze sila.
- Mikayèl de Nebadon Manno 22/2/2001
- Mikayèl de Nebadon Gifrants 22/2/2001