An repons a: "Gramè Kreyòl DeGraff" Emmanuel Vedrine te ekri a,
Michel DeGraff afiche mesaj sa, jou 10 Mas 2001 a 22:51:19:
Vedrine ekri:
> A bon, m konprann; misye vle di: annavan Ayiti! Li ka di tou: Annouwè Ayiti! Oubyen: Annavan peyi Ayiti! Annouwè peyi Ayiti!
Mwen pa konprann agiman sa a. Vedrine, Esplike m, tanpri.
Selon prensip mòfoloji kreyòl mwen deja esplike yo, _annavan_ ta sipoze ekri: _Ann avan_; _Annouwè_ ta sipoze ekri _annou wè_. Vedrine ap fè m di sa mwen pa di. Amwen li pa konprann sa mwen te esplike nan lòt mesaj mwen yo.
> "DeGraff pa gen okenn bezwen pou li "aprann ekri kreyòl..." (Michel DeGraff). ... Andotretèm, DeGraff vle di: sa pa enpòtan, li mèt voye monte jan l vle sou kreyòl ... Donk pou DeGraff, koze sa a pa enpòtan pou li ni pou pyès moun nan fowòm kreyòl la (ki ta reprezante pèp la) aprann ekri kreyòl. Yo ka jis suiv li, voye monte menm jan ak li. ...
Vedrine ap eseye kreyo kafouyak nan diskisyon an. Men sa mwen te ekri egzateman na Fowòm Kreyòl:
"DeGraff pa gen okenn bezwen pou li "aprann ekri kreyòl nan fowòm REKA". Pa gen okenn "Gramè Kreyòl REKA", ni okenn "òtograf Kreyòl REKA". Ni mwen-menm ni pèson sou REKA pa bezwen "aprann ekri kreyòl nan fowòm REKA".
Epi mwen te byen di:
"Depi yon moun KONN EKRI KREYÒL epi li gen tan ak volonte ak opòtinite pou sa, moun sa ka ekri nan REKA san li pa bezwen "aprann ekri kreyòl nan fowòm REKA".
Kreyòl pale, kreyòl konprann.
> Donk tèz sa a fèmen nan tiwa DeGraff pou pèp ayisyen pa janm li l pase l pa pale anglè. Kapab gen lapèz dèyè koze a tou pou Vedrine pa al pibliye yon kritik tèt tchaje sou li.
Gade yon dewobad!
Pwoblèm Vedrine vin soulve sou REKA (sou "d" ak sou kreyòl "senplifye"), se pa pwoblèm mwen bezwen pibliye sou yo. Deja gen bèl travay ki fèt sou done sa yo ki deja montre Vedrine nan erè (e gen plizyè lòt erè konsa nou ka jwenn nan "Gramè Kreyòl Vedrine").
Kanta tèz mwen ak anpil lòt travay mwen fè, se travay teyorik pou yon ti milye syantifik anglofòn. Se milye sa a ki enpòtan pou mwen nan staj mwen ye kounyen an nan karyè m. Epi tou, se inivèsite MIT ki mete manje sou tab mwen. Elèv mwen ak kòlèg mwen se anglofòn yo ye.
Epi tou, kòm si se travay lengwistik teyorik pèp la ta plis bezwen li kounyen an pou li sòti nan pwoblèm pa konn li ak pa konn ekri li. Ala demagoji...
Si Vedrine vreman vle fè kritik sou travay mwen, li ka jwenn yon ti echantiyon piblikasyon m nan:
http://web.mit.edu/linguistics/www/degraff.home.html
Ann atandan, jouk kounyen an, Vedrine poko prezante okenn kritik valab sou agiman mwen te prezante sou "ann Ayiti" ak "Repiblik d Ayiti".
Sonje se agiman _lengwistik_ sa a (sou kestyon "d" ak sou kestyon "liaison obligatoire") ki te vin fè m antre nan deba sa a.
Mwen te prezante yon seri done ak analiz ki montre nou pou ki sa gramè kreyòl "senplifiye" Vedrine la ak "liaison obligatoire" li a se yon gramè san valè.
Jouk kounyen an---men apre 2 swadizan `repons'---Vedrine poko janm prezante okenn agiman pou li kritike agiman pa m yo ak agiman pa Dejean yo. Li prefere ap pale yon pakèt lòt koze ki pa gen okenn rapò ak agiman _lengwistik_ sou "ann Ayiti" ak "Repiblik d Ayiti".
Dekiprevyen? Ki sa n ap fè la: _lengwistik_ oubyen demagoji?
Si Vedrine vle fè _lengwistik_, fòk li ta bay "agiman solid" (sou fonoloji ak sou mòfoloji) pou li defann 1. ak 2.:
1. "an Ayiti" olye "ann Ayiti"
2. "peyi Ayiti" olye "peyi d Ayiti"
> DeGraff jis ap repete dèyè Dejean olye l pran san l fè yon seri analiz solid : wè sa Dejean di ki bon, ki pa bon. Donk, DeGraff kanpe fèm sou Teyori Jakorepèt.
Mwen pa konprann agiman sa a non plis.
Dejean ap fè travay serye sou teren depi sinkant an ann Ayiti ak Ayisyen natif-natal. Dejean bay analiz solid ki baze sou bon jan done ak sou bon jan teyori fonoloji, mòfoloji, sentaks ak semantik.
Mwen-menm tou mwen te bay yon ti mòso analiz tou piti sou Fowòm Kreyòl:
/bbs/messages/1272.html
/bbs/messages/1278.html
/bbs/messages/1279.html
Analiz sa a baze sou done tout Ayisyen kapab apresye ak sou mòfoloji epi fonoloji kreyòl.
Kanta `analiz' pa Vedrine lan, li baze sou yon seri lide dwòl (1. ak 2.):
1. yon kreyòl "senplifye" ki baze sou yon seri de règ ki pa egziste nan kreyòl nou pale a.
2. yon fonoloji kreyòl Vedrine ak "liaison obligatoire". "Liaison obligatoire" sa a pa egziste nan lang Ayisyen pale (pa egzan: "Bon Ayisyen" ak "Bon Ameriken an kreyòl pa pwonense menm jan ak "Bon Haitien" ak "Bon Americain" an franse).
Men selon Vedrine:
> nou ka menm retounen nan lengwistik fransè pou analize yon teyori sou "Liaison obligatoire"
Selon sa nou wè la, se gramè Vedrine la ki bezwen koriji ousino se Vedrine k ap tounen yon jako "senplifye" k ap repete fonoloji franse ak "liaison obligatoire" san li pa konprann vre gramè kreyòl la.
M espere pwochen mesaj Vedrine a konsantre sou pwoblèm li te kreye pou "peyi d Ayiti" ak pou "ann Ayiti"
Jan mwen te di nan tit mesaj mwen an: "Peyi d Ayiti" ak pou "ann Ayiti": se pa erè. Si Vedrine kwè sa se erè, m espere l a prezante "agiman solid" sou sa.
Si "rechèrchis" Vedrine pa gen "agiman solid", sa pa deranje anyen menm: kreyòl nou a pa bezwen "senplifye", ni li pa bezwen "liaison obligatoire".
-michel.
____________________________
MIT Linguistics & Philosophy
77 Massachusetts Ave
Cambridge MA 02139-4307
degraff@MIT.EDU
____________________________
Repons sou sijè sa: