"...epi wè si yo envite n patisipe " ???


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: "...epi wè si yo envite n patisipe " ??? Editè Fowòm lan te ekri a,

Emmanuel Vedrine afiche mesaj sa, jou 18 Mas 2001 a 14:24:08:


Monchè Guy, mwen kontan konpòtman w etan yon "bonjan Ayisyen" k ap fè yon travay valab nan dyaspora a, non sèlman pou eseye "demistifye yon seri koze" men pou tou avansman peyi Ayiti. E se ak anpil "disiplin" ou fè sa tou (pandan m ap suiv de prè travay ou depi 1998 nan "Windows On Haiti").

'Disiplin' se yon koze enpòtan nan tout sa n ap fè e kòm mwen mansyone deja, "sajès" se youn nan "mo kle" nou bezwen. Kèlkeswa moun "sivilize" ki li mesaj Hugues St. Fort la, y ap klase l imedyatman nan ran moun "gwo soulye". Premyèman, mwen konprann bi "fowòm lib" ou tabli a men mwen pa kwè kanmarad Guy Antoine tabli yon 'fowòm lib' kote pou moun vin manke lòt dega (sitou lè yo pa konn kilès ki kilès, lè yo pa konn pye ak tèt yon koze). Mwen pa kwè se Hugues St. Fort ki ta vin di m kilès Michel Degraff ye e ki travay l ap fè an lengwitik (depi 1990), ni tou mwen pa kwè St. Fort janm li ou ap jann rive li kontni "C.V Emmanuel W. Vedrine" nonplis. Li pa enpòtan nonplis pou m ta di l kilès mwen ye, ni detay sou tout bousdetid mwen te genyen nan "gran inivèsite Boston yo" (enkli vwayaj rechèch mwen an Ewòp / Amerik) plis lòt inivèsite amerikèn pou rechèch ak Etid Avanse an lengwistik.

"Deba" pa egal "batay", "Deba" pa egal "manke dega" jan n abitwe wè l nan milye ayisyen anpil fwa (byenke gen "ti plezi" nou ka wè youn pran ak lòt men ofon, nou chak respekte travay lòt e li nòmal pou swa mwen, swa DeGraff di l 'pa dakò' sou tèl bagay (osilontan nou vin ak "agiman solid" pou kore pozisyon nou).

Men ki pwodiksyon Hugues St. Fort an / sou lang kreyòl la depi apre prezantasyon tèz li an 1982 ("La Création Lexicale En Créole Haïtien") nan peyi Lafrans? Plis kèk ti grenn atik li k pase nan kèk jounal ayisyen kouwè "Remarque à propos de 'La Créologie haïtienne' de Mme Marie-Thérèse Archer". (Haiti Observateur, 24 fév - 3 mars 1989)… ak yon rezime l fè sou yon sou yon rankont Etid Kreyòl (re : Université Aix-en-Provence) li pibliye nan revi "Haitiens d'Aujourd'hui".

Mwen kwè l ta pi enpòtan pou St. Fort vin reyetidye le ngwistik nan 'gran inivèsite Boston yo' (lakay Vedrine e kote Vedrine te etidye lengwistik ak kèk meyè pwofesè nan lemonn e travay nan domèn rechèch tou, devlope zouti pou ede met kreyòl nan yon nivo "lang entènasyonal"). E m ap di l yon verite pou listwa: jouk jou Hugues St. Fort mouri, li pa p jann gen chans rive atenn nivo Vedrine oswa DeGraff. Mwen swete l bòn chans ak ti kou fransè l ap anseye nan ti "community college" kote l ye a.


E. W. Vedrine



Repons sou sijè sa: