An repons a: Ann metrize ekriti kreyòl la! Hugues St.Fort te ekri a,
Gifrants afiche mesaj sa, jou 19 Mas 2001 a 20:09:36:
Zanmi Kreyolis yo,Pozisyon we se yon pozisyon ki trè delika. Li delika nan sa mwen pa konnen syantifikman nan zafè lengwistik, e li delika tou lè mwen konstate ak ki agiman fawouch k-ap prezante fas a yon travay de bòn fwa yon nonm ap fè.
Nan zafè sentaks la, m-ap gade an angle, lè yon
1) Angle ap pale
2) Ameriken ap pale
3) Bahameyen ap pale
4) Djomeken ap pale
5) Australyen ap pale
6) Sid Afriken ap paleSe pa yonn ni de mo ki pa sonnen menm jan nan kòt vokal moun sa yo, e poutan se angle y-ap pale.
Silèvrè nout tout se Ayisyen nou ye, fòk nou pa blye tou ke grangranpapa soti nan diferan peyi e tribi nan Lafrik ki kòz deja ke gen de son k-ap pwal chanje nan gòjèt yo.
Pouki moun Jeremi pa di “nwaye” olye de “neye’?
Pouki gen moun Okap ki di “ Frè an-we” olye de “Frè mwen”?
Pouki lè nou di “siyo”, nou ekri “siyo” olye de “siño” paske Ayisyen ki ale lekòl la li pa di “siyal” li di “siñal”?Kreyòl n-ap pwononse a se yon kreyòl fransize pou nèg ki pase lekòl, men kreyòl abitan oubyen peyizan nan Dizyèm sèksyon Belle Anse pa finn itilize tout sentaks n-ap pale yo.
Mwen pa nan pozisyon pou-m di Vedrine fè fot, men m-ap mande tou senpleman èske nèg save yo pa finn mande anrage pou yo aplike gòjèt blan sou tout Ayisyen?Fè genyen yon “comnmon ground”. Se byen malere ke tout moun k-ap pale yo pa peyizan ni abitan, paske bon kreyòl la chita sou pwent lang yo, e sa ki pi grav la, gen anpil bagay n ap di la si nou ka va plonje dèyè a nan Douzyèm seksyon “Zanfan oublye” , nou ka bezwen yon “translator” pou innde nou kominike.