Go`je`t lojik ak "common ground" nan o`tograf kreyo`l


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Michel DeGraff afiche mesaj sa, jou 19 Mas 2001 a 22:26:55:

Gifrants mande "si ne`g save yo pa finn mande
anrage pou yo aplike go`je`t blan sou tout
Ayisyen". Gifrants mande tou pou nou chache yon
"common ground" nan diskisyon n ap fe` sou
kreyo`l.

Mezanmi, Sonje youn nan pawol` Vedrine yo ki te
fe` m antre nan deba sou REKA ak sou Fowo`m
Kreyo`l. Nan yon mesaj ki te rele "Senplifye
kreyo`l la le` n ap ekri", Vedrine te di se`ten
"swedizan lengwis" fe` ere` paske y ap se`vi ak
prepozisyon _d(e)_ le` y ap ekri kreyo`l.

Annou kite lengwistik pou yon ti moman. Annou
mande ki "common ground" deklarasyon sa gen ladan
l? Annou mande tou: Ki "go`je`t" Vedine ap eseye
aplike sou se`ten "swedizan lengwis" ak kreyo`l yo
pale a?

Selon sa Vedrine te ekri:

"Li pa nesese` pou n ekri tras prepozisyon franse`
a an kreyo`l".

Pou Vedrine, _d(e)_ se yon "tras prepozisyon
franse". Se pou sa nou pa dwe ekri _Peyi d Ayiti_,
men fo`k nou ekri _Peyi Ayiti_. Selon Vedrine,
le` n ap ekri kreyo`l selon "grame` senplifye" li
a, fo`k nou pa se`vi ak "tras prepozisyon franse"
tankou "d(e)". Moun ki se`vi ak "d(e)" se moun
kankou DeGraff ki (selon Vedrine) pa konn ekri
lang mate`ne`l li epi k ap suiv sa Vedrine te rele
"Teyori D-grenn senk".

Vedrine te ESEYE bay yon lo`t "go`je`t" demagoji
le` li te ekri:

"Pwoble`m nan se`ke 'swedizan lengwis' nou yo ki
di yo espesyalize nan 'Etid Kreyo`l' pa ekri an
kreyo`l men yo ekri pito sou kreyo`l (plis nan
lang angle`, franse`)"

Mwen-menm ansanm ak Nikola Andre, nou te bay yon
seri agiman LENGWISTIK kote mwen te montre _d(e)_
byen chita nan grame` kreyo`l ayisiyen (menm si
Vedrine di li pa egziste nan Grame` Kreyo`l
Senpliyfe Vedrine).

Vedrine pa t bay okenn repons LENGWISTIK sou sa,
men kanmenm li te rele "teyori" m lan, yon "Teyori
D-grenn senk" --- yon lo`t kout "goje`t"?

Ko`m Vedrine pa fe` lengwistik, ko`m li pa gen
okenn teyori lengwistik, sa mwen fe`, m al fe` yon
ti enspeksyon nan sa Vedrine ekri pou m eseye
devinen ak ki "te yori lengwistik" Vedrine se`vi
(si le` se`vi ak lengwistik tout bon). Ebyen, sa
mwen we`?

E`ske nou kwe` Vedrine (ko`m gwo "lengwis aplike"
ki konn ekri lang mate`ne`l li fen?) ta se`vi ak "tras
prepozisyon franse" _de_? Selon sa Vedrine ekri,
li pa ta gen dwa se`vi ak "Teyori D-grenn senk"
DeGraff la? Selon sa Vedrine ekri, fo`k Vedrine
li-menm pa ta JANM se`vi ak "de" ("tras
prepozisyon franse") le` l ap ekri kreyo`l selon
re`g "grame senplifye Vedrine"? Ebyen pa gen sa
pye`s! Vedrine kontinye ap bay te`t li "go`je`t"
te`t kale.

Sa vle di Vedrine li-menm pa fouti obeyi pwo`p re`g
"grame` senplifye Vedrine". Nan yon grenn mesaj
Vedrine, mwen jwenn 11 fraz kote Vedrine se`vi ak
"tras prepozisyon franse" _de_. Men fraz sa yo.
Mwen mete "tras prepozisyon franse" an majiskil
pou nou we` li byen --- "tras franse" sa yo soti
anba pwo`p plim Vedrine.

Tout fraz sa yo soti nan yon mesaj Vedrine fe`k
voye sou Fowo`m Kreyo`l (16 mas 2001) ki rele:
Rezime *Dictionary Of Haitian Creole Bibliography*
( /bbs/messages/1337.html )

Men yo:

1. sa depan DE anseyan an tou

2. sa k fe` pati DE pwo`p kilti yo

3. m te DE pasaj Ayiti

4. yo sousye anpil DE sa

5. pou te okouran DE yon te`l reche`ch

6. tre` diferan DE pa m nan

7. Pwove`b fe` pati DE "literati oral la"

8. yo kapab fe` pati DE yon 'corpus'

9. sa k fe` pati DE "itilizasyon lang lan nan
sosyete"

10. anpil moun ta pale DE "lengwistik aplike"

11. Chapit sa a klase DE "A - Z" tout peryodik ki
resanse piblikasyon sou kreyo`l ayisyen

Si nou gen chans, Vedrine a esplike nou ki "teyori
lengwistik" l ap "aplike" kounyen an ki pe`me`t li
se`vi ak "de" te`t kale nan (nouvo?) "grame`
senplifye" li a. Ko`m Vedrine di li se yon
"lengwis aplike" epi ko`m Vedrine di Saussure se
te yon "lengwis aplike" tou (mwen pa konn sa a!),
pete`t Vedrine a se`vi ak teyori Saussure yo pou
li esplike nou (nouvo?) "grame` senplifye" li a.

Sonje Vedrine te di konsa le` moun se`vi ak eleman
_d(e)_ se "pou fe` plis foklo`...". Vedrine te di
tou "pwoble`m sa a ta plis soti nan yon seri ze`v
ki t ap tradui DE franse` a kreyo`l". Ata nan
fraz sa a, nou jwenn yon lo`t "tras franse" _de_.

Pete`t "rezime" Vedrine la se yon rezime _foklo`_
ousnon Vedrine te ekri li an franse anvan li te
tradui li an kreyo`l ousnon Vedrine se yon
"swedizan lengwis"? Pete`t?

Men se posib Vedrine gen yon "teyori lengwistik"
de`nye mode`l li "aplike" kote se pa tout _de_ li
pe`sekite. Ko`m mwen se yon ti lengwis ki (selon
Vedrine) ap "aprann ekri lang mate`ne`l li", fo`k
mwen aprann "metrize ekriti kreyo`l la". Se pou
sa mwen ta renmen aprann teyori "lengwistik
aplike" Vedrine la pou mwen ka konnen kote pou m
pa se`vi ak "de" le` m ap ekri "kreyo`l
senplifye".

Antouka, selon sa mwen we` la a, se pa "go`je`t
blan" k ap trangle Vedrine, se "go`je`t" Vedrine k
ap trangle Vedrine.

"Common ground" mwen ta renmen se`vi ak li a, li
rele: LOJIK. Sa pa gen ni blan, ni nwa ladan l.
Men li mande entelijans.

-michel

____________________________
MIT Linguistics & Philosophy
77 Massachusetts Ave
Cambridge MA 02139-4307
degraff@MIT.EDU
____________________________



Repons sou sijè sa: