Ann metrize ekriti kreyòl la!


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Ann metrize ekriti kreyòl la! Emmanuel Vedrine te ekri a,

Nikola Andre afiche mesaj sa, jou 19 Mas 2001 a 14:06:19:

Pou nimewo 1 an, sou afè EKZÈSIS la, mwen deja di sa : se yon remak sou fason moun di mo a.
Nan lang kreyòl la, gen yon mo EGZÈSIS nou ekri dapre sistèm son lang lan kote de konsòn vini youn apre lòt.
Premye konsòn nan fini premye silab mo a, dezyèm konsòn nan kòmanse dezyèm silab mo a. Akòz son Z reprezante (se yon konsòn ki fè kòd vokal nou vibre, lè nou di l), nou gen son G reprezante (yon lòt konsòn ki fè kòd vokal nou vibre tou).
Konfizyon sa ka bay, se nan pozisyon nou ka jwenn yon gwoup konsòn lè nou pwononse yo :

1. Lè do lang nou prèske touche palèt nou, nou gen son tankou [k] ak [g]... (son yo pwodui menm kote)
2. Gen son ko fèt kote yon ti lè jwenn chans antre brital paske kanal bouch nou fèmen men l pa fin fèmen nèt. Pami son sa yo nou jwenn [s] ak [z].

Diferans lan, se paske nan 1. [k] se yon son ki pa fè kòd vokal nou vibre (se yon konsòn soud) men [g] fè kòd vokal nou vibre (se yon konsòn sonò).

Nan 2. [s] pa fè kòd vokal nou vibre, men [z] fè kòd vokal nou vibre.
Kon sa, son [k] mache ak son [s] ki gen menm pwopriyete avè l nan yon sans : EKSETERA, EKSITE, EKSTÈMINE (ESTÈMINE)...

son [g] mache ak son [z] ki gen menm pwopriyete avè l nan yon sans :
EGZÈSIS, EGZANTE, EGZAMINE...

Tandans ki fè nou ta ekri [k] nan plas [g] soti nan sa nou konnen an franse ak lèt ki genyen nan alfabè franse nou aprann pwononse [iks] (x).
Nou pa dwe bliye menm lèt franse sa a (x) gen de fason yo pwononse l an franse. Sa depann de nan mo li ye a. Kon sa, mo franse « EXERCER » yo pwononse [egzεrse] make diferans menm lèt x sa a bay nan mo franse « EXPERT » [ekspεr]. Dayè, prensip jeneral la nan sistèm son lang franse se x = [gz] devan yon vwayèl, epi [ks] devan yon konsòn. Menm an franse, yo pa janm marye son [k] ak [z] youn ak lòt. [kz] pa yon gwoup son nou ka rankontre fasil.
An kreyòl maryaj sa a pa EGZISTE ditou.

Pou nimewo 2. a, nou ka konprann konbinezon plizyè mo pou fòme mo nouvo, se aktivite nou ka etidye nan mòfosentaks. Mwen senplifye tèm nan nan nimewo 3, pou m d i se pwoblèm sentaks.
Lè nou pran kout ak yon seri mo ki suiv li, nou ka wè se menm prensip sentaksik la ki kòmande plasman mo sa yo youn ak lòt (kout se konbinezon franse coup+de ki fòme yo lòt mo an kreyòl. Franse konn pwononse [kut]).
Menm prensip ki gouvenè « Chofè a fè yon KOUT VOLAN adwat », se li ki gouvène « misye ban m plizyè KOUT PYE ».

Se yon etid sou sentaks ki montre nan plas VOLAN, nou ka gen yon pakèt lòt mo nou mete pou n eksprime lòt lide :

KOUT PYE

VOLAN
BATON
KOUD
PòT
JE
LANG
LAJAN
VOLAN
eksetera era.

Fòm ta ekri tout an yon mo, si pou m ta suiv prensip koutje, koutpye ak lòt ankò.




Repons sou sijè sa: