Ki lòt sijè nou kapab debat ankò?


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]



Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 03 Mas 2001 a 16:56:33:

Mwen te lanse yon deba sou devlòpman ekonomik ki dwe gen pou fèt ann Ayiti, pou Ayisyen kapab fè pwogrè sou wout prosperite a. Deba sa tounen nan yon deba politik, san pwen ekonomik yo pa janm fin devlope. Milou te fè yon bèl efò nan sans sa, men deba politik la vin kouvri tout sa li te di yo. Mwen konprann pou ki sa rive, paske ekonomi yon peyi lye avèk politik jeneral li anpil. Epi depi Ayisyen kòmanse pale de politik, sanble yo pran nan yon angrenaj yo pa fouti soti ladann. Mwen konprann sa. Se malere, men mwen konprann sa. Si mwen pa te konprann sa, sa ta vle di mwen pa konnen listwa pèp mwen an.

Mwen fè apèl a tout moun ki ta renmen patisipe nan fowòm ayisyen an, men ki pa vèse ni nan ekonomi ni nan politik. Li sèten genyen lòt aspè kilti nou nou kapab diskite. Mikèlanj ak Edner renmen pale de powezi. Marilyn renmen pale de lang Kreyòl ak efò pou kreye zouti pou mete Kreyòl la sou menm pye ak lang majoritè yo. Jack renmen pale de papiyon ak lòt ensèk ki "andemik" nan Karayib yo... elatriye. Gen de moun ki ta kapab ban nou rapò sou kanaval ki sot fèt ann Ayiti a. Gen moun ki kapab pale de mizisyen ayisyen yo, tou kòm nouvèl jenerasyon prodiktè film ayisyen ki kòmanse simen videyo sou nou. Mezanmi, gen mil lòt sijè ki kapab diskite sou fowòm lan.

Politik enpòtan se vre, men mwen remake depi politik ap pale, plis moun prefere fèmen bouch yo "pou yo kite nèg ap ranse" (se sa yon eleman sot di mwen la). Kidonk, mwen ta envite tout moun vin patisipe nan fowòm nan "san ranse". Pa rete nan politik sèlman. Nou kapab pale de tout lòt bagay, avèk menm seryozite ki fè mak Fowòm Ayisyen an. Sa se yon fowòm kote moun pa vin ranse, men se yon fowòm tout moun ki genyen yon bagay serye yo ta renmen diskite sou kilti ayisyèn nan gen dwa pote kontribisyon yo, menm si se bagay ki pou fè nou ri oubyen souri.

Mezanmi si ou pran tan pou li mesaj sa a, pote kontribisyon pa w tou.

Ou kapab fè nou plezi sa?




Repons sou sijè sa: