An repons a: Lengwistik pa foutbo`l: Pa gen kabre ladan l. Michel DeGraff te ekri a,
Gifrants afiche mesaj sa, jou 12 Mas 2001 a 19:26:23:
Zanmi Kreyolis yo,Kòm mwen di li deja sou Fowòm lan, mwen pa lengwis, men mwen te toujou pote kreyòl la byen wo nan lèspri mwen. Kòm prèv, mwen ka di nou ke nan klas Twzyèm Kolèj Nòtredam, a laj de 16 an, se te an kreyòl mwen te konnen ekri mennaj mwen.
Diskisyon sa gen yon baz syantifik, se vre. Men gen yon dilèm ke li poze pou wen.
Lè mwen te nan Twazyèm, mwen te konnen ekri yon kreyòl fransize ke m-ap tradui pou nou.
“Lè mouin te nan Twazièm, mouin te konnin ecri yon creyol fransize”
Apati de ki sa Kreyolis yo detèmine ke mon chè, Gifrants, kreyòl sa w t ap ekri lè w nan Trazyèm lan poko pwèt pou te kreyòl?
Rezon ki fè m poze kesyon sa, se agiman “fonetik” la. Mwen menm pèsonèlman, mwen aksèpte òtograf kreyòl la, pa sou baz fonetik la, men sou baz ke li ba kreyòl plis pèsonalite e raple tou se yon lang ke Afriken oubyen desandan Afriken ap pale. Men antout lojik, se yon moun gade byen mak pwofon kilti franse ak lang franse nan vi nou pèp Ayisyen, yon moun pa ta sipoze fè fot, si li ekri “mouin” olye de “mwen”.
Syans pa elastik se vre, men fè yon moun fè byen atansyon nan patikilarite ak iregilarite ki pi mal pase yon madichon ki chita non sèlman nan mantalite nou Ayisyen, men nan vi nou tou, e sa genyen anpil repèkisyon sou anpil bagay ke Loksidan ap prezante kòm syans. Lasyans Loksidan rele yon kriz de posèsyon yon “evenman paranòmal” pandan ke pou nou se yon bagay nòmal pou yon moun pran lwa.
Si ilè vrè ke yon lengwis, se rapòte sa li tande, èske nan aplikasyon sa blan an rele “lwa lengwistik” pou li, sa pa ka parèt yon iregilarite pou yon lengwis Ayisyen? Eske lengwis sa gen dwa reyaji a iregilarite sa? Si li reyaji, e enonse yon lwa pou korije “iregilarite sa”, èske li komèt yon erè? Eske “pliralite sous e orijin kreyòl la” reponn a tout rijidite lwa lengwistik yo? Entèvansyon anflame De Graff la louvri sou yon volè ki pi enpòtan dapre mwen. Eske wòl lengwis lan reyèlman dan leka de peyi d Ayiti, se obsève? Eske vi pozisyon peyi d Ayiti li pa mande tou, pou korije e oryante lang lan andepi di fè pa genyen yon Akademi lang kreyòl? Andepi di fè ke “gap” la nan itilization lang lan an li menm kontinye ap agrandi non sèlman paske pa gen alfabetizasyon an kreyòl ki jeneralize an Ayiti, men ankò paske Ayisyen ap deplase ale nan lòt peyi kote lang lan sibi plis transfòmasyon toujou?
“Ann ale oubyen An n (nou) ale?” Ann pati oubyen an n pati? Liaison obligatoire ou contraction? Let us say it or let’s say it. Do not do it or don’t it. Chak kilti ou chak peyi ki rive nan gwo nivo de devlopman entèprete sa yo fè lakay yo avèk anpil ezans paske oubyen envansyon yo fè lakay yo, oubyen nivo de vi lakay , nivo de devlopman peyi yo jistifye tout sa yo vle fè oubyen yo ka renmen fè. Nan ka nou, Ayisyen ak peyi d Ayiti, paske nou pa kanpe anjeneral sou anyen, ke se nan envansyon, ke se nan edikasyon, nan nivo de vi, nan devlopman, tout jefò k-ap fèt menm avèk konsyans tonbe anba “osterite” sa blan fè ou di detèmine avèk sa li rele lasayans. Mwen pa nan pozisyon pou-m kèsyone sa blan an detèmine kòm lwa lengwistik, men li ka bon, san se pa “anpirism”, ni kretinaj, ni vagabonday, ni libètinaj, yon moun gade kreyòl la nan tout konplèksite li, avan li detèmine sa ki bon ou pa bon pa enonsman yon sèl lwa.
- Lengwistik pa foutbo`l: Pa gen kabre ladan l. Emmanuel Vedrine 13/3/2001