Gifrants afiche mesaj sa, jou 01 Mas 2001 a 19:01:49:
Pout tout moun k-ap mande wen pou ki sa mwen pa bay ide pozitif pou Ayiti, m-ap senpleman di nou ke tout sa mwen ka di, fè pati de “blue print” yon revolisyon. E bagay sa pa ka ale piblik.Oganizasyon politik gen wòl li, e anndan yon òganizasyon politik genyen yerachi. A kote oganizasyon sa genyen yon ògann ofisyèl ki ka fè konnen ki sa non sèlman òganizasyon sa ap defann oubyen revandike, men sitou kòman li ka renmen sosyete a mache pou reyalize byennèt tout pèp li ak peyi li.
Yon òganizasyon ka mande pou genyen travay, genyen jistis, tout moun peye taks, pou pa genyen koripsyon, ke enstitisyon leta yo mache, ke sèkte prive a patisipe nan devlopman peyi a, ke genyen wout, genyen alfabetizasyon, etc. Tout sa yo pa mèvèy pou pèsonn rele se gwo koze. Gwo travay la, se arrive fè fòs eknomik anndan peyi-a rankontre babpoubab san deblozay ak fòs politik la ki le pli souvan genyen dèzeleman ki ka swadizan reprezante enterè pèp la. E tout mwayen ke òganizasyon sa ka anploye pou arrive asire pwogrè ak lavi pi miyò pou pèp li pa ka di domèn piblik. Fòk nou pa sezi ke nan jounen jodya, Lavalas la pa ka pale de politik transparans. Nèg yo pa te konnen ke jwèt sa pa jwe nan la transparans.
E tout pwoblèm mwen ak nèg yo sèke mwen konnen anpil nan sa pou ki dwe fèt. Tout pwoblèm nèg yo ak mwen sèke mwen wè kote y-a pwale, Tout pwoblèm nou gen ake wen, sèke nou pa konprann sa k-ap pase la. N-ap èkskize wen mezanmi, men move je a se pa wen. Dayè, mwen pa nan jwèt la ditou. Menm si nou pa kontan sa n-ap li la, ban wen lebenefis di dout paske pa gen anyen m-ap defann la pou wen. Mwen senpleman yon patryòt konsène.
- Ide pozitif? jonas 01/3/2001
- Ide pozitif? Gifrants 02/3/2001
- Ide pozitif? Jafrikayiti 04/3/2001
- Ide pozitif? Gifrants 04/3/2001
- Ide pozitif? Jack 04/3/2001
- Ide pozitif? Padel 04/3/2001
- YON TI RAPÈL A LÒD VIT E PRESE Editè Fowòm lan 04/3/2001
- YON TI RAPÈL A LÒD VIT E PRESE Padel 04/3/2001
- YON TI RAPÈL A LÒD VIT E PRESE Gifrants 04/3/2001
- YON TI RAPÈL A LÒD VIT E PRESE Padel 05/3/2001