Michel DeGraff afiche mesaj sa, jou 08 Mas 2001 a 23:07:18:
Kanmarad kreyolis nan REKA:Mwen ta renmen fe` yon ko`mante` sou koze kanmarad Verine te ekri lo`t
jou sou REKA.Vedrine te voye yon mesaj ki te gen ko`m tit: "Senplifye kreyo`l la
le` n ap ekri". Mesaj sa a te dwe rele "Betize kreyo`l la le` n ap
ekri". Nan mesaj sa a (ak nan anpil lo`t mesaj ak nan "Grame` Kreyo`l
Vedrine"), kanmarad Vedrine te di anpil betiz. Mwen pa gen tan pou
mwen fe` envante` tout betiz sa yo, men mwen ka ban nou yon ti
echantiyon sou kalite tenten nou ka jwenn nan bouch Vedrine.
Pou ko`manse, nou jwenn pawo`l sa a:
> Se yon koze byen senp: tout moun itilize "Ayiti" an kreyo`l. Men
> "Dayiti" a (gen kote m we` yo ekri l "d Ayiti" (pou fe` plis
> foklo`). Vre`manvre, li pa nesee` pou n foure nan kreyo`l la tout
> tras franse`. 'Dayiti' se yon tras franse`, "d'Haiti". Li pa nesese`
> pou n ekri tras prepozisyon franse` a an kreyo`l. M kwe` pwoble`m sa
> a ta plis soti nan yon seri ze`v ki t ap tradui de franse` a kreyo`l
> (menm avan Konstitisyon 1987, kote n ap jwenn "Repiblik d Ayiti"). M
> we` l kreyo`l 100% pou moun di: "Peyi Ayiti" (paske "Ayiti" se yon
> peyi), "Repiblik Ayiti" (paske "Ayiti" se yon repiblik tou).Sa se betiz. Sa se "... foklo` ..." (!) tout bon. Vedrine ap konfonn
mo`foloji (ki jan lokite` natif se`vi ak mo nan lang yo) ak etimoloji
(kote mo sa yo so`ti nan istwa yon lang). Gen vale` moun nan peyi d
Ayiti ki pa konn okenn franse ki di "peyi d Ayiti" san pwoble`m. Nan
lang pa yo, "peyi d Ayiti" se bon jan kreyo`l --- ki mele yo ak kote
konso`n "d" a so`ti.E se pa se`lman nan "peyi d Ayiti" nou jwenn "tras
prepozisyon"---d(e)---sa a. Nou jwenn li tou nan anpil lo`t pawo`l,
menm nan zo`n peyi a kote okenn Ayisyen pa pale franse ditou. Pami
pawo`l sa yo, nou jwenn:mwa d mas
mwa d avril
mwa d me
mwa d jen
mwa d (a)out
mwa d okto`b.Yon lo`t kote nou jwenn "tras prepozisyon" sa a se nan:
bo` d me`
koud je
koud pye
koud bra
ko ud zepon
kout lang
...etsetera...Nou jwenn li tou nan:
yon longe` d o`n
twa me`t de longe
senk pye de laje`
aksyon de gras
feze` d kont
...etsetera...Mwen pa kwe` gen two`p moun ann Ayiti ki di:
mwa me
bo` me`
kou je
kou pye
yon longe` o`n
aksyon gras
feze` kont
...etsetera...Pete`t Vedrine konn moun sa yo pi byen pase m...
Antouka, si nan "senplifye" kreyo`l fo`k nou ta wete sa Vedrine ta
rele "... tras franse`... ", pa ta rete pre`ske anyen nan lang nou an.
Majorite mo kreyo`l se nan franse etimoloji yo so`ti. "Senplifye"
Vedrine la, se yon soustraksyon ki bay zero bare.> Tras prepozisyon franse` a ta sanble l gentan vale teren (rive lwen) o nivo
> oral (le` n ap pale) men li pa nesese` pou n kontinye itilize l alekri.Mwen pa konprann prensip sa a menm menm menm. Sa ta vle di kreyo`l
ekri ak kreyo`l pale, yo chak dwe gen re`g sentaks pa yo. Sa se yon
lo`t gwo betiz. Mwen te kwe` o`tograf se yon teknik pou nou eseye
reprezante tout riche`s lang nou pale a. Nan `lengwistik' Vedrine,
o`tograf vin tounen yon teknik pou nou "senplifye" lang nou pale a.
Ala yon "senplifye" ki konplike!> Nan lo`t ti detay sou o`tograf kreyo`l la, gen moun ki ta konfonn
> "transkripsyon" ak "ekriti kreyo`l la" [o`tograf] lefe`t ta ka gen
> ke`k teyori ki di: jan ou tande kreyo`l la oubyen jan l pwononse, se
> konsa l ekri (se`tadi: kreyo`l se yon lang ki 100% fonetik). Pa
> ere`, m we` lengwis kouwe` Yves Dejean ak ke`k lo`t moun ta ekri
> "ann Ayiti". Nan "Grame` Kreyo`l Vedrine", 'ann' se yon 'mak
> enperatif' li ye [ekz. Ann ale! Ann non! - se yon fo`m kout pou
> "annou" ki ekivalan a "let's" nan lang angle`"].> Gen moun tou ki konfonn "lang pale" ak "lang ekri" (kote nou ka menm
> retounen nan lengwistik franse` pou analize yon teyori sou "Liaison
> obligatoire" [pa ekz. an franse` nan fraz sa a: "les enfants", nou
> tande yon son "z" o nivo oral / pwononsiyasyon men le` n ap ekri l,
> nou pa ekri "les zanfants". Se menm parale`l la nou ka tabli ak fraz
> "an Ayiti" (o nivo ekri ki ko`re`k) epi o nivo oral n ap tande yon
> 'lyezon obligatwa' (ki dwe la: [annayiti]) Epitou, gramatikalman,
> "an" tonbe nan kategori "prepozisyon", diferan de "ann" ki tonbe nan
> kategori "enperatif" oubyen sa n ka rele "bay le`d", "pase lo`d".Vedrine fe` gwo ere` nan koze sa a tou. Anplis, li kontredi te`t li
alawonbade` ...Vedrine te ekri (nan menm mesaj li a):
> 'Peyi Ayiti' granmoun te`t li (nan nivo lengwistik e politik).
E poutan, nan vye rezonman Vedrine ap fe` la a, se li-menm menm k ap
mete o`tograf kreyo`l sou depandans o`tograf franse (sou zafe`
"liaison obligatoire") alo`ske de lang yo pa gen menm siste`m
fonolojik---yo pa gen menm re`g pwononsyason. Selon Vedrine, fo`k nou
"retounen nan lengwistik franse` pou [nou] analize" o`tograf kreyo`l.
Sa vle di kreyo`l rete ak franse! "Granmoun" sa a se yon restave`k
lengwistik---yon restave`k ak "liaison obligatoire"! Monche` Vedrine,
fe` respe` w, tande...Annou we` ki jan Vedrine fe` le`d ne`t nan zafe lengwistik ak
o`tograf, san li menm pa reyalize vale` bagay li bezwen aprann sou
"fonetik" ak sou "liaison obligatoire". Ko`m li dwe gen liv Iv Deja
yo, l ava che`che konprann yo pi byen.Sou zafe` "fonetik" la, pa gen okenn lengwis ki lengwis tout bon ki ta
janm kwe` ta ka gen (oto`graf) "yon lang ki 100% fonetik". Pawo`l
krochi sa yo, se anba plim Vedrine yo te so`ti. Sou lis CreoLIST la,
Vedrine te ekri nan
http://listserv.linguistlist.org/cgi-bin/wa?A2=ind9908&L=creolist&P=R14558"Kreyo`l se yon lang 100% fonetik (sa w tande, se sa w ap ekri)."
Sa se yon gwo betiz. Fonetik se tout bri nou fe` ak bouch nou le` n
ap pale. Pa gen okenn siste`m o`tograf ki ka reprezante tout bri sa
yo. E sa se yon bagay Iv Dejan te byen esplike nan liv li a: "Comment
ecrire le creole d'Haiti". Nan liv sa a, Dejan te byen esplike pou ki
sa pa ta fouti gen yo n o`tograf ki "100% fonetik".E`ske kreyo`l gen "liaison obligatoire"? E`ske fo`k nou ekri "ann
Ayiti" oubyen "an Ayiti"?Selon prensip fonoloji kreyo`l ansanm ak prensip oto`graf kreyo`l, se
"ann Ayiti" pou nou ekri. Pou ki sa? O`tograf kreyo`l se yon
o`tograf mo`fo-fonolojik kote o`tograf la se`vi ak re`g mo`foloji ak
fonoloji kreyo`l. Iv Dejan esplike sa byen.E kreyo`l PA gen "laison obligatoire". Kouman pou nou we` sa? Annou
mande te`t nou kouman nou pwononse "bon Ayisyen". E`ske gen "liaison
obligatoire" nan "bon Ayisyen", "bon Ameriken", "bon ele`v", "bon
enbesil", etsetera? Ki son ki vin anvan "Ayisyen", "Ameriken",
"ele`v", "enbesil" le` mo "bon" an vin tonbe devan mo sa yo? Son sa
a, se yon vwaye`l nazal yo ekri "on"---se pa yon konso`n "n". Sa vle
di: kreyo`l pa gen okenn fenome`n "liaison obligatoire". Pa gen
"liaison obligatoire" nan lang "bon Ayisyen" pale.Men gen "liaison obligatoire" nan lang franse pale, kankou nan "bon
Haitien", "bon American", "bon ele`ve", "bon imbe'cile". Ki sa sa vle
di? Sa vle di kreyo`l pa gen "liaison obligatoire". Nou pa bezwen
sezi: kreyo`l pa franse, fonoloji kreyo`l se pa fonoloji franse,
kreyo`l pa rete ak franse. Vedrine fe` ere`.Kounyen an, annou mande ki son ki vin tonbe devan "Ayiti" nan "ann
Ayiti". Se pa yon vwaye`l. Se yon konso`n nazal "n". Se pou sa fo`k
nou ekri "ann Ayiti". Si pa te gen de (2) "n" nan "ann Ayiti", si nou
te ekri "an Ayiti" (ak yon grenn "n"), fo`k nou ta pwononse "an" san
yon konso`n "n" devan "Ayiti". Fo`k nou ta pwononse "an Ayiti"
apepre` menm jan nou pwononse "bon Ayisyen"---ak yon vwaye`l devan
"Ayiti". Tout Ayisyen ki ann Ayiti byen konnen gen yon diferans nan
son ki vin tonbe devan "A" nan "ann Ayiti" ak son ki vin devan "A" nan
"bon Ayisyen".Se pou sa fo`k nou ekri "ann Ayiti" pou prepozisyon an ka pwononse jan
li dwe pwononse le` li tonbe devan "Ayiti". Se de (2) "n" sa yo (nan
"ann") ki pe`me`t nou distinge pwononsyasyo n "ann Ayiti" ak
pwononsasyon "bon Ayisyen".Kanta "ann" ko`m mak enperativ, sa se pa pa pwoble`m. Se pa ni premye
ni de`nye mo kreyo`l (oubyen mo nan nenpo`t ki lang) ki gen plizye`
sans. Pa egzanp, annou gade sans mo "nou" an kreyo`l. Ti mo "nou" sa
a se`vi ni ko`m premye pe`son plirye`l ni ko`m dezye`m pe`son
plirye`l. Annou konpare "nou" ak "ann". Mo "ann" se`vi ni ko`m
prepozisyon ni ko`m mak enperatif. Men, nou toujou ka distenge ki
sans "ann" genyen, selon li devan yon non oubyen selon li devan yon
ve`b: "ann" ko`m prepozisyon toujou devan yon non ("ann Ayiti"); "ann"
ko`m mak enperativ toujou devan yon ve`b ("annou sispann di tenten").Pwoble`m la pi grav pou "nou": kote nou jwenn "nou" ko`m premye pe`son
plirye`l nan yon fraz, se menm kote nou ta ka jwenn "nou" ko`m dezye`m
pe`son plirye`l. Se sitiyasyon dyalo`g la se`lman ki ka pe`me`t nou
fe` distenksyon ant premye pe`son "nou" ak dezye`m pe`so`n "nou".
Mwen pa kwe` Vedrine ta vle bay "nou" de o`tograf diferan pou li
distenge de (2) "nou" sa yo.Ko`m Vedrine se yon "reche`chis", m espere l ava pran liv Iv Dejan yo
pou li byen etidye yo---ak anpil atansyon. Konsa l ava aprann yon ti
lengwistik ansanm ak 2-3 bon teknik fonoloji ak o`tograf kreyo`l. Kon
sa tou, la sispann di tenten sou REKA. Si se pa sa, Vedrine ak
"Grame` Kreyo`l Vedrine" ap kontinye fe` gwo tchouboum nan vye ere`
le`d.Ann atandan, fo`k mwen di tou ke "Grame` Kreyo`l Vedrine" chaje ak
lo`t ere`. M espere Vedrine ap jwenn tan pou li kontinye aprann
lengwistik, kon sa l ava ekri yon "Grame` Kreyo`l Vedrine Nimewo 2" ki
pete`t a gen mwens ere`.-michel.
___________________________________________________________________________
MIT Linguistics & Philosophy, 77 Massachusetts Ave, Cambridge MA 02139-4307
degraff@MIT.EDU http://web.mit.edu/linguistics/www/degraff.home.html
___________________________________________________________________________
- "Gramè Kreyòl DeGraff" Emmanuel Vedrine 10/3/2001
- Se "kreyolis" nou ye: Annou pale sou _lengwistik_ kreyo`l Michel DeGraff 10/3/2001
- "Gramè Kreyòl DeGraff" Michel DeGraff 10/3/2001
- "Gramè Kreyòl DeGraff" Emmanuel Vedrine 10/3/2001
- Yon ti nòt Editè Fowòm lan: Jwèt se jwèt, kwoke janm pa ladan Editè Fowòm lan 10/3/2001
- "Peyi d Ayiti", "Ann Ayiti": Se pa ere` Gifrants 09/3/2001
- "Peyi d Ayiti", "Ann Ayiti": Se pa ere` degraff@mit.edu 10/3/2001
- "Peyi d Ayiti", "Ann Ayiti": Se pa ere` Jafrikayiti 09/3/2001
- "Peyi d Ayiti", "Ann Ayiti": Se pa ere` Michel DeGraff 10/3/2001