Edner Saint-Amour afiche mesaj sa, jou 23 Fevriye 2001 a 18:19:49:
Mezanmi jije sa mwen di sou baz yon powèt selman yon powèt ki renmen peyi li. Mwen pa
politisyen, men mwen vle pataje lide mwen avèk jis paske mwen renmen peyi mwen. Mwen pa
dèyè djòb, mwen pa dèyè renome, mwen sèlman vle chanje lide mwen ak nou. Si genyen yon bagay
ki pa fin korèk korije mwen, nou genyen dwa paske nou se ayisyen, se ayisyen ki pou fè ayisyen
wè klè.KISA ENDEPANDANS AYITI YA YE
Endepandans Ayiti te pran nan lane premye janvye1804 se rezilta gwo jefò goumen lit batay nèg vanyan yo rele ero, kidonk Jan Jak Desalin, Aleksann Petyon, Anri Kristòf, Jefwa, Jan pyè Bwaye, Kapwa Lamò, bwaron tonè te fè pou rive dechouke kolon blan ak tout sistèm boutfè esklavaj yo a pou fonde konstri yon nasyon ki rele Ayiti. Pou bliye nèt tout zafè esklavaj, Ero yo te deside chanje non nouvo nasyon sa a ki te vin pran nesans. Se konsa non Sendomeng nasyon te genyen nan moman lesklavaj te vin chanje an Ayiti ki se non li te genyen nan tan endyen yo anvan navigatè yo rele Kirstòf Kolon te debake nan lane 1492 nan dat 8 desanm. Mo Ayiti ya siyifi nan langaj endyen tè ro ki vle di montay osinon mòn.
Endepandans la pate fèt yon sèl jou. Se nan anpil pasyans ak jefò lit li te rive fèt. Anvan esklav yo te konn sove kite kay mèt yo ale kache nan bwa. Lè yo retounen nan bitasyon plantasyon mèt yo se te pou piye boule plantasyon sa yo ki tap fè yo pase misè tray nan kòve pou anyen, pou swen kolon blan. Se sa yo te rele mawonaj ki se yon fòm revòl esporadik kont lesklavaj. Yon esklav yo te rele Makandal se te mèt kesyon sa a. Zafè revòl te vin pran jarèt, vale teren nan mitan majorite esklav yo. Men lespri ki tap gide esklav yo te chanje. Ti lespri vanjans kont kolon blan te vin tounen gwo lespri revolisyonè. Se konsa zafè revòl vin tounen yon veritab mouvman ki te genyen yon sèl bi, yon sèl visyon, yon sèl objektif ki se liberasyon, libète. Boukman ki se te yon gwo ougan se te mèt kesyon an, sèl mèt dije. Nan mwa darout lane 1791, misye te reyini anpil esklav nan yon seremoni vodou nan yon kote yo rele bwa kayiman nan zòn nò peyi Ayiti. Men nou te pèdi batay la paske mesye kolon yo te koupe tèt misye pandye li nan yon poto pou je tout lòt esklav te kapab wè yon fason pou yo pè pou yo pa suiv ekzanp misye. Men se te bobin paske Boukman te fè tout esklav kwè menmsi yo mouri yap tounen bonbonfle marenkwen pou retounen viv an Afrik nan peyi Daroume ki se peyi yo rele aktyèlman Benen. Menmsi se yon mit men li te mache kanmenm paske nan kwayans sa a esklav yo te prefere mouri pou retounen an Afrik olye ke yo rete viv nan kalvè lanfè lesklavaj. Boukman te mouri se vre, men batay liberasyon pat fini pou sa. Si boukman te mennen batay liberasyon an sou yon teren mistik, ideyolojik, avèk Tousen Louvèti se te yon lòt koze, sou yon fòm pli konkrè. Tousen se te pitit pitit yon rwa afrik yo te rele Garou Ginou yo te fè prizonye apre yon gè e yo te vann kòm esklav. Tousen se koche yon mèt yo te rele bayon libèta. Tousen te aprann li nan laj karantan, se tonton li ki te rele pyè Batis ki te ba li leson. Misye te tèlman konn monte kouri chwal byen yo te rele li santò savann. Misye se te yon nèg bwav ki pa pè danje. Li te tèlman entèlijan nan detantwamouvman li rive koumandan lame. Li te tèlman konn batay, chak batay li fè kont enmi li yo, se louvri ba li pase. Se sa ki fè yo te vin rele li Tousen Louvèti. Misye te rive kanpe yon lame ki te sèl kòk chante nan tout lil Ayiti. Paske lame misye a te tèlman move, pisan, yo te vin wè nesesite pou yo nomen misye gouvènè tout Sendomeng. Se te pate yon piti koze, yon ti nèg nwè nan tèt yon koloni. Lè nan lane 1803 Tousen deside pwoklame otonomi Sendomeng, djare kè sote te pran mesye kolon blan yo ak tout metwopòl Lafrans. Se pou sa e konsa nan yon konbinezon, Jeneral Leklè te arete misye depote li jouk nan peyi Lafrans kote li mouri andedan prizon fòdejou. Sou bato yo tap transpòte li ya, li te fè mesye kolon blan yo konnen nan yon pawòl selèb: menmsi nou ranvèse mwen Sendomeng se sèlman pyebwa a nou koupe, men pyebwa sa ap retounen pouse grandi paske li chaje anpil gwo rasin. Kidikifèt Desalin te vin pran podjòm la. Batay la te vin genyen yon lòt visaj. Desalin te vin reyalize si yo arete Tousen konsa, se pouse batay la nan denye limit. Tousen tape goumen pou bay Sendomeng otonomi li anmenmtan lape bat pou konsève plantasyon yo ak kolon yo. Apre arestasyon Tousen an, Desalin te vin wè byen klè ke otonomi Sendomeng ak konsèvasyon plantasyon yo ak kolon yo ladan se yon rèv itopik, de bagay konplètman kontradiktwa, djametralman opoze. Se pousa Desalin vini ak yon nouvo fòmil radikal: koupe tèt boule kay, libète osinon lanmò. Se konsa lòd te pase depi yo atake nou sou yon teren nou pakab defann, mete dive kouri. Nan moman sa a fòmil radikal la te nonsèlman nesesè paske sistèm esklavaj la se yon bagay ki fè vi tinèg nwè tounen yon kokennchenn rans aberasyon absidite malpwoprete imilyasyon, mentou nan mete dife nan plantasyon yo esklav yo pa te genyen pou pèdi anyen, sèlman chenn ki mare yo.
Divizyon
Te genyen kèk divizyon nan mitan chèf esklav yo ki te kapab anpeche gwo mouvman endepandans la. Yon seri mesye tape fè kavalye sèl, ki tape fè bann apa. Yo te plis vle kanpe sou bit grad chèf yo olye yo obeyi sou zòd Desalin ki te vin koumandan anchèf lame apre depòtasyon tousen an, Desalin ki te wè liberasyon tout esklav sou tout Sendomeng. Te genyen plisyè bann ki te genyen nan tèt yo: Tinwèl, Janfranswa Byasou, Lamou Derans, Sansouci, kidonk ti chèf ki tape koumen pou zepòlèt, pou kenbe konsève grad yo. Gwo nèg vanyan ki tape lite pou yon liberasyon totalkapital te fè yon jan ak mesye sa yo, kidonk voye yo bwachat osinon anprizone yo. Se konsa gwo fòs liberasyon an te vin genyen rezon sou ti fòs konsèvasyon grad zepòlèt.
Se konsa tout moun, nwa kon milat, afranchi kon esklav, te fè yon ansanm tèt ansanm pou lite e fini ak kesyon esklavaj la. Nan mitan fòs liberasyon sa a, tout moun tape lite anba yon sèl rèv:libète osinon lanmò. Apre anpil gwo batay fannfwa krazegrenn fòs lame liberasyon esklav la te rive genyen viktwa sou fòs lame kolon yo ki te genyen nan tèt li ti jeneral Rochanmbo. Se konsa lame Rochanmbo a vole gagè ak tout mesye kolon yo, sove pran lanmè sou bato, chape poul yo, fè vwèl pou peyi Lafrans, enpi nou te rive pwoklame endepandans nou le premye janvye 1804.Pwovèb la di apre lapli se bon tan. Sa ki ta vle di nan moman endpandans la apre batay goumen krazebrize dekonstriksyon se konstriksyon. Sètadi avan premye janvye 1804 se te moman pou nou te lite batay kont lesklavaj, men apre lendepandan se te moman pou nou te lite e kontinye lite pou konstri bati peyi Ayiti. Men sa pa te fèt konsa. Divizyon te mete pye, divizyon enterè pou separe tè te pete nan mitan nou tribòbabò, yo asasinen anprès Jan jak desalin, Peyi divize an de, repiblik lwès koumande pa prezidan Petyon, Rwayòm nò ki te genyen nan tèt li Rwa Anri Kristòf. Nan dramatizasyon sitiyasyon an, Nan mete apse sou klou li te vin menm divize an twa repiblik, sid, lwès, nò. Nan mete apse sou klou ankò Ayiti te vin okipe an mil nèfsan kenz pa lame meriken. Apse sou klou, dezyèm okipasyon an 1995. Apse sou klou, li vini jodia yon repiblik kamera optik: yon prezidan reyel, yon prezidan imaj lonbraj(senbolik). Ayiti pa yon fenomèn fisik mezanmi. Nou se moun nou ye. Nou pa objè non! Pandan mwen santi tout andedan kè mwen ap rache lè map konstate tout bagay sa yo jis ki kote divizyon mete nou, mwen pa kapab anpeche mwen di e ekri: SI YON NONM PA KAPAB FÈ TI SAKRIFIS BLIYE RANKIN POZISYON PATI YON TI MOMAN, POU SONJE ENTERÈ NASYON AN POU SOVE LONÈ NASYON AN, LI PA YON MOUN, NI YON NONM NI YON FAM. Men nou rete kwè Ayiti genyen moun, moun tout bon ki rele moun, nape sonje gwo bonjan bèl volonte tètansanm nou genyen pou rezoud pwoblèm nan mitan nou e sitou mobilize gwo kapasite nou genyen pou konstri peyi Ayiti tout ayisyen alaronnbadè renmen emen trò renmen, yon fason pou nou tout ansanm vini sèl mèt desten nou. Antann pou nou antann nou se sèl fason pou nou naje pou soti, pou nou rive genyen lapè nan tèt lapè nan vant.
Vwa yon ti aksantegi Powèt ki rele Ednè Sentamou
Si le grand sol de la chine
m'étais terre d'origine
je dirais à Changaï
pour ses vertes campagnes
Je veux chanter tes collines
dans des rimes mandarinesMais c'est dans les Antilles
où soleil toujours brille
où la mer a pour compagnes
les cocotiers qui l'accompagnent
pour fiancés
les bois-fouillés
qui la draguent et l'accotent
tout le long de ses côtes
que je me vis naître
de coeur, d'âme et d'être.
C'est sur le sol d'Haïti
terre aux montagnes chéries
que maîtresse Erzulie dessine
le berceau de mon origine.
C'est sur cette élégante île
au sol fertile
que le cordon de mon nombril
s'est fait fossile
C'est là sur cette île créole
que je peux hausser mes épaules
pour dire d'une âme altière
voici le sol voici la terre
où mon coeur à l'air de roi
se sent à jamais chez soiExtrait d'un poème intitulé
Mon tambour écrit le 8 juin 1993 par Edner Saint-Amour
Tiré du recueil non édité" Source poétique"