Ekri kreyòl fasil | Kreyòl ekri fasil


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Emmanuel Vedrine afiche mesaj sa, jou 16 Mas 2001 a 00:15:58:

Ekri kreyòl fasil | Kreyòl ekri fasil

[Pati I] - Ekzèsis:
Reponn kesyon yo epi ekri kòmantè ou sou chak fraz.


1. A ki lè klas kreyòl la kòmanse?
2. Ann ale kounyeya (kounye a) pou n pa rate bis la!
3. Anpil moun pa travay le dimanch.
4. Ayiti se yon repiblik.
5. Defwa (dèfwa) m sonje ou, de rant dlo kouri nan je (zye) m.
6. Depi moun Ayiti wè l, yo pran l pou dyaspora.
7. Gen defwa Lavi ban n payèt, nou vle fè wòklò.
8. Gen peyi elèv al lekòl le samdi.
9. Gen plis moun ki pale kreyòl Ayiti pase tout lòt kote sou latè.
10. Gen plis pase yon milyon Ayisyen k ap viv nan dyaspora a.
11. Jodiya (jodi a) se jou mache nan bouk la.
12. Jozafa mache sou pinga l pou l pa pile si m te konnen.
13. Ki lè l ye kounyeya?
14. Ki koulè drapo repiblik Ayiti a?
15. Ki lòt kote yo pale kreyòl (a baz fransè)?
16. Kijan yo di "liv" an anglè?
17. Kikote Ayiti sitiye?
18. Kilè Ayiti te pran endepandans li?
19. Kit nou renmen kit nou pa renmen chemen Lavi se ladan l chwal nou al bouke.
20. Kilès yon "kreyolis" ye?
21. Kisa k pran Malèn maten an!
22. Kreyòl pale kreyòl konprann.
23. Kote k gen sann, mal bourik se wa.
24. Lame Ayiti pa ekziste ankò.
25. Lavi pase n nan rizib lè n pran flèch palmis pou fizi kout.
26. Li pran wout la sou de vityelo l.
27. Malèn jouwe Ivoz "kaprina".
28. M ale; n a wè demen.
29. Mizik la met Mimoz sou sa.
30. Mwen pa p ka vin demen; ann pran yon lòt randevou.
31. Mwen wè yon popilas moun nan kanaval.
32. Nèg sa a toujou bezwen èddekan. Wi l alèz !
33. Nèg sa a piti men msye pa pitimi.
34. Nou panse n ka vòlè bonnèt Lakansyèl!
35. Nou t ap manje lè n tande frape nan pòt la.
36. Ou gen lè silvouplè?
37. Ou monte sou resif, ti mal!
38. Ou okipe lè samdi?
39. Peyi Ayiti se tè glise.
40. Pa eksite m non! Sa k te gentan la a!
41. San m wè pou ou Antwàn nan Gonmye pa wè l.
42. Selina, chache pòy ou.
43. Semèn sa a m okipe anpil; mwen pa gen tan menm.
44. Sou koulè lanmè Aken, ou wè l sale toutbon.
45. Te kwè m ba ou youn deja!
46. Tout sik tounen sèl.
47. Timoun fwonte al pouse bab nan simityè.
48. Tyoule w non! Ou pa wè w ap monte sou moun!
49. Y ap manje kounyeya.
50. Yo di militon desann lèzòm.

(E. W. Vedrine)





Repons sou sijè sa: