An repons a: "Teyori D-grenn senk" & "Gramè Kreyòl DeGraff" Gifrants te ekri a,
Emmanuel Vedrine afiche mesaj sa, jou 15 Mas 2001 a 11:40:24:
["Mon chè Vedrine,
Mwen pa lengwis, se vre. Mwen pa gen oken pwoblèn pou m konpran Repiblik d Ayiti Repiblik d Itali " (Gifrants) ]
Etan natif, mwen ka di ou pa p gen pwoblèm oubyen yon lòt Ayisyen pa ta gen pwoblèm kapte 'semantik' (sans) fraz sa yo. Kreyòl pale kreyòl konprann. Men se yon ti kesyon byen senp mwen mande "syantis kreyòl la" pou l esplike (re : " wòl 'd' - an grenn senk', 'ak aplikasyon l nan pwosesis 'estandadizasyon lang kreyòl la'. Mwen poko janm jwenn repons sa a nan men 'syantis la'.
[ "Men mwen genyen anpil pwoblèm avèk 'Ann anglè'. (Gifrants).]
Ou non sèlman se yon natif (ki pale) e ki ka li kreyòl, ki pale e ki ka ekri anglè, fransè… (pou konprann yon seri lojik) anplis ou nan mizik. Mwen te gen chans fè yon kout mizik tou e lè m te kòmanse etid lengwistik, mwen vin sonje de nan meyè pwofesè pou 'teyori mizik' mwen te genyen e ki jwe plizyè enstriman tou (teyori e pratik). Donk ou konnen lè yon bonjan mizisyen tande yon 'son dwòl'. Globalman, se nan kad tout diskisyon sa yo, m ap analize ki wòl yo ka jwe nan 'pwosesis estandadizasyon lang kreyòl la' pou jwenn yon 'inifòm', yon 'machasuiv'.
[ " Mwen konprann "ann mache" ki ka an n (nou) mache pou pi devan."(Gifrants). ]
La a, mwen gentan konprann ou (sèdike, ou wè fonksyon 'ann ' nan gramè kreyòl la kòm yon 'mak enperatif' (n ap jwenn tou nan *Gramè Kreyòl Vedrine* lè n ap pale de 'bay lòd' ou 'pase lòd'. Mwen si ke w li tout pasaj sa yo deja nan gramè sa a pase ou wè anpil bagay klè nan yon seri rezonnman ou fè.
[ " Men 'an nanglè' fè plis sans ke "ann anglè " (Gifrants) ]Bon, la a mwen eseye konprann ou kanmèm byenke gen kèk ti parantèz mwen ka ouvè: nan deba sa a mwen mansyone 2 tèm enpòtan : "kreyòl pale" vs. "kreyòl ekri". Nenpòt natif ki li kreyòl pa p gen pwoblèm kapte semantik fraz la (kit yo tande l, kit nan fason ou ekri l la). Men si nou antre nan kad wòl 'òtograf kreyòl la' nan 'mòfoloji' (fòmasyon mo), fò n panse a 'semantik li' (sans li fè pou nou ou sans li genyen).
a) "nanglè" pa gen kominike n ou anyen an kreyòl (youn). Andotretèm, si n mande yon Ayisyen: kisa mo 'nanglè' vle di? La a, mwen pa p ba ou reponn mwen atann nan men ou ka poze dis Ayisyen kesyon sa a (epi tepe repons lan) pou di m sa yo di w e ou menm, tou ou te ka ekri repons lan epi ou matye l ak yo di w. Donk se nan menm òd ide sa a e nan bon konprann ou (lojik) ou ka revize yon tèl deklarasyon 'syantis la' fè:
"DeGraff pa gen okenn bezwen pou li "aprann ekri kreyo`l" (Michel DeGraff).
b) "ann" pa tonbe nan kategori 'prepozisyon' an kreyòl kote l ta ekivalan a "en" (fransè" ou "in" (nan lang 'anglè'). Lè n ap fè yon seri etid kreyòl, pafwa li enposib pou n ta abandone totalman 'grammè fransè a' pou n gade yon seri koze (byenke nou konnen kreyòl la gen yon sentaks 'chèmèt chèmètrès' tou), men toujou gen yon seri konparezon e paralèl nou menm rechèrchis e kritik ka fè ant kreyòl / fransè e pa bliye 'kreyòl ayisyen' se youn nan kreyòl 'a baz leksikal fransè'. "Etid kreyòl (ayisyen)" sitou, se pa yon etid kote yon nèg ka jis kanpe sou 'kèk grenn teyori' sèlman san fè yon seri etid afwofondi nan 'lengwistik fransè' e nan 'filoloji' e mwen kwè se nan kad sa a Pwogram Lengwistik Fransè nan nenpòt bonjan inivèsite, mete l 'obligatwa' pou fè etidye alman (nan nivo avanse), apa yon konesans nan 'klasik' (grèk, laten) yo atann de elèv la. Pou moun ki reyèlman ap fè rechèch apwofondi nan 'lengwistik kreyòl', se la a yo pral wè enpòtans sa genyen pou konprann filoloji ak mòfoli kreyòl ayisyen, fè konparezon e tabli kèk paralèl ak "lang de baz la" (fransè).
Men nan rechèch, nou dakò ke toujou gen moun ki 'dakò' / pa 'dakò' ak yon seri koze (osilontan yo ka pwouve nou klèman poukisa) men mwen eseye senplifye koze yo (san okenn konplikasyon teyorik) dekwa pou nenpòt natif ki pale kreyòl konprann yo (san yo pa men bezwen lengwis ou san 'kèk syantis kreyòl' pa bezwen bwouye lespri yo) e se nan kad sa a pou natifnatal eseye konprann wòl *Gran Gamè Kreyòl Vedrine* (1996) jwe nan tout koze sa yo.
[ "n" nan an n mache trè èksplisit men "n" ann a nglè non sèlamn pa jistifye sans li-e mwen kwè li diferan de "liaison obligatoire" nan bò d mè kote son an pa chanje, men si yon moun ap detache "ann" nan "ann anglè", son an totalman chanje. (Gifrants) ]
'Lyezon obligatwa' (an kreyòl) vle di: li dwe la (nou wè tou natirèl) e kòm natif ki pale kreyòl ou wè 'lyezon' sa a, kote an menm tan tou ou vin raple w "lyezon ki ekziste" nan lang fransè. Gen moun tou ki konfonn "transkripsyon" vs. "estandadizasyon" yon lang e mwen montre yon 'ekzanp klasik' nan fason 'syantis kreyòl' la ap eseye konvenk nou ke l ta pi bon pou n ekri "ann Atiti" olye 'an Ayiti'. Se vre si n ap fè yon transkripsyon 'son' nou tande a, nan Fonetik Entènasyonal, n ap gen [ãnajiti] e si n vle dekonpoze son sa a an silab, n ap gen: an-na-yi-ti (la a, nou tande 4 silab) kote yon 'lyezon' foup li parèt tèt li! Tanpi pou moun ki pa tande lyezon sa a! Men lè nou estandize (suiv yon 'fòm estanda'), nou ekri : 'an Ayiti '. Nyans ant 'lang pale' vs. 'lang ekri' pa ekziste sèlman an kreyòl. Moun ki pale e ki ekri fransè byen fransè ap wè sa. Donk si yon nèg jis rete nan ti teyori sèlman epi w pa fè tout 'etid rapwoche' sa yo pou konprann fondèt kreyòl la, moun sa a manke.
E.W.Vedrine