"Peyi d Ayiti", "Ann Ayiti": Se pa ere`


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: "Peyi d Ayiti", "Ann Ayiti": Se pa ere` Gifrants te ekri a,

degraff@mit.edu afiche mesaj sa, jou 10 Mas 2001 a 15:49:46:


Monche` Gifrants:

Ou mande: Pou ki sa nou ekri _bo`d me`_ men nou pa ekri
_peyid Ayiti_?

Sa se yon be`l keston sou zafe` o`tograf. Sa gen rapo`
ak pratik standadizasyon ki poke fin kore ann Ayiti.
Gen anpil mo nan kreyo`l nou an ki gen plizye jan yo
ekri. Nou ka kite varyasyon an kontinye konsa san sa
pa jennen oubyen nou ka chache yon o`tograf inifo`m pou
mo sa yo---yon o`tograf ki baze sou reche`k k ap fe`t
sou prensip mo`foloji ak fonoloji kreyo`l. Gen bon jan
lengwis (kankou Iv Dejan) k ap fe` reche`ch sou kestyon
sa yo.

Kanta _peyi d Ayiti_, o`tograf sa a pi bon ke _peyid
Ayiti_. Pou ki sa? Paske _d_ a gen pwo`p endepandans
mo`folojik pa li (_d_ se yon mo apa). Ki jan nou we`
sa? Nou deja gen mo _peyi_ ak _Ayiti_, pa egzanp nan
yon fraz kankou _AYITI se yon be`l PEYI_. Si _peyi_ ak
_Ayiti_ deja gen pwo`p endepandans pa yo, fo`k nou ta
ekri _peyi d Ayiti_ pou nou kenbe endepandans _peyi_ ak
_Ayiti_.

Gen yon lo`t pwoble`m non o`tograf _peyid Ayiti_. Si
nou ekri "peyid" konsa, fo`k nou ta ekri tou _Repiblikd
Ayiti_. Men, ko`m lokite` natif, nou konenn pa gen
sekans _kd_ nan fen mo kreyo`l. Pa gen mo kreyo`l ki
fini an "kd". Sa vle di _repiblikd_ pa ta fouti yon
bon mo kreyo`l. La tou, nou we` fo`k nou ekri
_repiblik d Ayiti_.

Si n ap kenbe re`g sa a menm jan tout kote, fo`k nou ta
ekri _peyi d Ayiti_.

PET`ET, fo`k nou ta ekri _bo` d me`_ tou pou nou kenbe
re`g la inifo`m. Ki sa w panse?

Gifrants mande tou:

1. "Ki lang n-ap abso`be pou kreyo`l la"?
2. "Eske n-ap pwal di "kommpit`e" pou "computer?" Oubyen n-ap pwal di
"o`dinate`" pou "ordinateur?"

Malerezman (oubyen erezman) kestyon sa yo pa nan domenn
mwen. Ko`m lengwis, sa mwen fe` se obse`ve sa ka pase
nan lang lan epi m eseye konprann fenome`n sa yo: m
analize yo. Mwen pa makout lengwistik ak yon
baton-makak yo rele "Grame` Kreyo`l DeGraff": mwen pa
pase lwa sou jan lang lan dwe devlope---mwen pa chache
devlope pwo`p "Grame` K reyo`l DeGraff" pa m ki pa menm
ak Grame` Kreyo`l Ayisyen.

Sou kestyon 1. ak 2.: Tout lang "abso`be" mo selon
bezwen yo, menm jan tou tout kretyen vivan kreye mo
selon bezwen yo. Sa fe`t nan tout lang: Angle, Franse,
Alman, etsetera. "Academie Francaise" nan peyi Lafrans
eseye pase lwa pou yo anpeche blan Franse "abso`be" mo
Angle. Men sa pa mennen lwen: Le` l ap y ap pale
franse, anpil blan Franse di "hotdog" olye yo di "chien
chaud" (!). Se menm jan tou, gen anpil mo panyo`l
("salsa"), franse ("routine"), kreyo`l ("voodoo") ki
vin antre nan lang Angle.

Mwen pa gen okenn entere` pou m ta di moun sa ka fe` ak
sa yo pa ka fe` le` y ap se`vi ak lang mate`ne`l yo.
Sa ki enpo`tan se pou kreyo`l la rive di tou sa Ayisyen
bezwen di, nan tout dome`n kiltire`l, syantifik,
politik, etsetera.

Sa mwen ka fe` se eyeye analize baz lengwistik ki
pe`me`t e ki pral pe`me`t lokite` natif yo se`vi ak
lang yo jan yo bezwen se`vi ave` l pou yo fe` sa yo dwe
fe`.

-michel.

(Kanmarad, Kontinye fe` be`l mizik. Mwen renmen de`nye
konpak ou a. Gwo zafe`! Me`si anpil)

____________________________
MIT Linguistics & Philosophy
77 Massachusetts Ave
Cambridge MA 02139-4307
degraff@MIT.EDU
http://web.mit.edu/linguistics/www/degraff.home.html
____________________________________________________



Repons sou sijè sa: