An repons a: "...epi wè si yo envite n patisipe " ??? Emmanuel Vedrine te ekri a,
Hugues St. Fort afiche mesaj sa, jou 18 Mas 2001 a 17:58:16:
Li kl'e pou nenp'ot moun ki li mesaj Vedrine voye ban mwen an sou "Windows on Haiti", jou 18 mas 2001 a 14:24: 08, se batay l ap ch'eche, se joure li bezwen joure. Men m ap di byen f'o: se pa sa m ap ch'eche. Mwen pa vin batay ak Emmanuel Vedrine(EV). Mwen pa bezwen reponn li l'e li trete mwen "gwo soulye".M ap raple EV rezon ki f'e mwen te voye mesaj mwen te voye ba li a: EV te mete an dout kapasite "syantis" Michel DeGraff(MD)k'om lengwis. Mwen te pote yon presizyon sou sa, kote, an tan ke lengwis mwen menm(apre tou, mwen gen yon doktora an "Sorbonne"), mwen te di ki kokennchenn lengwis MD ye. L'e mwen te mande EV pou li ale aprann lengwistik, se pa joure mwen t ap ch'eche joure li. An tan ke lengwis ki li kek bagay EV ap f'e sikile sou "Internet", li kl'e pou mwen EV pa genyen yon f'omasyon lengwistik, keseswa an fonoloji, an sentaks, an m'ofoloji, an sosyolengwistik, an semantik...Mwen pa kw'e se manke dega si mwen te di verite sa a, e EV ta dwe adm'et sa tou. Mwen kw'e genyen yon diferans en'om ant yon amat'e aktivis (sa a se EV)e yon moun ki resevwa yon f'omasyon an lengwistik e ki okouran de evolisyon syans lengwistik la. Si EV pa vle adm'et sa, se domaj. Si li ofiske deske mwen mete verite sa a dey'o, se pa joure pou li vin joure mwen; se pou li f'e fas a yon verite. Nan pwen wont lan sa, ou pa konn lengwistik vre, se vre ou genyen bon entansyon, se vre ou vle defann lang krey'ol la a tout f'os ou, men ou limite anpil paske ou pa te resevwa yon f'omasyon an lengwistik malgre tout bagay w ap di, "...kote Vedrine te etidye lengwistik ak k'ek mey'e pwofes'e nan lemonn".
M ap repete ank'o: se pa joure m ap joure ou, Monsieur Vedrine. M ap di yon verite. Si yon moun pa te resevwa yon f'omasyon an lengwistik e si yon lengwis, dapre sa li w'e moun sa a ekri sou kesyon lengwistik, di sa, mwen pa kw'e se joure sa ye. Si ou pran li konsa, mwen dezole, men se pa joure mwen te anvi joure ou.
Mwen w'e EV ap suiv sa mwen f'e depi lontan piske li konnen mwen te defann yon t'ez doktora an lengwistik lan iniv'es ite Sorbonne( li menm site tit t'ez doktora mwen an). Men, Monsieur Vedrine, ou ta kapab di tou ke l'e mwen te pale de rankont Etid krey'ol la ki te f'et lan "Universite Aix-en-Provence" an 1999, se paske mwen te prezante lan "colloque" sa a, yon rech'ech anpirik sou fenom'em "alternances codiques en creole haitien".
Monsieur Vedrine, si ou te konnen jan mwen te ri ou l'e mwen te li mesaj ou a. Ou mande m pou m al reyetidye lengwistik nan "gran iniv'esite Boston yo". Mwen pa bezwen al reyetidye lengwistik piske mwen te deja resevwa yon f'omasyon solid an lengwistiklan iniv'esite Besancon, lan iniv'esite Censier, e lan iniv'esite Rene Descartes. Sa mwen toujou kontinye f'e, se mete mwen "au jour", , se kontinye suiv evolisyon syans lengwistik la, lan preske tout "subdivision" li, sof pet'et lan d'enye devlopman teyori fonolojik (optimality theory). Men, mwen pwom'et t'et mwen m ap mete mwen ajou sou teyori sa a pandan ete a.
Monsieur Vedrine, fraz ki f'e m pi ri, se l'e ou di:"jouk jou Hugues St.Fort mouri, li p ap janm gen chans rive atenn nivo Vedrine oswa DeGraff". Sa se rezonnman ti moun piti, Monsieur Vedrine. Mwen pa bezwen reponn sou sa. S'el bagay mwen ta di, se kontradiksyon ki genyen lan rezonnman sa a, piske la a, EV ap konpare li av'ek MD, e menm EV te mete an dout kapasite "syantis" MD k'om lengwis, kapasite MD pou li pale krey'ol,...
Anvan mwen ale, m ap repete ank'o: mwen pa vle antre lan joure av'ek EV. Mwen te ekri sa a pou mwen te f'e yon ti "mise au point". Mwen fin f'e li. Mwen fini. Mwen pa vin joure ak yon konpatriy'ot sou Internet. Apre tou, mwen gen bagay pi serye pou mwen f'e. Bonsoir!
Hugues St. Fort